Jou 120 sou 365

1 Istwa 5–6

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

1 Istwa 5

1Men moun branch fanmi Woubenn, premye pitit Izrayèl la. Se Woubenn ki te premye pitit gason, men li te pèdi dwa premye pitit li paske li te kouche ak yonn nan madanm papa l' yo. Se pitit Jozèf yo, yon lòt pitit Izrayèl, yo te bay dwa premye pitit la. Tansèlman, yo pa t' pote non Jozèf la sou rejis tankou premye pitit. 2Lèfini, se branch fanmi Jida a ki te vin pi fò. Se li menm ki bay yon chèf pou gouvènen tout branch fanmi yo. Men tout jan, se Jozèf yo te bay dwa premye pitit la. 3Woubenn, pi gran nan pitit gason Izrayèl yo, te gen kat pitit gason: Enòk, Palou, Ezwon ak Kami. 4Joèl te papa Chemaja, Chemaja te papa Gòg, Gòg te papa Chimeyi, 5Chimeyi te papa Mika, Mika te papa Reaja, Reaja te papa Baal. 6Baal te papa Bera, yonn nan chèf fanmi Woubenn yo. Se li menm Tiglat-Pilesè, wa peyi Lasiri a, te depòte. 7Men lis lòt chèf fanmi Woubenn yo dapre rejis kote yo te ekri non yo. N'ap konmanse ak pi ansyen an. Te gen Jeyèl, Zakari, 8Bela, pitit Aza, pitit pitit Chema nan branch fanmi Joèl. Se yo ki te rete nan zòn Awoyè, rive Nebo ak Baal Meon sou nan nò. 9Yo te gen anpil mouton ak kabrit nan tout peyi Galarad la. Se konsa yo pran tout peyi a depi bò dezè a rive jouk bò larivyè Lefrat bò solèy leve. 10Sou rèy wa Sayil, moun Woubenn yo atake moun Aga yo. Yo bat yo, yo pran tout tè moun yo ki sou bò solèy leve nan peyi Galarad. 11Branch fanmi Gad la te rete sou bò nò moun branch fanmi Woubenn yo, nan peyi Bazan, rive Salka sou bò solèy leve. 12Joèl te vin an premye. Apre li te gen Chafam, Janayi ak Chafat nan peyi Bazan. 13Lòt moun nan fanmi an te fè sèt branch. Men non branch fanmi yo, dapre non zansèt yo: Mikayèl, Mechoulam, Cheba, Jorayi, Jakan, Zya ak Ebè. 14Yo tout te pitit Abikayil ki te pitit Ouri. Ouri te pitit Jawoja ki te pitit Galarad. Galarad te pitit Mikayèl ki te pitit Jechichayi. Jechichayi te pitit Jakdo ki te pitit Bouz. 15Aki, pitit Abdyèl, pitit pitit Gouni, te zansèt tout fanmi sa yo. 16Yo te rete nan peyi Bazan ak nan peyi Galarad, nan lavil yo ak nan tout savann patiraj peyi Sawon an. 17Se sou rèy Jotam, wa peyi Jida, ak Jewoboram, wa peyi Izrayèl, yo te fè rejis sa yo. 18Branch fanmi Woubenn lan, branch fanmi Gad la ak mwatye branch fanmi Manase a te gen antou karannkatmil sètsanswasant (044.760) sòlda, tout vanyan gason, ki konn sèvi ak pwotèj an fè ak nepe, ak banza. Yo te abil nan fè lagè. 19Yo fè lagè ak moun Aga yo ki te rete lavil Jetou, lavil Nafich ak lavil Nodab. 20Yo pa t' pou kont yo nan batay la. Yo te mete konfyans yo nan Bondye. Pandan batay la, yo lapriyè mande l' konkou. Bondye reponn yo, li lage tout moun Aga yo ansanm ak tout moun ki te avèk moun Aga yo nan men yo. 21Yo pran senkantmil (050.000) chamo, desansenkantmil (0250.000) mouton ak kabrit, demil (02.000) bourik nan men lènmi yo. Yo fè sanmil (0100.000) prizonye. 22Yo touye anpil ladan lènmi yo paske batay la se Bondye menm ki t'ap mennen l' pou yo. Se konsa yo rete nan zòn sa a jouk jou yo depòte yo. 23Moun mwatye branch fanmi Manase ki sou bò solèy leve larivyè Jouden an te rete nan zòn ki soti Bazan moute nan nò rive Baalèmòn, lavil Sini ak mòn Emon. Yo te peple anpil. 24Men non chèf fanmi yo: Efè, Icheyi, Eliyèl, Azryèl, Jeremi, Odavya ak Jadyèl. Mesye sa yo te vanyan sòlda, chèf fanmi yo. Tout moun t'ap nonmen non yo. 25Men, pèp la te vire do bay Bondye zansèt yo a, y' al kouri fè sèvis pou bondye lòt nasyon Bondye te disparèt pou fè plas pou yo. 26Se poutèt sa, Bondye pèp Izrayèl la fè Poul, wa peyi Lasiri a ki te rele Tiglat-Pilesè tou, anvayi peyi yo a, depòte moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ak moun mwatye branch fanmi Manase yo. Li mennen yo lavil Ala, lavil Abò, lavil Ara ak bò larivyè Gozan kote yo rete jouk jounen jòdi a.

1 Istwa 6

1Levi te gen twa pitit gason: Gèchon, Keyat ak Merari. 2Keyat te gen kat pitit gason: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl. 3Amram te gen de pitit gason, Arawon ak Moyiz ak yon pitit fi yo te rele Miryam. Arawon te gen kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama. 4Eleaza te papa Fineas, Fineas te papa Abichwa, 5Abichwa te papa Bouki, Bouki te papa Ouzi, 6Ouzi te papa Zeraja, Zeraja te papa Merajòt, 7Merajòt te papa Amarya, Amarya te papa Akitoub, 8Akitoub te papa Zadòk, Zadòk te papa Akimaz, 9Akimaz te papa Azarya, Azarya te papa Joanan, 10Joanan te papa Azarya. Se li menm Azarya ki te sèvi prèt nan tanp Salomon te bati lavil Jerizalèm lan. 11Azarya te papa Amarya, Amarya te papa Achitoub, 12Achitoub te papa Zadòk, Zadòk te papa Chaloum, 13Chaloum te papa Ilkija, Ilkija te papa Azarya, 14Azarya te papa Seraja, Seraja te papa Jeosadak. 15Wa Nèbikadneza te depòte Jeosadak ansanm ak tout moun peyi Jida ak tout moun lavil Jerizalèm yo, jan Bondye te vle l' la. 16Levi te gen twa pitit gason: Gèchon, Keyat ak Merari. 17Men non pitit Gechon yo: Libni ak Chimeyi. 18Keyat te papa Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl. 19Merari te papa Makli ak Mouchi. Men non branch fanmi Levi yo dapre zansèt yo. 20Gèchon te papa Libni, Libni te papa Jakat, Jakat te papa Zima, 21Zima te papa Joak, Joak te papa Ido, Ido te papa Zerak, Zerak te papa Jeatrayi. 22Keyat te papa Aminadab, Aminadab te papa Kore, Kore te papa Asi. 23Asi te papa Elkana, Elkana te papa Ebyasaf, Ebyasaf te papa Asi. 24Asi te papa Tajat, Tajat te papa Ouryèl, Ouryèl te papa Ouzya, Ouzya te papa Sayil. 25Elkana te gen de pitit gason: Amasayi ak Akimòt. 26Akimòt te papa Elkana, Elkana te papa Zofayi, Zofayi te papa Naat, 27Naat te papa Eliyab, Eliyab te papa Jeworam, Jeworam te papa Elkana. Elkana te papa Samyèl. 28Samyèl te gen de pitit gason: Joèl, pi gran an ak Abija, dezyèm lan. 29Merari bò pa l' te papa Makli, Makli te papa Libni, Libni te papa Chimeyi, Chimeyi te papa Ouza. 30Ouza te papa Chimeya, Chimeya te papa Agija, Agija te papa Asaja. 31Men moun David te mete pou reskonsab tout chante nan Tanp Seyè a lè y'a fin enstale Bwat Kontra a ladan l'. 32Se yo ki te konn chante devan Tant Randevou a, jouk wa Salomon te fin bati Tanp Seyè a lavil Jerizalèm. Yo te fè travay yo yonn apre lòt dapre regleman yo te ba yo. 33Men non sanba yo ak tout fanmi yo: Nan fanmi Keyat la te gen Eyman premye sanba, ki te pitit Joèl, ki li menm te pitit Samyèl, 34ki li menm te pitit Elkana, ki li menm te pitit Jeworam, ki li menm te pitit Eliyèl, ki li menm te pitit Toak, 35ki li menm te pitit Zouf, ki li menm te pitit Elkana, ki li menm te pitit Maat, ki li menm te pitit Amasayi, 36ki li menm te pitit Elkana, ki li menm te pitit Joèl, ki li menm te pitit Azarya, ki li menm te pitit Sofoni, 37ki li menm te pitit Tat, ki li menm te pitit Asi, ki li menm te pitit Ebyasaf, ki li menm te pitit Kore, 38ki li menm te pitit Jizeya, ki li menm te pitit Keyat, ki li menm te pitit Levi, ki li menm te pitit Izrayèl. 39Asaf, dezyèm sanba a, te kanpe sou bò dwat Eyman. Asaf te pitit Berekya, ki li menm te pitit Chimeya, 40ki li menm te pitit Mikayèl, ki li menm te pitit Baseja, ki li menm te pitit Malkija, 41ki li menm te pitit Etni, ki li menm te pitit Zerak, ki li menm te pitit Adaja. 42ki li menm te pitit Etan, ki li menm te pitit Zima, ki li menm te pitit Chimeyi, 43ki li menm te pitit Jakat, ki li menm te pitit Gèchon, ki li menm te pitit Levi. 44Etan ki soti nan branch fanmi Merari a te twazyèm sanba a ki te sou bò gòch Eyman. Se pitit Kichi li te ye. Kichi sa a te pitit Abdi, ki li menm te pitit Malouk, 45ki li menm te pitit Asabija, ki limenm te pitit Amazya, ki li menm te pitit Ilkija, 46ki li menm te pitit Amasi, ki li menm te pitit Bani, ki li menm te pitit Chemè, 47ki li menm te pitit Mali, ki li menm te pitit Mouchi, ki li menm te pitit Merari, ki li menm te pitit Levi. 48Lòt moun branch fanmi Levi yo te gen travay pa yo nan sèvis Tanp Seyè a. 49Se Arawon ak pitit li yo ki te pou boule bèt yo te ofri sou lotèl yo te mete la pou sa, ak lansan sou lotèl lansan an. Se yo menm tou ki te reskonsab pou tout sèvis nan kay yo mete apa nèt pou Seyè a, pou mande padon pou peche pèp Izrayèl la, dapre tout regleman Moyiz, sèvitè Bondye a, te bay. 50Men fanmi Arawon yo: Arawon te papa Eleaza, Eleaza te papa Fineas, Fineas te papa Abichwa, 51Abichwa te papa Bouki, Bouki te papa Ouzi, Ouzi te papa Zeraja, 52Zeraja te papa Merajòt, Merajòt te papa Amarya, Amarya te papa Akitoub, 53Akitoub te papa Zadòk, Zadòk te papa Akimaz. 54Men kote fanmi Arawon yo te rete ak limit zòn ki te pou yo. Lè yo fè tiraj osò, se branch fanmi Keyat yo ki soti an premye avèk 55Ebwon, nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Jida a, ansanm ak tout savann pou bèt yo. 56Yo bay Kalèb, pitit Jefoune a, tout jaden ki te andeyò lavil la ak tout ti bouk ki te sou lòd li yo. 57Men lavil yo te bay moun branch fanmi Arawon yo: Ebwon ansanm ak tout savann pou bèt yo, Libna ak tout savann pou bèt yo, Jati ak tout savann pou bèt yo, Estemoa ak tout savann pou bèt yo, 58Ilenn ak tout savann pou bèt yo, Debi ak tout savann pou bèt yo, 59Achan ak tout savann pou bèt yo, Bètchemèch ak tout savann pou bèt yo. 60Nan pòsyon tè moun branch fanmi Benjamen yo, yo ba yo Geba ak tout savann pou bèt yo, Alemèt ak tout savann pou bèt yo, Anatòt ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè antou trèz lavil pou yo te separe bay chak fanmi pa yo apa. 61Yo pran dis lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Efrayim, pou branch fanmi Dann lan ak pou lòt mwatye branch fanmi Manase a, yo bay rès moun nan fanmi Keyat la. 62Trèz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Isaka, branch fanmi Asè, branch fanmi Nèftali ak lòt mwatye branch fanmi Manase nan peyi Bazan an te soti pou branch fanmi Gèchon yo, chak fanmi ak lavil pa yo apa. 63Konsa tou, douz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Woubenn, branch fanmi Gad ak branch fanmi Zabilon soti pou branch fanmi Merari yo, chak fanmi ak lavil pa yo apa. 64Se konsa moun pèp Izrayèl yo bay moun Levi yo lavil sa yo pou yo rete ansanm ak tout savann pou bèt yo. 65Yo te tire osò tou pou yo ba yo lavil nan pòsyon tè branch fanmi Jida, branch fanmi Simeyon ak branch fanmi Benjamen, jan nou sot nonmen yo a. 66Gen kèk fanmi nan branch Keyat la ki te jwenn lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Efrayim lan. 67Yo ba yo tou lavil Sichèm, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon an, ansanm ak tout savann pou bèt yo nan mòn Efrayim lan, Gezè ansanm ak tout savann pou bèt yo, 68Yokmeam ak tout savann pou bèt yo, Bètowon ak tout savann pou bèt yo, 69Ajalon ak tout savann pou bèt yo, 70Gat-Rimon ak tout savann pou bèt yo. Nan pòsyon tè ki pou lòt mwatye branch fanmi Manase a, sou bò solèy kouche, yo ba yo Tanak ak tout savann pou bèt yo, Jibleam ak tout savann pou bèt yo. Tou sa pou rès fanmi nan branch Keyat la. 71Nan pòsyon tè ki pou mwatye branch fanmi Manase a sou bò solèy leve, yo bay moun fanmi Gèchon yo lavil Golan nan peyi Bazan ak tout savann pou bèt yo, lavil Astawòt ak tout savann pou bèt yo. 72Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Isaka a, yo ba yo Kadès ak tout savann pou bèt yo, Dobera ak tout savann pou bèt yo, 73Ramòt ak tout savann pou bèt yo, Anèm ak tout savann pou bèt yo. 74Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Asè a, yo ba yo Machal ak tout savann pou bèt yo, Abdon ak tout savann pou bèt yo, 75Oukòk ak tout savann pou bèt yo, Reyòb ak tout savann pou bèt yo. 76Nan pòsyon tè pou branch fanmi Neftali a, yo ba yo Kadès nan peyi Galile ak tout savann pou bèt yo, Amon ak tout savann pou bèt yo, Kiriyatayim ak tout savann pou bèt yo. 77Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Zabilon an, yo bay Rimono ak tout savann pou bèt yo, Tabò ak tout savann pou bèt yo pou rès moun nan branch fanmi Merari a. 78Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Woubenn lan, sou bò solèy leve larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, yo ba yo Bezè nan dezè a ak tout savann pou bèt yo, Jaza ak tout savann pou bèt yo, 79Kedemòt ak tout savann pou bèt yo, Mefat ak tout savann pou bèt yo. 80Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la, yo ba yo Ramòt nan peyi Galarad ak tout savann pou bèt yo, Manayim ak tout savann pou bèt yo, 81Esbon ak tout savann pou bèt yo, Jazè ak tout savann pou bèt yo.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain