Jou 150 sou 365

Jòb 13–16

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Jòb 13

1Wi, mwen wè tou sa ak de je m'. Mwen tande tou sa ak de zòrèy mwen epi mwen konprann. 2Sa nou konnen an, mwen konnen l' tou. M' pa pi sòt pase nou. 3Men, mwen menm, se ak Bondye ki gen tout pouvwa m' annafè. Se avè l' mwen vle pale pou m' defann kòz mwen. 4Nou menm, kote nou pa konnen nou bay manti. Nou tankou dòktè ki pa janm geri pyès moun. 5Pito nou pe bouch nou! Lè sa a, n'a pase pou moun ki gen bon konprann. 6Koute sa mwen gen sou kè m'. Louvri zòrèy nou pou n' tande jan m' pral plede kòz mwen. 7Se defann nou vle defann Bondye kifè n'ap bay tout manti sa yo, kifè n'ap pale kwochi konsa? 8Se pou li n'ap pran? Se kòz li nou ranmase? 9Pou li, li ta bon pou nou si li t'ap chache konnen sa nou gen nan fon kè nou! Pa konprann nou ka woule Bondye tankou nou woule moun! 10Li ta regle nou byen regle, paske li ta tou wè se figi l' n'ap achte anba chal. 11Nou pa pè gwo pouvwa Bondye a? Nou pa pè li kraze nou? 12Bèl pawòl nou yo pa gen plis valè pase pousyè tè. Repons n'ap ban mwen yo pa kenbe, yo tankou miray sab. 13Koulye a, pe bouch nou! Ban m' yon chans pou m' pale. Sa ki pou rive a te mèt rive! 14Mwen mèt mouri! Zafè! M' mare ren m', m' sere dan m'! 15Bondye te mèt touye m'. Sèl chans mwen se pou m' esplike avè l'. 16Nou pa janm konnen, se sa ki ka sove m', paske moun ki fè mal pa ka parèt devan Bondye. 17Koute byen sa m' pral di la a. Louvri zòrèy nou pou n' tande deklarasyon mwen. 18M' pare pou m' defann kòz mwen, paske mwen konnen mwen nan dwa m'. 19Bondye, èske se ou ki pral plede avè m'? M' tou pare pou m' pe bouch mwen, pou m' asepte lanmò m'. 20De sèl ti chans ase m'ap mande ou. Apre sa, m' p'ap kache pou ou ankò. 21Sispann leve men ou sou mwen. Sispann fè m' pè tout pè sa a. 22Ou mèt pale anvan, m'a reponn ou. Osinon, kite m' pale anvan, w'a reponn mwen. 23Konbe peche, konbe bagay mal mwen fè? Kisa m' fè mwen pa t' dwe fè? Kisa m' fè ki mal? 24Poukisa w'ap kache pou mwen konsa? Poukisa ou fè tankou si se lènmi ou mwen ye? 25Poukisa w'ap chache fè m' pè? Poukisa ou leve dèyè m' konsa? M' tou fini, m' tankou fèy bwa, tankou pay chèch van ap pote ale. 26W'ap akize m' yon bann bagay k'ap fè m' mal. W'ap fè m' peye tou sa m' te fè lè m' te jenn gason. 27Ou mete pye m' nan sèp. Ou veye tout vire tounen m'. Ou gade tout kote m'ap mete pye m'. 28M'ap dekale tankou bwa pouri, tankou rad sizo ap manje.

Jòb 14

1Nou menm moun, se nan vant fanm nou soti. Lavi nou kout, men li pa manke traka! 2Nou parèt tankou yon flè. Epi lamenm nou fennen. Nou disparèt tankou yon nwaj k'ap pase. 3Epi, Bondye, se sa w'ap louvri je ou gade. Se sa w'ap fè kanpe devan ou pou jije l'? 4Ki moun ki ka fè dlo pwòp soti nan yon sous sal? Pesonn moun. 5Tan chak moun gen pou l' viv la fikse deja depi lontan. Kantite mwa li gen pou l' viv la, se nan men ou sa rete. Anyen pa ka chanje. 6Tanpri, wete je ou sou mwen. Kite m' pran yon ti souf. Tankou moun ki fin pase yon jounen ap travay di, kite m' pran yon ti kanpo. 7Toujou gen yon ti espwa pou yon pyebwa. Yo te mèt koupe l', l'ap toujou pouse ankò, li p'ap mouri. 8Rasin li yo te mèt fin vye nan tè a, bout chouk la te mèt fin chèch, 9depi li jwenn dlo, l'ap boujonnen, l'ap pouse kreyòl. 10Men moun, depi yo mouri, yo tounen kadav. Lè yo kase kòd, ou pa wè kote yo fè. 11Letan ka cheche, larivyè ka sispann koule. 12Men, kote yon moun mouri kouche a, pa gen leve pou li ankò. Poul va fè dan anvan y'a leve vivan ankò, anvan y'a leve soti nan dòmi yo a. 13Si sèlman ou ta vle kache m' nan peyi kote mò yo ye a? Si ou te ka kite m' la jouk kòlè ou la fin pase? Apre sa, ou ta fikse yon dat pou chonje m' ankò. 14Men, sa m'ap di la a? Eske moun mouri ka leve? Sa pa fè anyen. Mwen ta tann move tan sa a fin pase, jouk sa ta bon pou mwen ankò. 15Lè sa a, ou ta rele m', mwen ta reponn ou. Ou ta kontan wè sa ou te fè ak men ou lan. 16Lè sa a, ou ta gade jan m'ap mache a, men, ou pa ta chonje sa m' te konn fè ki mal. 17Ou ta padonnen m' peche m' yo, ou ta mare yo tout fè yon pakèt voye jete. 18Rive yon lè se pou mòn yo anfale, se pou wòch yo woule desann. 19Rive yon lè dlo ap fin manje wòch yo, lapli ap fin bwote tout tè a desann. Konsa tou, rive yon lè ou wete tout espwa nan kè moun. 20Ou kraze yo nèt anba men ou, epi yo mouri. Ou fè moun pa ka rekonèt yo, epi ou voye yo ale. 21Moun fè lwanj pitit mò yo, men mò yo menm yo pa konn anyen. Moun pase yo nan betiz, men yo menm, sa pa di yo anyen. 22Yon sèl soufrans yo santi se sa k'ap manje yo nan tout kò yo a. Se pou tèt pa yo ase y'ap plenyen!

Jòb 15

1Fwa sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl ankò, li di konsa: 2-Lè yon moun gen bon konprann, se pa avèk pawòl anlè pou li reponn. Li p'ap chita ap fè jazè. 3Li p'ap rete ap defann tèt li ak mo ki pa vle di anyen, ak bèl diskou ki pa sèvi anyen. 4Ou menm menm, ou al pi lwen. Dapre sa ou di la a, moun pa bezwen gen krentif pou Bondye ankò. Pa gen nesesite pou moun lapriyè Bondye. 5Jan ou pale a, yo wè ou se yon moun ki mechan nan fon kè ou. Ou pale tankou moun k'ap kache yon bagay. 6Se bouch ou menm k'ap kondannen ou. Se pa mwen. Se pawòl nan bouch ou menm k'ap fini avè ou. 7Manyè di m' non: Eske se ou menm premye moun Bondye te fè? Eske ou te fèt anvan tout mòn yo? 8Eske ou te la lè Bondye t'ap fè plan travay li, kifè ou konnen pase tout moun? 9Kisa ou konnen nou menm nou pa konnen? Kisa ou konprann nou menm nou pa ka konprann? 10Se nan bouch granmoun lontan, granmoun cheve blan ki pi gran pase papa ou nou pran tout konesans pa nou. 11Poukisa ou pa asepte ankourajman Bondye voye ba ou a? Poukisa ou pa koute nou? N'ap pale byen dousman avè ou la a. 12Men, gade jan ou move! W'ap louvri je ou sou nou! 13W'ap pase kòlè ou sou Bondye. W'ap plede joure l'. 14Ki jan ou ta vle pou moun san repwòch devan Bondye? Pou moun ki soti nan vant fanm gen rezon devan Bondye? 15Ata zanj li yo, Bondye pa fè yo konfyans. Yo menm tou yo pa fin bon nèt nan je l'. 16Ale wè atò pou moun, ki pèvèti, ki pa vo anyen, ki fè mechanste tankou yo bwè dlo! 17Koulye a, Jòb, koute m'. Kite m' esplike avè ou! Mwen pral di ou sa mwen menm mwen wè. 18Moun ki gen bon konprann moutre m' anpil verite. Yo pa t' kache m' anyen. Yo menm, se nan bouch granmoun lontan yo te pran l'. 19Granmoun sa yo t'ap viv nan peyi Bondye te ba yo pou yo menm ase, san ankenn moun lòt nasyon pa t' mele ak yo. 20Mechan yo pase tout lavi yo nan tèt chaje. Moun k'ap plede maltrete parèy yo p'ap viv lontan. 21Rèl moun k'ap soufri yo ap kònen nan zòrèy yo. Lè zafè yo pi bon, se lè sa a vòlè tonbe sou yo. 22Yo pa gen espwa chape nan fènwa a, paske manchèt pare ap tann yo. 23Y'ap kouri adwat agoch, y'ap chache manje. Yo konnen wè pa wè y'ap pran yo. 24Lanmò fè yo pè. Malè ak lafliksyon ap tonbe sou yo tankou yon wa ki tou pare pou batay. 25Men sa k'ap tann moun k'ap lonje men nan figi Bondye, moun ki pa pè kenbe tèt ak Bondye. 26Yo kache dèyè pwotèj anfe yo epi yo fonse sou Bondye. 27Figi yo gra kou chat. Men gwosè vant yo ak grès! 28Yo rete nan lavil ki fin kraze, nan kay moun kouri kite, kay ki fin tounen mazi. 29Yo p'ap janm rich toutan. Sa yo genyen an la pou yon tan. Menm lonbray yo ap disparèt. 30Yo p'ap ka kouri pou fènwa a. Y'ap tankou yon pyebwa dife boule tout branch li yo epi van bwote tout flè l' yo ale. 31Yo pa bezwen konte sou pozisyon yo. Nou konnen sa p'ap sèvi yo anyen. 32Anvan yo donnen, branch yo ap fennen. boujon yo p'ap pouse fèy ankò. 33Y'ap tankou yon pye rezen ki pèdi tout grap rezen vèt yo, tankou yon pye oliv ki pèdi tout flè l'. 34Wi, mechan yo p'ap gen pitit. Dife ap boule tout kay yo bati ak lajan yo volè. 35Lè yon moun ap chache fè moun mal, se sou li malè a tonbe. Se pwòp tèt li l'ap twonpe.

Jòb 16

1Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa: 2-Mwen bouke tande pawòl sa yo! Pase nou konsole moun, se plis lapenn n'ap ba yo. 3Kilè n'a sispann tout pale anpil sa a? Sa k'ap pouse nou konsa? Nou toujou pare pou reponn moun! 4Si m' te nan plas nou, epi nou menm nan plas mwen, m' ta ka pale jan nou pale a tou, m' ta pase nou nan yon wonn tenten, m' ta vide bèl diskou sou nou. 5M' ta remoute kouraj nou ak konsèy, m' ta pale ak nou jouk nou ta soulaje. 6Men, lè mwen pale, doulè a la pi rèd pou mwen. Lè mwen pa pale, se pa sa k'ap fè l' ban m' yon ti louga. 7Koulye a, Bondye, se fini ou fini avè m'. Ou kite yo touye tout fanmi m'. 8Ou mete men sou mwen, ou pa vle wè m' ankò. Mwen tounen zo ak po. Yo di se paske mwen antò ki fè sa rive m'. 9Nan kòlè li, Bondye ap dechire m' moso pa moso. L'ap devore m' anba dan l'. L'ap louvri je l' sou mwen, li pa vle wè m'! 10Moun prèt pou manje m'. Yo kouri sou mwen, y'ap joure m', y'ap touye m' anba souflèt. 11Bondye lage m' nan men mechan yo. Li jete m' anba grif san manman yo. 12Mwen t'ap viv tou dousman, li bouskile m'. Li pran m' dèyè nwa kou, li kraze m', li fè m' tounen jwèt li. 13L'ap voye flèch li sou mwen kote m' vire. Li pèse tout kò m', li san pitye pou mwen, li mete san m' deyò. 14Kote m' vire li blese m', li vare sou mwen tankou yon sòlda nan lagè. 15Mwen fè rad sak mete sou mwen, mwen woule kò m' nan pousyè tèlman mwen te nan lapenn. 16Je m' vin wouj afòs mwen kriye. Tout anba je m' gonfle vin tou nwa. 17Men, mwen konnen mwen pa fè ankenn moun mechanste. Mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'. 18Ou menm latè, pa kache mizè mwen. Pa kite yo fèmen bouch mwen lè m'ap rele nan pye Bondye! 19Paske mwen konnen gen yon moun nan syèl la k'ap kanpe pou mwen, gen yon moun anwo a k'ap pran defans mwen. 20Zanmi m' yo ap pase m' nan betiz, men, m'ap kriye nan pye Bondye. 21Mwen bezwen moun pou plede kòz mwen ak Bondye a, menm jan yon moun plede kòz zanmi l'. 22M' pa lontan mouri. Mwen pral pran chemen kote moun pa janm tounen an.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain