Jou 149 sou 365
Jòb 9–12
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Jòb 9
1Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa: 2-Wi, mwen konnen se konsa sa ye. Men, ki jan pou yon moun ka gen rezon devan Bondye? 3Si li vle plede ak Bondye, Bondye ap mande l' venmil keksyon, li p'ap ka reponn yonn menm. 4Bondye sitèlman gen bon konprann, li sitèlman gen fòs, pa gen moun ki ka kenbe tèt avè l' pou yo pa peye sa. 5Li deplase mòn yo lè lide l' di l'. Lè li an kòlè, li voye yo jete byen lwen. 6Bondye fè tè a tranble kote l' chita a. Li souke poto ki soutni l' yo. 7Li annik bay yon lòd, epi solèy la pa leve. Li fè zetwal yo pa klere lannwit. 8Li te pou kont li lè li t'ap louvri syèl la anwo tè a. Li mache sou lanmè a jan li vle. 9Se li ki fè zetwal yo: Gwo Kabwèt la, Oryon, Lapousiyè ak zetwal Sid yo. 10Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte. 11Bondye te mèt ap pase toupre m', mwen pa ka wè l'. Li glise kò l', li ale. 12Li pran sa l' bezwen. Pa gen moun ki pou enpoze l' fè l'. Pa gen moun ki ka penmèt yo mande l': Sa w'ap fè la a? 13Bondye pa ka kenbe kòlè l' ankò! Li fè tout patizan Raab yo bese tèt devan li. 14Se mwen menm atò ki pou ta kenbe tèt avè l'? Se mwen menm atò ki pou ta plede avè l'? 15Menm si m' te gen rezon, sa m' bezwen defann tèt mwen fè? Se li k'ap jije m', se padon ase pou m' mande l'. 16Menm si li ta reponn mwen lè m' rele l', mwen pa kwè li ta koute sa m'ap di l'. 17Li rete konsa li kraze m' pou anyen. Li blese m' nan tout kò m', san m' pa fè anyen. 18Li pa ban m' tan pou m' pran yon ti souf menm. Li voye malè sou mwen yonn apre lòt. 19Mwen ta seye fè fòs avè l'? Fòs, se nan men l' sa ye. Mwen ta rele l' tribinal? Ki jij ki va voye manda ba li? 20M' te mèt gen rezon, pawòl nan bouch mwen ap kondannen m'. M' te mèt inonsan, tou sa m'ap di ap ban m' tò. 21Eske m' inonsan? M' pa menm ka di sa. Lavi pa di m' anyen ankò! 22Si gen yon bagay m' ka di: inonsan ou koupab, se menm bagay. Bondye ap toujou detwi nou. 23Si yon malè konmanse ap simen lanmò, inonsan te mèt ap rele, Bondye ri sa. 24Lè yon peyi tonbe anba men moun ki mechan, Bondye bouche je tout jij yo. Si se pa li ki fè sa, ki moun ki pou fè l'? 25Jou yo pase pou mwen pi vit pase dlo larivyè. Pa gen yonn ki ban m' kè kontan. 26Yo kouri tankou bwa fouye sou larivyè, tankou malfini k'ap plonje sou ti poul. 27Si mwen di: Bon. M' p'ap plenyen ankò. M'ap chanje figi m', m'ap fè yon ti ri, 28soufrans yo vin pi rèd sou mwen. Mwen pè, paske mwen konnen pou Bondye mwen pa inonsan. 29Si m' antò, sa m' bezwen bat kò m' pou gremesi fè? 30Pa gen dlo ki ka lave m'. Pa gen savon ki ka blanchi m'. 31Bondye voye m' jete nan yon pil fatra. Ata rad m' pa ka mete sou mwen. 32Men, Bondye pa yon moun tankou m'. M' pa ka diskite avè l'. Nou pa ka al lajistis. 33Pa gen moun ki ka mete ola nan koze a. Pa gen moun ki ka jije m' ansanm avè l'. 34Pa gen moun ki ka kenbe men l' pou li sispann fè m' pè. 35Men, mwen pa pè l'. M'ap pale, paske se mwen ki konnen sa ki nan kè m'.
Jòb 10
1M' degoute ak lavi a. M' pa ka kenbe ankò. Kite m' plenn sò mwen! Kite m' di tout lapenn ki nan kè mwen! 2M'a di Bondye: Tanpri, pa kondannen m'. Fè m' konnen poukisa ou leve dèyè m' konsa. 3Eske ou gen rezon pou ou fè m' tou sa w'ap fè m' lan, pou ou meprize sa ou fè ak men ou, pou ou ri lè mechan yo ap fè konfyolo yo? 4Eske ou wè sa k'ap fèt sou latè tankou nou menm moun nou wè l' la? 5Lavi ou pa tankou lavi pa nou. Nou gen pou nou mouri, ou menm w'ap toujou la. 6W'ap chache dènye ti peche moun fè. Ou dèyè pou ou konnen tou sa mwen fè ki mal. 7Ou konnen m' pa antò. Pa gen moun ki ka sove m' anba men ou! 8Se ak men ou ou te fè m'. Se avè l' ou te ban m' fòm mwen. Epi se ak menm men sa yo ou vle detwi m' ankò? 9Chonje se ou menm ki fè m' ak labou tè wouj. Koulye a, ou pral kraze m' fè m' tounen pousyè? 10Se ou menm ki bay papa m' fòs pou li fè m'. Ou fè m' devlope nan vant manman mwen. 11Ou fè tout zo ak tout venn nan kò m'. Ou kouvri yo ak vyann epi ak po. 12Lèfini, ou fè m' kado lavi. Ou veye avèk prekosyon pou m' pa mouri. 13Men, ou te gen yon lòt lide dèyè tèt ou. Koulye a, mwen konnen ou te pare yon lòt bagay pou mwen. 14Ou t'ap veye m' pou wè si m' t'ap fè sa m' pa t' dwe fè. Ou pa t'ap kite anyen pase pou mwen. 15Si m' antò, zafè m' pa bon! Mwen te mèt inonsan, m' pa ka leve tèt devan ou. Mwen wont, se yon pòv malere mwen ye devan ou. 16Si m' leve tèt mwen, ou fann dèyè m' tankou yon lyon dèyè bèt pou l' manje. Ou rive fè mirak pou ou ka fè m' lapenn. 17Ou toujou pare pou fè yon atak sou mwen. Chak jou w'ap vin pi ankòlè. Se san pran souf w'ap voye lafliksyon sou mwen yonn apre lòt. 18Bondye, poukisa ou te kite m' soti nan vant manman m'? Mwen ta mouri anvan pesonn ta wè m'. 19Soti nan vant, ale nan simityè, se tankou si m' pa t' janm fèt. 20Mwen pa rete lontan pou m' viv ankò. Kite m' pou kont mwen! Ban m' yon ti kanpo. Kite m' jwi de twa jou ki rete m' yo non! 21Talè konsa mwen prale pou m' pa janm tounen. Mwen prale nan peyi kote ki fè nwa a, kote moun pè a, 22nan peyi kote se fènwa ak dezòd ase ki gen toutan, kote menm gwo lajounen fè nwa tankou lannwit!
Jòb 11
1Lè sa a, Sofa, moun Naama a, pran lapawòl, li di konsa: 2-Atò pesonn p'ap reponn gwo paladò sa a? Pale anpil pa ka bay moun rezon. 3Pa konprann pale anpil ou a ka enpoze moun louvri bouch yo reponn ou. Paske w'ap pase moun nan betiz la, atò yo pa ka fè ou wont? 4Ou pretann sa ou di a se verite. Pou ou, ou san repwòch devan Bondye! 5Pa pito Bondye ta pale pou l' reponn ou! 6Li ta fè ou wè gen anpil lòt bagay ou poko konnen, bagay moun pa ka konprann. Lè sa a, ou ta wè Bondye pa fè ou peye pou tou sa ou fè. 7Ou konprann ou ka konnen sa ki nan kè Bondye, ou ka konnen tout bagay nèt sou Bondye ki gen tout pouvwa a? 8Li pi wo pase syèl la. Sa ou ka fè pou sa? Li pi fon pase peyi kote mò yo ye a. Sa ou ka konnen la? 9Li pi long pase longè tout tè a. Li pi laj pase lanmè a. 10Si Bondye arete ou, li mete ou nan prizon, li trennen ou nan tribinal, ki moun ki ka di l' non? 11Bondye konnen tout moun k'ap bay manti. Je l' byen louvri, li wè tout mechanste moun ap fè. 12Konsa, moun fou va konmanse gen konprann. Bourik sovaj yo va donte. 13Annou wè, monchè! Pran tèt ou! Louvri bra ou devan Bondye. 14Sispann fè vye bagay k'ap sal men ou yo. Pa kite mechanste chita lakay ou. 15Lè sa a, w'a leve tèt ou pou gade moun nan je. W'a byen fèm, ou p'ap pè anyen. 16W'a bliye lapenn ou yo. Tankou yon inondasyon ki fin pase, ou p'ap chonje yo ankò. 17Lavi ou pral klere pi bèl pase gwo solèy midi. Move pa yo pral tankou yon douvan jou. 18Ou pral viv san kè sote. Ou p'ap dekouraje. Bondye va pwoteje ou, l'a ba ou kè poze. 19Lè w'ap dòmi, pesonn p'ap deranje ou. Anpil moun va vin achte figi ou. 20Men, mechan yo ap voye je yo bouske toupatou, yo p'ap jwenn kote pou yo chape kò yo. Sèl espwa yo, se lanmò y'ap tann.
Jòb 12
1Jòb pran lapawòl, li di: 2-Apa nou k'ap pale pou pèp la! Mouri nou mouri, bon konprann kaba! 3Men, mwen menm tou, mwen gen lespri menm jan avè nou. Mwen pa pi mal pase nou. Sa nou sot di la a, tout moun konnen l'. 4Koulye a, menm zanmi m' ap pase m' nan rizib. Y'ap ri m', mwen menm yon moun Bondye pa gen anyen pou l' repwoche, yon moun Bondye te konn reponn lè m' rele l'. 5Se konsa, moun ki pa nan pwoblèm meprize moun ki nan lafliksyon. Yo wè yon moun k'ap tonbe, yo ba l' bourad fè l' tonbe pi vit. 6Piyajè yo byen trankil lakay yo. Moun k'ap fè Bondye fache yo ap viv alèz. Bondye yo se fòs ponyèt yo. 7Manyè fè ti koze ak zannimo yo, ak zwezo yo. Yo gen anpil bagay pou yo moutre nou. 8Bèt k'ap trennen sou vant va ban nou leson, pwason nan lanmè va di nou sa yo konnen. 9Pa gen yonn ladan yo ki pa konnen se Bondye ki fè tout bagay ak men li. 10Bondye gen nanm tout sa ki vivan nan men li. Wi, lavi tout moun nan men li. 11Bèl pawòl fè plezi zòrèy menm jan bon manje gou nan bouch. 12Yo di se vye granmoun ki gen konesans, se laj ki bay bon konprann. 13Men, Bondye gen konesans, lèfini li gen pouvwa. Li gen bon konprann, lèfini li fè sa li vle. 14Lè Bondye kraze yon bagay, pesonn pa ka refè l'. Lè li mete yon moun nan prizon, pesonn pa ka lage l'. 15Lè li pa bay lapli, sèk tonbe sou latè. Lè li bay lapli, dlo fè dega toupatou. 16Bondye gen fòs, li konn sa l'ap fè. Ni moun k'ap bay manti, ni moun k'ap pran manti, se anba ponyèt li yo ye. 17Li fè moun k'ap bay konsèy yo pèdi tèt yo. Li fè chèf yo aji tankou moun fou. 18Li wete tout pouvwa nan men wa yo. Li mare yon tanga nan ren yo jete yo nan prizon. 19Li fè prèt yo mache pye atè. Li mete gwo zotobre atè! 20Li fèmen bouch moun k'ap bay bon konsèy. Li fè granmoun yo depale. 21Li fè pase grannèg yo nan betiz. Li wete pouvwa gwo chèf yo nan men yo. 22Li klere twou fon kote ki fè nwa a, li mete twou lanmò a aklè. 23Li fè nasyon yo fè pwogrè, lèfini, li fè yo deperi. Li fè yon pèp pran elan, lèfini, li fè l' disparèt. 24Li fè chèf pèp yo pèdi tèt yo, li fè yo moute desann nan dezè, san yo pa konn kote yo prale. 25Y'ap tatonnen nan fènwa, y'ap titibe tankou moun sou.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
