Jou 152 sou 365

Jòb 21–24

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Jòb 21

1Lè sa a, Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa: 2-Manyè tande sa m' pral di nou la a, non! Tanpri, charite m' ti ankourajman sa a! 3Ban m' yon ti chans pou m' pale. Lè m'a fini, nou mèt pase m' nan betiz kont nou! 4Se pa avèk yon moun mwen annafè. Mwen gen rezon si m' pa ka tann ankò! 5Voye je nou gade m' byen. N'a sezi. N'a mete men nan bouch. 6Mwen menm, lè m' chonje sa ki rive m', m' pè. Tout kò m' pran tranble. 7Poukisa Bondye kite mechan yo ap viv? Li kite yo rive vye granmoun, epi tout zafè yo mache byen? 8Yo gen pitit ak pitit pitit. Yo wè yo ap grandi devan je yo. 9Bondye pa voye malè sou yo pou pini yo. Y'ap viv alèz lakay yo san ankenn danje. 10Wi, bèf yo kwaze san mank, yo fè pitit san pèdi pòte. 11Timoun yo ap kouri tankou ti mouton nan savann. Y'ap jwe, y'ap sote tankou ti kabrit. 12Y'ap chante, y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap danse pandan moun ap jwe fif pou yo. 13Jouk jou yo mouri, kè yo kontan. Yo desann nan peyi kote mò yo ye a ak kè poze. 14Se yo menm k'ap plede di Bondye: Kite n' an repo! Nou pa bezwen konnen jan ou vle pou moun viv la. 15Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ye menm pou nou sèvi l' la? Kisa sa ap rapòte nou lè nou lapriyè l'? 16Yo pretann tou sa yo genyen se kouraj yo ki ba yo l'. Yo pa t' janm mete Bondye nan koze yo. Mwen pa dakò ak jan y'ap pale a, non. 17Ou janm wè limyè mechan an mouri? Ou janm tande malè rive yo? On jan wè Bondye fè kolè pou l' pini malveyan yo, 18pou van bwote yo ale tankou zèb chèch, pou van tanpèt chase yo tankou pay pitimi? 19Yo pretann di Bondye va pini pitit pou peche papa yo! Poukisa se pa papa yo menm li pini pou yo ka pran leson? 20Se pou mechan yo te wè chatiman yo. Se yo menm ki te pou santi kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a pa dous. 21Ki mele yo sa ki rive pitit yo, lè yo fin ale, lè yo fin viv tan pou yo te viv la? 22Men, Bondye ki jije ata zanj ki nan syèl la, ki moun ki ka moutre l' sa pou li fè? 23Gen moun ki pa janm malad jouk yo mouri. Jouk jou yo antre anba tè, yo kontan, yo pa gen tèt chaje. 24Yo gra nan tout kò yo, tout zo yo plen ak mwèl. 25Yon lòt menm pa janm konnen sa ki rele kè kontan. Li pase tout lavi l' nan nesesite, li mouri nan mizè. 26Men, lè tou de mouri, yo antere yo, vèmen kouvri kadav yo menm jan. 27Men wi, mwen konnen sa ki nan tèt nou. Mwen konnen ki move lide n'ap fè sou mwen koulye a. 28N'ap mande kote kay gwo zotobre a. Sa ki rive kay nèg ki te konn fè sa ki mal la. 29Kouman? Nou pa pale ak moun ki vwayaje? Nou pa konn ki nouvèl y'ap bay? 30Jou Bondye ankòlè, lè l'ap pini an, se toujou mechan yo ki resi chape kò yo! 31Men, ki moun ki ka kanpe devan yo pou akize yo? Ki moun ki ka fè yo peye sa yo fè a? 32Yo fè bèl lantèman pou yo. Yo mete moun veye tonm yo. 33Foul moun ap swiv sèkèy yo, yon pati moun devan, yon pati moun dèyè. Menm tè a chita dous sou kadav yo. 34Lèfini, n'ap chache konsole m' ak yon bann pawòl san sans. Tou sa n'ap reponn mwen la a se manti.

Jòb 22

1Lè sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl. Li di konsa: 2-Eske yon moun ka itil Bondye? Non! Ata moun ki gen bon konprann yo, se tèt yo ase yo itil. 3Lè ou fè sa ki byen, ki enterè Bondye ki gen tout pouvwa a jwenn nan sa? Sa sa rapòte l' lè ou mennen bak ou dwat? 4Eske se paske ou gen krentif pou Bondye kifè l'ap rale zòrèy ou konsa, kifè l'ap trennen ou nan tribinal li? 5Non. Se paske ou fè anpil peche. Se paske ou te san limit nan fè mechanste. 6Ou fè frè ou ba ou garanti pou lajan li pa t' dwe ou. Ou pran ata rad ki sou li, ou kite l' toutouni. 7Ou refize bay moun ki te swaf yo ti gout dlo. Ou refize bay moun ki te grangou yo moso pen. 8Ou pwofite fòs ou ak pozisyon ou pou pran tout peyi a pou ou. 9Ou refize lonje men ou bay vèv yo. Ou maltrete timoun ki san papa yo. 10Se poutèt sa, kote ou rive se pèlen yo pare pou ou. Ou rete konsa, kè ou kase. 11Sitèlman fè nwa, ou pa ka wè. Ou nan dlo jouk nan kou! 12Eske se pa anwo nèt nan syèl la Bondye rete? Se anba pou li voye je l' pou l' ka wè zetwal yo. 13Ou konn sa, epi w'ap di: Sa Bondye ka konnen? Li kache dèyè nwaj yo, ki jan pou l' jije sa k'ap pase sou latè? 14Nwaj yo twò pwès, li pa ka wè. Se sou fetay syèl la l'ap mache. 15Ou vle mache pye pou pye dèyè mechan yo, nan move chemen yo te toujou pran depi lontan an! 16Yo mouri anvan lè yo tou. Yo tankou lavalas: anvan ou bat je ou, yo pase. 17Yo menm tou yo t'ap di Bondye: Wete kò ou sou nou! Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ka fè nou? 18Atò, se Bondye menm ki te plen kay yo ak richès. Mwen pa janm konprann ki jan mechan yo ka fè di sa. 19Men, lè y'ap pini mechan yo, moun ki mache dwat yo va kontan, inonsan yo va pase yo nan rizib. 20Gade jan grannèg yo fini non! Dife boule tou sa yo te genyen. 21Jòb monchè, byen ak Bondye ankò, tande! Sispann chache l' kont! 22Koute pawòl li t'ap di ou yo. Kenbe yo nan kè ou. 23Wi, tounen vin jwenn li, san lògèy nan kè ou. Sispann fè sa ki mal lakay ou. 24Voye tout lò ou jete nan fatra. Pi bon pyès lò ou yo, jete yo nan galèt larivyè. 25Se Bondye ki gen tout pouvwa a ki va tout lò ou. Se li menm ki va gwo pil lajan byen wo pou ou. 26Paske, lè sa a, se nan Bondye ki gen tout pouvwa a w'a jwenn tout plezi ou. Se sou Bondye w'a toujou gade. 27Lè w'a lapriyè nan pye l', l'a reponn ou. W'a kenbe tout pwomès ou fè l' yo. 28Tout zafè ou va mache byen. Limyè va klere byen bèl sou tout wout ou. 29Bondye kraze lògèy moun awogan. Men, li sove moun ki bese tèt devan li. 30L'ap delivre ou si ou inonsan. L'a sove ou, si ou pa janm sal men ou nan anyen.

Jòb 23

1Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa: 2-Fwa sa a ankò, m'ap kenbe tèt ak Bondye, m'ap plenyen nan pye l'. Se plenn m'ap plenn pou sa m'ap pase anba men l'. 3Si m' te ka konnen kote pou m' jwenn li, mwen ta rive kote l' ye a. 4M' ta defann kòz mwen devan li. M' ta di l' dènye sa ki nan lide m' pou defann tèt mwen. 5M' ta konnen jan l'ap reponn mwen, m' ta tande sa l'ap di m'. 6Eske Bondye tapral sèvi ak tout fòs li pou diskite avè m'? Non. Li ta rete koute m' ase. 7Li ta wè moun k'ap pale avè l' la se yon moun ki toujou mache dwat. Li menm k'ap jije m' lan, li ta rekonèt mwen inonsan. 8M' ale bò solèy leve, Bondye pa la. M' ale bò solèy kouche, mwen pa wè l' tou. 9Mwen moute nan nò al chache l', m' pa wè l'. Mwen desann nan sid, bichi! 10Men, Bondye konnen tout ti vire tounen mwen. Si li sonde m', l'a wè m' bon tankou bon lò ki pase nan dife. 11M' mache pye pou pye dèyè l'. M' swiv chemen li mete devan m' lan. M' pa janm devire ni adwat ni agoch. 12Mwen toujou fè tou sa li bay lòd fè. Mwen te fè volonte l', mwen pa fè sa m' te gen nan tèt mwen. 13Men, lè Bondye fin deside yon bagay, ki moun ki ka fè l' chanje lide? Ki moun ki ka enpoze l' fè sa li vle fè a? 14L'ap toujou fè m' sa li vle fè m' lan. Sa se yonn nan tout bagay li deside fè yo. 15Se poutèt sa, m'ap tranble devan l'. Lè m' chonje sa, mwen soti pè l'. 16Men wi, se Bondye k'ap kraze kouraj mwen. Se Bondye menm mwen soti pè. Se pa fènwa a. 17Fènwa a kache Bondye pou m' pa wè l'. L' enpoze m' santi prezans li. Se tout!

Jòb 24

1Poukisa Bondye ki gen tout pouvwa a pa fikse yon dat pou li jije tout moun, yon jou pou li rann tout moun k'ap sèvi l' yo jistis? 2Mechan yo deplase bòn tè moun. Yo vòlò mouton lòt moun, mete ansanm avèk bann mouton pa yo. 3Yo pran bourik ki pou timoun san papa yo. Yo sezi bèf vèv la jouk li resi peye dèt li. 4Yo enpoze pòv yo jwenn sa ki vin pou yo. Yo fòse tout pòv malere kouri al kache. 5Tankou bourik mawon, pòv yo soti al nan dezè a, y' al chache lavi pou pitit yo ki grangou. Pa gen lòt kote yo ka ale. 6Y'ap ranmase rekòt pou lòt moun. Y'ap keyi rezen nan jaden pou mechan yo. 7Lè yo toutouni, yo pa gen rad pou mete sou yo. Lannwit, yo pa gen anyen pou chofe kò yo lè yo frèt. 8Lapli k'ap tonbe sou mòn yo mouye yo jouk nan zo. Yo kwoupi kò yo dèyè wòch pou pare lapli. 9Mechan yo wete timoun san papa yo nan men manman yo pou fè yo tounen esklav. Yo pran rad pòv malere yo pou garanti dèt yo. 10Pòv yo menm ap mache yon men devan yon men dèyè, san rad pou mete sou yo. Y'ap mache ranmase rekòt nan jaden, men y'ap mouri grangou. 11Nan lakou mechan yo y'ap moulen grenn oliv fè lwil. Y'ap kraze rezen fè diven. Men y'ap mouri swaf dlo. 12Nan lavil yo, ou tande moun k'ap mouri yo ap plenn. Ou tande moun ki blese yo ap rele anmwe. Men, Bondye fè tankou li pa tande yo. 13Se moun sa yo ki pa vle wè limyè a. Yo derefize konprann limyè a. Yo pa vle pran chemen limyè a nan tou sa y'ap fè. 14Anvan bajou kase, ansasen an gen tan leve, pou li al touye pòv malere yo. Lannwit, se vòlò l'ap mache vòlò. 15Mouche marye k'ap fè adiltè a ap tann solèy kouche konsa. Li bouche figi l' pou pesonn pa wè l'. 16Lannwit, vòlè ap kraze kay moun. Lajounen yo kache, y'ap kouri pou solèy. 17Yo pè limyè lajounen an. Men, pa gen anyen ki pou fè yo pè nan fènwa a. 18Lè sa a, Sofa di konsa: -Men dlo desann pote mechan yo ale. Madichon Bondye tonbe sou tout tè ki pou yo. Yo pa soti al travay nan jaden rezen yo. 19Menm jan chalè fonn lanèj, lèfini tè sèk bwè dlo a, se konsa moun k'ap fè peche yo ap disparèt ale nan peyi kote mò yo ye a. 20Tout moun bliye yo. Ata manman ki fè yo pa chonje yo. Se vè k'ap manje kadav yo. Yo fini tankou yon pyebwa yo koupe jete. 21Tou sa rive konsa, paske li maltrete fanm ki pa ka fè pitit. Li san pitye pou vèv yo. 22Lè sa a, Bondye detwi gwo chèf yo ak fòs ponyèt li. Li annik parèt, mechan an konnen li mouri. 23Bondye kite l' viv alèz san pwoblèm, men, se toutan l'ap veye tou sa l'ap fè. 24Zafè mechan yo mache byen pou yon tan. Men, apre sa, yo fennen tankou zèb savann, tankou tèt ble yo koupe. 25Si se pa konsa sa ye, ki moun ki ka demanti sa m' di la a? Ki moun ki ka fè wè pawòl mwen yo pa vo anyen?

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain