Jou 151 sou 365
Jòb 17–20
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Jòb 17
1Souf mwen prèt pou koupe. Mwen pa lwen mouri. Se pou simityè ase mwen bon. 2Kote m' vire, se moun k'ap pase m' nan betiz. Vye pawòl jouman yo enpoze m' dòmi. 3Ou mèt kwè m', Bondye! Se ou menm ankò ki pou bay garanti pou mwen. M' pa gen pesonn lòt ki ka tope ak yo. 4Ou fèmen lespri yo pou yo pa konprann. Pa kite yo gen rezon sou mwen. 5Pawòl la di: Yon moun ap fè gwo fèt pou zanmi l', epi pitit li yo ap mouri grangou anndan lakay li. 6Yo fè koze sou mwen nan pèp la. Yo vin krache nan figi m'! 7Mwen sitèlman nan lapenn, m' pa ka louvri je m'. Mwen fin tounen zo ak po. Ata lonbraj mwen pa fè! 8Moun k'ap mache dwat yo sezi lè yo wè sa. Inonsan yo fin debòde sou mechan an ki vire do bay Bondye. 9Moun k'ap mennen yon vi dwat, se yo ki gen rezon. Sa ki pa mete men yo nan ankenn move zafè kanpe pi rèd sou pozisyon yo. 10Nou tout mèt vin kanpe devan m', mwen p'ap jwenn yonn ladan nou ki gen bon konprann. 11Mwen fin viv! Tout plan m' te gen nan tèt mwen kraze. Mwen pa gen ankenn espwa ankò. 12Yo pretann lannwit se lajounen. Lè fènwa, yo di limyè a pa lwen. 13Se lanmò m'ap tann. Se al kouche nan simityè ki sèl espwa m'. 14Mwen di tonm lan ou se papa m'. Mwen di vèmen ki pral manje m' yo: nou se manman m' ak sè m'. 15Kote ki gen espwa pou mwen ankò? Ki moun ki wè yon bon lavi pou mwen ankò? 16Lè m'a mouri, lè m'a fin desann nan peyi kote mò yo ye a, èske m'a ka pote espwa m' yo ansanm avè m'?
Jòb 18
1Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa: 2-Jòb monchè, ou pa ka pe bouch ou yon ti kadè? Si ou te fè yon ti sispann, nou ta pale avè ou! 3Poukisa ou pran nou pou moun san konprann? Poukisa ou pran nou pou zannimo? 4Si ou ankòlè, se pwòp tèt ou ase w'ap fè mal. Atò, poutèt ou, se pou tout moun sou latè te mouri? Se pou Bondye te deplase mòn yo pou fè ou plezi? 5Wi, y'ap touye limyè mechan an, flanm dife l' la p'ap klere ankò. 6Lanp lakay li ap mouri, limyè lakay li ap tenyen. 7Li te konn mache byen enganm, koulye a se ti pa ti pa, l'ap bite. Se plan li t'ap fè yo ki lakòz sa rive l'. 8Li pile yon pèlen, pye l' pran ladan l'. 9Kòd la mare nan je pye l', l'ap sere l' byen sere. 10Yo kache yon chita tann pou li anba tè. Yo moute yon pèlen sou wout li. 11Kote l' vire, malè ap tann li. Kote l' pase, yo la dèyè l'. 12Grangou nan kò l' fini ak kouraj li. Malè kanpe la bò kote l' ap tann li. 13Yon sèl maladi po pete sou tout kò l'. L'ap manje tout janm li ak tout bra li yo. Se tè ki pou geri l'. 14Yo rale l' mete deyò anba tant kote li te al kache a. Yo trennen l' devan jeneral Lanmò. 15Koulye a, nenpòt moun gen dwa pran kay li a pou yo. Y'ap dezenfèkte l' nèt ak souf. 16Anba tè, rasin li yo ap mouri. Anwo tè, branch li yo ap fennen. 17p'ap gen pesonn k'ap chonje l' ankò sou latè. Y'ap bliye l' nèt nan tout peyi a. 18Y'ap pouse l' soti nan limyè ale nan fènwa. Y'ap depòte l' byen lwen nan peyi san chapo. 19Li p'ap kite ni pitit, ni ankenn lòt fanmi nan mitan pèp la. Yo tout ap mouri anvan l'. 20Depi solèy leve jouk solèy kouche, tout moun pral sezi wè jan li fini. 21Wi, men sa k'ap tann lakou moun k'ap fè mechanste yo, fanmi moun ki pa respekte Bondye yo.
Jòb 19
1Jòb pran lapawòl, li di konsa: 2-Manyè sispann vire lòlòj mwen non! Manyè sispann kraze kouraj mwen ak tout pawòl sa yo? 3Tout tan n'ap plede joure m', n'ap trennen m' nan labou. Nou pa wont jan n'ap malmennen m' la a? 4Menm si mwen ta fè sa m' pa t' dwe fè, ki jan pou sa ta ka fè nou mal? 5Nou konprann nou pi bon pase m'. Nou di se paske mwen antò kifè m'ap pase tray sa a. 6Nou pa wè se Bondye k'ap manyen avè m'. Se li menm ki pran m' nan pèlen. 7Si m' rele anmwe ansasen, pesonn p'ap reponn. Si m' mande jistis, pesonn p'ap kanpe pou defann mwen. 8Bondye bare tout chemen devan mwen. M' pa ka pase. Li fè m' wè tou nwa devan mwen. 9Li fè yo ban m' move non. Li fè m' pèdi tout byen m'. 10Li minen m' tout jan. M'ap deperi. Li wete tout espwa m'. Mwen tankou yon pyebwa yo derasinen. 11Bondye ankòlè nèt sou mwen. Li konsidere m' tankou yon lènmi. 12Li voye yon bann malè sou mwen yon grenn kou, tankou yon lame k'ap atake m'. Yo rive sou mwen san m' pa wè sa. Yo sènen m' anndan lakay mwen. 13Bondye fè frè m' yo renka kò yo sou mwen. Zanmi m' yo kouri pou mwen. 14Tout fanmi mwen yo, tout bon zanmi m' yo disparèt. Moun mwen te konn resevwa lakay mwen bliye m'. 15Ata sèvant lakay mwen pa rekonèt mwen. Pou yo, yo pa janm konnen m'. 16Si mwen rele yon domestik, li pa reponn mwen. Mwen te mèt lapriyè nan pye l', li pa okipe m'. 17Madanm mwen pa ka pran sant mwen. Ata pwòp pitit mwen yo pè pwoche bò kote m'. 18Tout timoun ap pase m' nan betiz. Si m' fè yon ti kanpe, yo pase m' nan tenten. 19Pi bon zanmi m' yo ap gade m' ak degoutans. Sa m' pi renmen yo ap pale sou do m'. 20Mwen tounen zo ak po. Sa ki rete pou m' mouri a pa anyen. 21Nou se zanmi m'. Pitye pou mwen! Pitye! Se Bondye menm ki leve men sou mwen. 22Poukisa pou nou leve dèyè m' tou menm jan ak Bondye? Koulye a, nou pa pèsekite m' kont nou? 23Si sèlman te gen yon moun pou kouche pawòl mwen yo, pou ekri yo sou papye, 24pou grave yo ak sizo sou wòch plat, pou yo toujou rete make! 25Mwen menm, mwen konnen moun ki gen pou vin pran defans mwen an byen vivan. Se li menm an dènye k'ap kanpe sou latè pou pale pou mwen. 26Apre m' fin mouri, l'ap mete m' kanpe bò kote l'. M'a wè Bondye ak pwòp je m'. 27Se mwen menm menm k'ap wè l'. Se p'ap yon lòt moun! Kè m' ap fann, 28paske n'ap mande ki jan pou n' fè m' pase mizè ankò? Ki rezon n'ap jwenn nan mwen pou nou atake m'? 29Men, atansyon pou se pa sou nou nepe a tonbe, lè Bondye va soti pou pini moun ki antò yo. Lè sa a, n'a konnen gen yon moun k'ap jije tout bon.
Jòb 20
1Lè sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl, li di konsa: 2-Mwen gen yon bann lide k'ap travay nan tèt mwen. Mwen pa ka tann ankò. Se pou m' reponn ou. 3Tou sa ou di la a vekse m'. Men, mwen konnen jan pou m' reponn ou. 4Ou konnen, depi nan tan lontan, depi premye moun Bondye te mete sou tè a, 5mechan yo pa janm gen kè kontan pou lontan. Plezi moun k'ap fè mal yo se pou yon ti tan. 6Yo te mèt grandi jouk pou yo rive wotè syèl la, jouk pou tèt yo ta rive nan nwaj yo, 7y'ap rete konsa, y'ap disparèt tankou yon pil fatra yo boule. Moun ki te konnen yo va mande kote yo pase. 8Moun bliye yo tankou yon rèv yo fè yo pa ka chonje, tankou yon vizyon yo fè lannwit, yo p'ap janm wè ankò. 9Moun ki te konn wè yo p'ap wè yo ankò. Menm moun lakay yo p'ap konnen kote yo pase. 10Pitit yo va peye pòv yo pou tou sa yo te fè yo. Se pwòp pitit yo ak men yo ki va renmèt pòv yo sa yo te pran pa fòs. 11Mechan yo te gen tout fòs jenn gason yo sou yo toujou. Men koulye a, tou sa pral tounen pousyè ansanm ak yo. 12Lè l' t'ap fè sa ki mal sa te sitèlman gou nan bouch li, li te kenbe ti gout anba lang li. 13Li pa t' kite l' fin twò vit nan bouch li, pou l' te ka jwi gou a pandan lontan. 14Men, rive manje a rive nan lestonmak li, li vin anmè kou fyèl. Anndan vant li pran boule l' tankou si li te vale pwazon. 15Mechan an gen pou l' vonmi tout richès li te vòlò yo, paske Bondye ap foure dwèt nan gòj li. 16Tou sa li te vale tounen pwazon pou li. L'ap mouri tankou si se yon sèpan laspik ki mòde l'. 17Li p'ap viv pou l' wè lwil koule tankou dlo larivyè, ni siwo myèl ak lèt koule tankou lavalas. 18L'ap blije bay tou sa li te travay fè. Li p'ap gen chans jwi richès li yo. 19Paske li te piye kay pòv malere yo, li te pito vòlò kay moun pase pou l' bati. 20Li pa t' janm gen kont li. Men, richès li p'ap ka delivre l'. 21Pesonn pa t' ka chape anba men l' sitèlman li te akrèk. Non. Tout richès li yo pa la pou lontan. 22Atout li gen tout richès sa yo, li pral gen kè sere. Tout kalite mizè pral tonbe sou li. 23Pandan l'ap manje plen vant li, Bondye pral move kont move sou li. Malè pral tonbe dri sou li. 24Lè l'ap chache kouri pou yon nepe fèt an fè, yon flèch an kwiv pral pèse l' pak an pak. 25Yon flèch ap pèse kò l'. San li ap degoute konsa nan pwent flèch la. Kè l' sere, li wè lanmò anfas. 26Li pèdi tou sa li te sere. Yon dife pesonn pa limen ap boule l'. L'ap devore tou sa ki lakay li. 27Syèl la fè konnen tou sa li te fè ki mal. Latè kanpe pou denonse l'. 28Yon sèl dlo desann va pote kay li ale, jou Bondye va fè kolè sa a sou li. 29Wi, se sa Bondye sere pou mechan yo. Se sa mechan yo pral resevwa nan men Bondye.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
