Jou 148 sou 365

Jòb 5–8

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Jòb 5

1Rele non, Jòb! W'a wè si gen moun k'ap reponn ou! Ak kilès nan zanj Bondye yo ou ta vle pale? 2Se moun fou ki kite chagren ap minen yo. Se moun sòt ki kite move san touye yo. 3Mwen menm, mwen wè moun fou ki te kwè zafè yo bon. M' rete konsa, mwen wè madichon tonbe sou kay yo. 4Pitit yo pa ka jwenn yon moun pou pwoteje yo. Pa gen pesonn pou pran defans yo nan tribinal. 5Se moun grangou ki pral manje rekòt jaden yo. Yo pral pran ata sa ki donnen nan raje pikan. Se moun akrèk ki pral mete men sou tout byen yo. 6Non. Lafliksyon pa tonbe sou moun konsa konsa. Ni moun pa rete konsa pou l' tonbe anba soufrans. 7Menm jan tensèl dife fèt pou vole, konsa tou, moun fèt pou soufri. 8Si m' te nan plas ou, Job, se Bondye m' ta rele. Mwen ta mete sitiyasyon an devan l'. 9Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte. 10Li voye lapli sou latè, li wouze tout jaden. 11Moun ki t'ap mache tèt bese yo, se li menm ki fè yo leve tèt yo. Se li menm ki konsole moun ki te nan lapenn yo. 12Li gate mannigèt bakoulou yo. Li pa janm kite yo rive fè sa yo te mete nan tèt yo. 13Li pran moun entelijan yo nan pèlen yo te tann. Li pa kite mètdam yo reyalize plan yo te fè. 14Gwo lajounen y'ap bite tankou nan fènwa. Gwo midi, y'ap tatonnen tankou nan mitan lannwit. 15Men, Bondye sove pòv la anba dan yo. Li delivre malere anba ponyèt grannèg k'ap peze yo. 16Li bay pòv yo espwa. Li fèmen bouch mechan yo. 17Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye ap korije l'! Lè Bondye ki gen tout pouvwa a ap pini ou, pa pran sa an jwèt! 18Lè li blese ou, se li menm ankò k'ap mete renmèd pou ou. Lè li frape ou, se li menm ankò k'ap geri ou. 19Lapo delivre ou nan tout move pa. Ankenn malè p'ap tonbe sou ou. 20Nan grangou, li p'ap kite ou mouri. Nan lagè, li p'ap kite yo touye ou. 21L'a pwoteje ou anba kout lang. Ou p'ap bezwen pè lè w'a wè gwo malè ap pwoche. 22W'a pase ni malè ni grangou nan rizib. Ou p'ap pè bèt nan bwa. 23Jaden w'ap travay yo p'ap gen wòch ladan yo. Bèt nan bwa p'ap janm atake ou. 24Lè sa a, w'a viv ak kè poze lakay ou. Lè w'a vizite pak zannimo ou yo, w'a kontan. 25W'a gen anpil pitit. Y'a pouse tankou plant nan jaden. 26Menm jan se lè mayi fin mi yo kase l', konsa tou se lè ou fin vye granmoun, w'a mouri. 27Jòb monchè, nou te kalkile sou bagay sa yo anpil. Se konsa sa ye, tande. Pa fè tèt di. Asepte verite a.

Jòb 6

1Jòb pran lapawòl, li di konsa: 2-Si yo te ka pran pèz lapenn mwen, si yo te ka peze tout malè mwen yo nan balans, 3yo ta jwenn yo pi lou pase tout sab ki bò lanmè. Lè sa a, nou pa ta sezi tande m' pale jan m'ap pale a. 4Bondye ki gen tout pouvwa a plante flèch li yo sou mwen. Pwazon yo a anvayi tout kò m'. Bondye voye sou mwen tout kalite malè pou fè kè m' kase. 5Bourik mawon pa ranni lè li gen zèb pou l' manje. Ni bèf pa rele lè li gen manje devan l'. 6Moun pa manje manje ki san gou, manje ki san sèl. Blan ze pa gen bon gou nan bouch. 7Mwen pa menm gen apeti pou bagay konsa. Tou sa mwen manje fè kè m' tounen. 8Si Bondye te ka ban mwen sa m' mande l' la! Si li te ka fè m' jwenn sa m'ap tann lan! 9Si sèlman sa ta fè l' plezi pou l' touye m'! Si li ta vle lonje men l' pou l' disparèt mwen! 10Se ta va yon gwo konsolasyon pou mwen. Malgre tout soufrans mwen yo, mwen ta danse, mwen ta fè fèt, paske mwen konnen mwen pa janm dezobeyi lòd Bondye ki apa a bay. 11Mwen pa gen fòs pou m' tann ankò. Pa gen ankenn espwa pou mwen. Sa m' bezwen viv toujou fè? 12Se pa wòch mwen ye. Se pa bout fè kò m' ye. 13Mwen pa gen fòs ankò pou m' kenbe. Kote m' vire, mwen pa jwenn sekou. 14Nan tray m'ap pase koulye a, mwen bezwen bon zanmi ki pou soutni m', menm si mwen ta vire do bay Bondye. 15Men, frè m' yo, nou p'ap di m' anyen la a. Nou tankou ravin chèch ki pa gen dlo depi lapli pa tonbe. 16Nan sezon fredi, lè lanèj ap fonn, yo plen dlo sal ki frèt kou glas. 17Men, nan sezon lesèk, pa yon gout dlo! Chalè solèy la cheche yo nèt. 18Bann vwayajè yo kite chemen yo pou y' al dèyè dlo. Yo pèdi nan dezè a. Yo mouri. 19Vwayajè ki soti nan peyi Cheba ak nan peyi Saba ap touye tèt yo chache dlo. 20Yo pa ka jwenn. Rive devan ravin lan, yo pa konn sa pou yo fè. 21Wi, mezanmi. Nou tankou yon ravin chèch pou mwen. Nou wè nan ki eta mwen ye, nou pè, n'ap renka kò nou dèyè. 22Eske m' te mande nou pou nou fè m' kado kichòy? Osinon pou nou fè yon moun kado pou mwen nan sa nou genyen? 23Eske mwen te mande nou pou nou vin wete m' anba grif yon lènmi, osinon pou nou delivre m' anba men yon moun k'ap fè m' soufri? 24Bon. Pale avè m'. Si m' antò, fè m' wè kote m' antò a. Lè sa a, m'a pe bouch mwen. M'a koute nou. 25Pawòl ki pale verite bon pou tande. Men, m' pa wè sa nou vle di m' la a. 26Ou di mwen fin dekouraje. Se depale m'ap depale. Poukisa atò w'ap kritike pawòl mwen yo konsa? 27Konsa tou, ou ta rive jwe lajan sou tèt timoun san papa. Ou ta fè lajan sou tèt bon zanmi ou. 28Koulye a, monchè, tanpri, gade m' nan je. Mwen p'ap ba ou manti. 29Tounen non! Pa fè m' lenjistis sa a! Tounen, mwen di ou. Se kòz mwen m'ap defann. 30Eske se manti m'ap bay? Dapre nou, mwen pa konnen sa ki byen ak sa ki mal?

Jòb 7

1Lavi yon nonm sou latè, se tankou sèvis militè l'ap fè. Li tankou moun k'ap vann jounen! 2Li tankou yon esklav k'ap tann lannwit pou l' poze, tankou yon travayè k'ap tann kòb jounen travay li. 3Depi kèk mwa, m' pa wè poukisa m'ap viv. Tout lannwit se soufri m'ap soufri. 4M' poko kouche nan kabann mwen, m'ap mande kilè pou l' jou. Nwit la long. M' pa ka dòmi, yon bann vye lide ap pase nan tèt mwen jouk solèy leve. 5Tout kò m' plen vè ak gwo plak bouton toupatou. Po m' fann fann, l'ap bay postim. 6Jou m' yo pase pi vit pase zegwi nan men moun k'ap maye senn. Yo disparèt, pa gen anyen m'ap tann ankò. 7Bondye o! Pa bliye, lavi m' tankou yon nwaj k'ap pase. Lè m'a fèmen je m', mwen p'ap janm kapab jwi lavi a ankò. 8Ou wè m' koulye a, men ou p'ap janm wè m' ankò. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen. 9Tankou yon nwaj ki ale nèt, ki disparèt, lè yon moun mouri, pa gen leve pou li ankò. 10Li p'ap janm tounen lakay li. Moun lakay li tou bliye l'. 11Se poutèt sa, m' pa ka pa pale. Kè m' sere. Kite m' pale pale m'. Lapenn kaye nan kè m'. Kite m' plenyen plenyen m'. 12Poukisa ou mete moun veye m' konsa? M' pa lanmè. M' pa gwo bèt lanmè. 13M' te di nan kè m': M' pral lage kò m' yon kote. M'a pran yon ti kanpo. Si m' dòmi, m'a jwenn yon ti soulajman! 14Men, ou fè m' fè yon bann vye rèv k'ap fè m' pè. M'ap fè yon bann vye vizyon k'ap fè m' tranble. 15Lè konsa, pito moun te trangle m'. Pito m' te mouri pase pou m' soufri tout doulè sa yo. 16Se fini m'ap fini. Fòk mwen mouri yon jou! Kite m' pou kont mwen. Lavi m' prèt pou bout! 17Kisa lèzòm ye pou ou pran ka yo konsa? Kisa yo ye menm pou w'ap okipe yo konsa? 18Chak maten ou pase wè jan yo ye. Chak lè, w'ap gade nan fon kè yo, w'ap sonde yo. 19Kilè w'a sispann gade m'? Ban m' yon ti souf non kont pou m' vale krache m'! 20Si m' fè peche, kisa m' fè ou? Di m' non, ou menm k'ap veye tou sa moun ap fè? Poukisa w'ap plante tout flèch ou yo nan kò m' konsa? Poukisa ou fè m' tounen yon chay pou ou? 21Se sipòte ou pa ka sipòte ankò sa mwen fè ki mal? Se padonnen ou pa ka padonnen peche m' yo? Talè konsa mwen pral anba tè. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen ankò.

Jòb 8

1Lè sa a, Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa: 2-Kilè w'a sispann pale jan w'ap pale a? Se bri ase w'ap fè tankou kalbas gran bouch! 3Bondye pa nan lenjistis. Bondye ki gen tout pouvwa a ap toujou fè sa ki dwat. 4Si pitit ou yo te dezobeyi lòd li yo, li fè yo peye sa yo fè a. 5Ou menm menm, rele Bondye. Lapriyè nan pye Bondye ki gen tout pouvwa a. 6Si li pa gen anyen pou l' repwoche ou, si ou toujou mache dwat devan li, lè sa a, ou mèt sèten, l'a fè kichòy pou ou, l'ap renmèt ou tou sa ou te genyen. 7Tou sa ou te gen anvan an p'ap anyen devan sa Bondye pral ba ou a. 8Chache konnen sa ki te pase nan tan lontan. Gade sa ki te rive zansèt nou yo. 9Nou menm, nou se moun ayè. Nou pa konn anyen. Se pase n'ap pase sou tè a. 10Men, granmoun tan lontan yo va moutre ou anpil bagay. Y'a pale avè ou. Tande sa y'ap di ou. 11Se nan marekay ou jwenn jon. Wozo pa pouse kote ki pa gen dlo. 12Nan tan chechrès, li te mèt tou piti, tou vèt, lè lesèk tonbe, anvan menm yo koupe l', premye zèb ki fennen se li menm. 13Se menm bagay la tou pou moun ki bliye si gen Bondye. Moun ki vire do bay Bondye p'ap jwenn sa y'ap tann lan. 14Konfyans yo pa chita sou anyen. Se tankou si y'ap apiye sou bwa pouri. 15Si yo panche sou li, li ale. Si yo kenbe l' fò, y'ap blayi atè ansanm avè l'. 16Mechan yo pouse tankou move zèb nan solèy. Yo pran tout jaden an pou yo. 17Rasin yo mache nan mitan tout fant wòch yo. Se la yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv. 18Rache ou rache yo pa gen moun ki pou konnen kote yo te ye a. 19Talè konsa, l'ap pouri bò chemen an. Se lòt k'ap pouse nan plas li. 20Non, monchè! Bondye pa janm lage moun ki kenbe pye l' fèm. Ni li pa janm lonje men l' pou l' soutni mechan yo. 21L'a fè kè ou kontan ankò, bouch ou pral chante bèl chante pou li. 22Men, l'ap fè moun ki pa vle wè ou yo wont. Fanmi mechan yo va disparèt.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain