Jou 153 sou 365

Jòb 25–30

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Jòb 25

1Bildad, moun lavil Chwa a, pran lapawòl, li di konsa: 2-Bondye se chèf. Li fè tout moun respekte l'. Li fè tout moun nan peyi ki nan syèl la viv ak kè poze. 3Ki moun ki ka konte kantite zanj k'ap sèvi l'? Pa gen kote limyè Bondye a pa klere. 4Atò, moun ka konprann yo gen rezon devan Bondye? Pitit fanm pouse met atè ka san repwòch devan li? 5Nan je Bondye, menm lalin lan pa klere ase. Pa gen yonn nan zetwal yo ki bon nèt pou li. 6Ale wè pou moun, yon vètè, yon ti krebete! Kisa yo vo nan je Bondye?

Jòb 26

1Jòb pran lapawòl ankò, li di l' konsa: 2-Ou gen tan konn konsole moun ki nan lafliksyon! Ou gen tan konn lonje men bay moun ki san fòs! 3Ala bon konsèy ou bay moun ki san konprann lan! Ou gen tan gen anpil konesans nan ou! 4Men, pou ki moun tout bèl diskou sa yo? Ki moun ki mete pawòl sa yo nan bouch ou? 5Bildad pran lapawòl ankò li di: -Nanm moun mouri k'ap viv nan fon lanmè a ap tranble anba tè a. 6Peyi kote mò yo ye a louvri aklè devan je Bondye. Pa gen anyen ki pou anpeche Bondye wè sa k'ap pase ladan l'. 7Se li menm ki louvri syèl ki sou bò nò a anlè, san anyen pou soutni l'. Li pandye tè a ankò san anyen pou kenbe l'. 8Se li menm ki plen nwaj yo dlo. Se li menm ki pa kite pèz dlo a pete nwaj yo. 9Se li menm ki kache lalin plenn lan dèyè yon nwaj. 10Se li menm ki trase yon wonn sou lanmè a, li separe limyè ak fènwa. 11Lè li bay poto ki soutni syèl la yon prigad, yo sezi, yo pran tranble sitèlman yo pè. 12Avèk fòs ponyèt li, li fè lanmè a vin dou devan li. Avèk ladrès li, li kraze Raab, gwo bèt lèd la. 13Avèk souf li, li fè syèl la vin klè. Avèk men li, li touye gwo koulèv ki t'ap kouri chape a. 14Sa se yon ti kal nan tou sa li fè. Se sa ase ki resi rive nan zòrèy nou! Men, ki moun ki ka konnen tou sa Bondye fè?

Jòb 27

1Jòb pran lapawòl ankò pou l' bay rès repons li a. Li di konsa: 2-Mwen fè sèman, mwen pran Bondye vivan an pou temwen, Bondye ki gen tout pouvwa a, li menm ki refize rann mwen jistis la, li menm ki ban m' degoutans ak lavi a, 3toutotan mwen poko mouri, toutotan Bondye ban m' yon ti souf toujou, 4mwen p'ap janm kite ankenn move pawòl soti nan bouch mwen, ni m' p'ap janm bay ankenn manti. 5Pa janm konprann m'ap ban nou rezon! M'ap kenbe ak nou mwen inonsan jouk mwen rann dènye souf mwen. 6Mwen soti pou m' defann kòz mwen. Mwen p'ap fè bak. Konsyans mwen pa repwoche m' anyen. M' pa gen anyen ki pou fè m' wont. 7Se pou tout moun ki pa vle wè m' yo sibi menm sò ak mechan yo. Se pou lènmi m' yo gen menm sò ak moun ki pa mache dwat yo. 8Ki espwa ki gen pou mechan an lè Bondye rele l', lè li pral pran nanm li? 9Lè malè ap tonbe sou mechan an, èske Bondye ap tande rèl li yo? 10Li pa t' janm pran plezi l' nan fè volonte Bondye. Li pa t' lapriyè Bondye tout tan. 11Kite m' moutre nou jan Bondye konnen sa l'ap fè. Mwen p'ap kache di nou sa ki nan tèt Bondye ki gen tout pouvwa a. 12Sa m'ap di la a? Nou wè tou sa ak je nou byen pwòp tou. Poukisa atò tout pale anpil sa a ki pa vle di anyen? 13Lè sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl. Epi li di: -Men kisa Bondye pare pou mechan yo. Men sa li sere pou chèf k'ap peze pèp la. 14Yo te mèt gen anpil pitit gason, yo tout ap mouri nan lagè. Pitit yo p'ap janm gen kont manje pou yo manje. 15Sa ki chape nan lagè, move maladi ap pote yo ale. Ata vèv yo p'ap ka rele pou yo jou lanmò yo. 16Mechan an te mèt anpile lajan kou l' pa konnen, li te mèt gen rad depase sa l' bezwen, 17se moun dwat yo ki va mete rad yo, se pou moun inonsan yo lajan an va rete. 18Kay li bati tankou twal anasi, tankou yon ti kay jaden. 19Nan aswè, li moute kabann li rich. Lè li leve, li pa jwenn anyen. 20Malè tonbe sou li tankou lavalas k'ap desann. Yon sèl nwit lan, yon gwo van pote l' ale. 21Yon van lès leve, li pote l' ale. Li rache l' nan kay kote l' ye a. 22Van an ap vante sou li san pitye. Li menm l'ap fè sa li kapab pou l' chape anba l'. 23Moun kontan wè jan li fini. Kote l' pase, y'ap rele chalbari dèyè l'.

Jòb 28

1Gen mi n anba tè kote yo jwenn ajan. Gen kote se la yo netwaye lò. 2Yo fouye tè pou jwenn fè. Yo fonn wòch pou jwenn kwiv. 3Yo desann ak limyè anba tè, kote ki fè nwa anpil, yo fouye byen fon nan vant latè, mezi yo kapab. Y' al chache wòch ki kache kote ki fè nwa anpil la. 4Byen lwen, kote moun pa ka rete, kote moun pa janm mete pye yo, moun ap fouye gwo koridò anba tè. Y'ap travay pou kont yo, ak yon kòd pase nan ren yo, y'ap balanse nan twou yo. 5Manje soti nan tè. Men, nan zantray latè a dife fin debòde. 6Wòch latè a gen bèl pyè safi ladan l'. Nan pousyè a yo jwenn ti grenn lò. 7Koukou pa janm konnen chemen pou ale la. Karanklou pa janm wè kote sa a ak je l'. 8Ni lyon, ni ankenn lòt bèt nan bwa, pa janm mete pye yo la. 9Yo fouye nan wòch dife. Yo fè gwo twou byen fon nan pye mòn yo. 10Yo fè gwo koridò byen long nan wòch yo. Yo jwenn tout kalite bèl pyè bijou ki koute chè. 11Yo fouye nan sous tèt dlo yo tou. Yo mete deyò tou sa ki te kache. 12Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm? 13Lèzòm pa konnen sa pou yo fè pou yo mete men sou li. Yo pa jwenn li ankenn kote sou latè. 14Fon lanmè a deklare li pa gen bagay konsa. Lanmè a deklare bon konprann pa lakay li. 15Ou te mèt gen lò, ou pa ka achte l'. Ou pa ka bay lajan pou ou genyen l'. 16Li gen plis valè pase lò peyi Ofi a. Bèl pyè oniks ak safi pa ka parèt la. 17Yo pa ka konpare l' ni ak lò ni ak bèl kristal. Yo pa ka boukante l' pou yon bèl veso fèt an lò. 18Pou grenn koray ak wòch kristal menm, yo pa ka parèt la. Pito ou al dèyè bon konprann pase ou ale dèyè bèl pyè lanbi. 19Topaz peyi Letiopi pa vo anyen devan l'. Pi bon lò a pa ka konpare ak bon konprann. 20Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm? 21Pa gen moun, pa gen bèt ki ka wè l', pa menm zwazo k'ap vole nan syèl la. 22Ata lanmò ak simityè di se tande yo tande nonmen non l'. 23Se Bondye ase ki konn chemen an. Se li ase ki konnen kote li rete. 24Paske Bondye wè dènye bout latè. Li voye je l', li gade tou sa ki anba syèl la. 25Lè Bondye t'ap bay van yo pèz yo, lè li t'ap bay dlo lanmè a mezi kote pou l' rive a, 26lè li t'ap bay lòd kote pou lapli tonbe ak chemen pou loraj yo pran lè y'ap gwonde, 27se lè sa a li te wè bon konprann, li wè sa li vo. Li egzaminen l' byen egzaminen, li sonde l' byen sonde. 28Apre sa, Bondye di moun konsa: -Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri.

Jòb 29

1Jòb tanmen pale ankò, li di: 2-Ki moun ki va fè m' viv tan lontan an, lè Bondye t'ap voye je sou mwen an? 3Lè sa a, Bondye te toujou la avèk mwen. Limyè li te klere anwo tèt mwen, li t'ap moutre m' kote pou m' mete pye m' nan fènwa a. 4Nan tan sa a, tout zafè m' t'ap mache byen. Bondye te zanmi m'. Li t'ap pwoteje kay mwen. 5Bondye ki gen tout pouvwa a te toujou la avèk mwen. Mwen t'ap viv nan mitan tout pitit gason m' yo. 6Bèf ak kabrit mwen yo te konn bay anpil lèt. Pye oliv mwen yo te donnen menm nan tè wòch. 7Lè mwen parèt pòtay lavil la, lè mwen pran plas mwen nan mitan chèf fanmi yo, 8wè yo wè m', jenn gason yo mete kò yo sou kote, granmoun yo leve kanpe pa respè pou mwen. 9Notab yo sispann pale, yo fèmen bouch yo. 10Ata chèf yo pa ka pale ankò! Lang yo vin lou nan bouch yo. 11Tout moun ki te wè m' t'ap mache fè lwanj mwen, tout moun ki te tande m' te kontan avè m'. 12Mwen lonje men bay pòv malere ki nan ka ansanm ak timoun san papa ki san sekou. 13Moun ki te nan pi gwo mizè t'ap fè lwanj mwen. Mwen te fè kè vèv yo kontan. 14Mwen te toujou fè sa ki dwat. Mwen pa t' janm nan patipri. 15Se mwen ki te wè pou avèg yo. Se mwen ki te mache pou kokobe yo. 16Mwen te yon papa pou pòv malere yo. Mwen te kanpe pou defann kòz etranje yo. 17Mwen te kraze pouvwa malveyan yo. Mwen sove moun ki te anba men yo. 18Mwen t'ap di nan kè m': M'a viv kont viv mwen. M'a mouri sou kabann mwen ak kè poze. 19Mwen te tankou yon pyebwa plante bò larivyè. Sou tout branch li yo se lawouze. 20Moun pa ta janm sispann fè lwanj mwen. Mwen t'ap toujou gen tout fòs mwen sou mwen. 21Lè m'ap pale, tout moun fèmen bouch yo. Yo louvri zòrèy yo, y'ap tann konsa konsèy m'ap bay. 22Pawòl mwen tonbe nan kè yo tankou grenn lapli. Lè m' fin pale, pesonn pa gen anyen pou di ankò. 23Yo t'ap tann mwen pale tankou tè sèk k'ap tann lapli. Yo rete bouch louvri pou ranmase sa m'ap di. 24Lè yo dekouraje, mwen fè yon ti ri ak yo. Sa te kont pou remoute kouraj yo. 25Mwen te kanpe alatèt yo. Mwen mennen yo tankou yon wa k'ap mennen sòlda li yo. Mwen di yo sa pou yo fè. Mwen te ba yo kouraj lè yo nan lafliksyon.

Jòb 30

1Men koulye a, moun ki pi jenn pase m' yo ap pase m' nan rizib. Papa yo se moun mwen pa t' pran pou anyen, moun mwen pa ta menm mete ak chen m' pou gade mouton. 2Epitou, yo te twò fèb pou fè anyen pou mwen. Se te yon bann gason san kouraj. 3Mizè ak grangou te fini ak yo. Lannwit se grenn bwa yo te konn al souse nan savann kote moun pa rete. 4Yo pran fèy raje pou yo manje. Ata rasin bayawonn pase. 5Kote yo pase moun mete yo deyò, yo rele bare dèyè yo tankou vòlè. 6Yo te blije al rete nan twou wòch, nan twou tè sou bò ravin yo. 7Y'ap rele tankou bèt mawon nan raje a. Yo fè pil sou pil nan savann lan. 8Se te yon bann sanzave ki pa t' menm gen non. Yo te mete yo deyò nan peyi a. 9Koulye a, y'ap fè chante sou mwen. Y'ap bay istwa sou do m'. 10Yo pè pwoche bò kote m' pou m' pa sal yo. Yo menm krache nan figi m'. 11Paske Bondye kraze kouraj mwen, li lage m' atè, kifè, mapou tonbe, kabrit manje fèy li. 12Bann moun sa yo leve dèyè m', y'ap fè m' kouri. Yo lage dèyè m' pou yo pran m'. 13Yo sènen m' toupatou pou yo ka fini avè m'. Pa gen pesonn pou di yo pa fè sa. 14Yo pase nan fant barikad, yo tonbe sou mwen. Yo pilonnen m' anba pye yo. 15Yon sèl latranblad pran mwen. Tankou yon kout van li kraze kouraj mwen. Tankou yon nwaj k'ap pase, tout byen m' yo disparèt. 16Koulye a, mwen prèt pou m' mouri. Lafliksyon ap fini avè m'. 17Lannwit, tout zo nan kò m' ap fè m' mal. Doulè ap manje m' anndan san rete. 18Bondye ponyen m' nan kòlèt, l'ap chifonnen tout rad sou mwen. 19Li voye m' jete nan labou. Mwen pa pi bon pase pousyè tè ak sann dife. 20Mwen rele nan pye ou, Bondye! Ou pa reponn mwen. Mwen kanpe devan ou, ou pa okipe m' menm. 21Ou pa menm moun lan ankò. W'ap malmennen m'. Ou soti pou pèsekite m' ak tout fòs ou. 22Ou fè van pote m' ale. M'ap vole tankou pay. Ou voye yon van tanpèt boulvèse m'. 23Wi, mwen konnen byen pwòp w'ap mennen m' pou m' al mouri, pou m' al sibi sò k'ap tann tout moun lan. 24Poukisa w'ap atake yon moun ki tou fin mouri, yon moun ki pa ka fè anyen ankò pase mande padon? 25Eske mwen pa t' nan lapenn ansanm ak moun ki te nan mizè? Eske kè m' pa t' fè m' mal pou moun ki pa t' gen anyen menm yo? 26Mwen t'ap tann kontantman, se malè ki vini. Mwen t'ap tann limyè, se fènwa ki kouvri m'. 27Tout zantray mwen ap bouyi san rete. Chak jou m'ap soufri pi rèd. 28M'ap mache kagou, san pesonn pou konsole m'. Mwen kanpe nan mitan tout moun, m'ap mande sekou. 29Vwa mwen tankou vwa koukou. Mwen rele tankou frize. 30Po m' vin tou nwa, l'ap dekale. Lafyèb ap manje m' nan zo. 31Lontan se mizik gita ak fif ase ki te nan zòrèy mwen. Men, koulye a, se plenn, se kriye ase m'ap tande.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain