Jou 121 sou 365
1 Istwa 7–9
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
1 Istwa 7
1Isaka te gen kat pitit gason: Tola, Fwa, Yachoub ak Chimwon. 2Tola te gen sis pitit gason: Ouzi, Refaja, Jeryèl, Jakmayi, Jibsam ak Samyèl. Se yo ki te chèf fanmi Tola yo. Se te yon bann vanyan sòlda brave danje. Sou rèy David te gen venndemil sisan (022.600) moun nan branch fanmi sa a. 3Ouzi te gen yon sèl pitit gason: Jizrakya. Jizrakya te gen kat pitit gason: Mikayèl, Obadya, Joèl ak Jichiya. Sa fè antou senk chèf fanmi. 4Yo te gen anpil madanm ak anpil pitit gason. Se konsa branch fanmi sa a te bay anpil gason bon pou fè lagè. Antou trannsimil (036.000). 5Lè yo konte tout branch fanmi Isaka a dapre rejis fanmi yo, yo te rive sou katrevensètmil (087.000) gason antou, tout vanyan sòlda. 6Benjamen te gen twa pitit gason: Bela, Bekè ak Jedyayèl. 7Bela te gen senk pitit gason: Esbon, Ouzi, Ouzyèl, Jerimòt ak Iri. Yo tout te chèf fanmi yo. Yo te vanyan sòlda. Dapre rejis fanmi yo, yo te rive gen venndemil trannkat (022.034) moun nan fanmi yo. 8Men non pitit gason Bekè yo: Zemira, Joas, Elyezè, Elioenayi, Omri, Jeremòt, Abija, Anatòt ak Alamèt. Yo tout te pitit gason Bekè, chèf fanmi yo, tout vanyan sòlda. 9Dapre rejis fanmi yo, te gen venmil desan (020.200) gason antou sou zòd yo. 10Men pitit Jedyayèl la: Bilan. Men pitit Bilan yo: Jeouch, Benjamen, Eyoud, Kenana, Zetan, Tasis ak Akichaka. 11Yo tout te moun fanmi Jedyayèl, chèf fanmi yo ak vanyan sòlda. Yo te gen disètmil desan (017.200) gason bon pou fè lagè. 12Iri te gen de pitit gason: Choupim ak Oupim. Ouchim te pitit Ayè. 13Men pitit gason Neftali yo: Jazeyèl, Gouni, Jezè ak Chaloum. Yo tout te pitit pitit Bila. 14Men pitit gason Manase te fè ak fanm kay peyi Siri a: Asriyèl ak Maki, papa Galarad. 15Maki fè afè ak Maka, yon fanm nan fanmi Oupim ak Choupim. Dezyèm pitit gason Maki a te rele Zelofeyad. Zelofeyad te fè pitit fi ase. 16Maka, madan Maki, fè yon pitit gason. Li rele l' Perès. Frè Perès la te rele Serès. Serès te gen de pitit gason: Oulam ak Rekèm. 17Oulam fè yon pitit gason yo te rele Bedan. Yo tout te pitit Galarad, ki te pitit Maki, ki li menm te pitit Manase. 18Sè Maki a te rele Amolekèt. Li fè twa pitit gason: Ichòd, Abyezè ak Makla. 19Men pitit Chemida yo: se te Akcham, Sichèm, Liki ak Anyam. 20Efrayim te papa Soutelak ki te papa Berèd. Berèd te papa Taka ki te papa Elada. Elada te papa Taka 21ki te papa Zabad. Zabad te papa Soutelak. Efrayim te gen de lòt pitit gason: Ezè ak Elad. Men, moun ki rete nan zòn Gad la touye yo paske yo te vin vòlò mouton yo. 22Lè sa a, Efrayim, papa yo, te pran lapenn pou yo pandan lontan. Se fanmi l' yo ki vin ba l' kouraj. 23Apre sa, li al kouche ak madanm li. Madanm lan vin ansent, li fè yon pitit gason, li rele l' Berya paske malè te tonbe sou kay la. 24Chera, pitit fi Berya a, bati Bètowon anba ak Bètowon anwo. Se li ki bati Ouzennchera tou. 25Berya te papa Refak ki te papa Rechèf. Rechèf te papa Tela ki te papa Takan. 26Takan te papa Layedan ki te papa Amiyoud. Amiyoud te papa Elichama 27ki te papa Noun. Noun te papa Jozye. 28Pòsyon tè yo te ba yo pou yo te rete a se zòn lavil Betèl ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, rive lavil Naaran sou bò solèy leve, lavil Gezè ak tout ti bouk ki sou lòd li yo sou bò solèy kouche, ak zòn lavil Sichèm jouk lavil Aja ak tout ti bouk ki sou lòd li yo. 29Moun Manase yo te kontwole lavil Bèt Chean ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, lavil Tanak ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, lavil Megido ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, ak lavil Dò ak tout ti bouk ki sou lòd li yo. Se nan lavil sa yo moun branch fanmi Jozèf, pitit Jakòb la, t'ap viv. 30Asè te gen kat pitit gason: Imna, Ichva, Ichvi, Berya ak yon pitit fi ki te rele Sera. 31Berya te gen de pitit gason: Ebè ak Malkyèl. Se Malkyèl sa a ki te tabli lavil Bizayit. 32Ebè te gen twa pitit gason: Jaflè, Chomè, Otam ak yon pitit fi yon te rele Chwa. 33Jaflè te gen twa pitit gason tou: Pasak, Bimal ak Achvat. 34Chomè, frè Jaflè a, te gen twa pitit gason tou: Wogach, Wouba ak Aram. 35Otam, lòt frè li a, te gen kat pitit gason: Zofa, Imna, Chelèk ak Amal. 36Men pitit Zofa yo: Swa, Anefè, Chwal, Beri, Imra, 37Bezè, Wòd, Chama, Chilcha, Jitran, Bera. 38Men pitit Jezè yo: Jefounè, Pispa ak Ara. 39Men pitit Oula yo: Ara, Anyèl ak Rizya. 40Tout moun sa yo te moun branch fanmi Asè. Yo tout te chèf fanmi, vanyan sòlda, grannèg. Dapre rejis fanmi yo, te gen vennsimil (026.000) gason ki te gen laj pou fè sèvis lame, epi ki te bon pou fè lagè.
1 Istwa 8
1Benjamen te gen senk pitit gason. Pi gran an te rele Bela, dezyèm lan Achbèl, twazyèm lan Akra, 2katriyèm lan Nora, senkyèm lan Rafa. 3Men non pitit Bela yo: Ada, Gera, Abiyoud, 4Abichwa, Naaman, Akora, 5Gera, Chefoufan ak Ouram. 6- 7Men non pitit Eyoud yo: Naaman, Ajija ak Gera. Yo te chèf branch fanmi ki t'ap viv nan zòn Geba a. Apre sa, yo mete yo deyò, y' al rete Manarat. Se Gera, papa Ouza ak Akiyoud, ki te mennen yo al rete Manarat la. 8- 9Charayim divòse ak de madanm li yo: Ouchim ak Bara. Apre sa, li al rete nan peyi Moab, li marye ak Odèch ki ba li sèt pitit gason: Jobab, Zibya, Mecha, Malkam, 10Jeou, Sakya, Mima. Tout pitit gason l' yo te chèf fanmi. 11Li te gen de lòt pitit gason Ouchim te fè pou li: Abitoub ak Elpal. 12Elpal te gen twa pitit gason: Ebè, Micham ak Chèmèd. Se Chèmèd sa a ki te bati lavil Ono ak lavil Lòd ansanm ak tout ti bouk ki te sou kont li yo. 13Berya ak Chema te chèf fanmi moun ki te rete lavil Ajalon. Se yo ki te mete ansyen moun ki te rete lavil Gat yo deyò. 14Men pitit Berya yo: Akio, Chachak, Jeremòt, 15Zebadya, Arad, Edè, 16Michayèl, Ichpa ak Joa. 17Men non pitit Elpal yo: Zebadya, Mechoulam, Izki, Ebè, 18Ichmerayi, Izlija ak Jobab. 19Men pitit Chimèyi yo: Jakim, Zikri, Zabdi, 20Elyenayi, Ziltayi, Eliyèl, 21Adaja, Beraja ak Chimrat. 22Men pitit Chachak yo: Ichpan, Ebè, Eliyèl, 23Abdon, Zikri, Anan, 24Ananya, Elam, Antotija, 25Ifdeja ak Penwèl. 26Men pitit Jeworam yo: Chamcherayi, Chearya, Atalya, 27Jarechya, Elija ak Zikri. 28Chak mesye sa yo te chèf fanmi yo. Yo te rete lavil Jerizalèm. 29Jeyèl te bati lavil Gabawon kote li te rete. Madanm li te rele Maaka. 30Premye pitit gason l' lan te rele Abdon. Lòt pitit li yo te rele Zou, Kich, Nè, Nadab, 31Gedò, Akio, Zekè 32ak Miklòt ki te papa Chimea. Pitit moun sa yo te rete lavil Jerizalèm bò kote moun ki te menm branch fanmi ak yo. 33Nè te papa Kich ki te papa Sayil. Sayil te gen kat pitit gason: Jonatan, Malchichwa, Abinadab ak Echbaal. 34Jonatan te papa Meribaal ki te papa Mika. 35Mika te gen kat pitit gason: Piton, Melèk, Tarea ak Akaz. 36Akaz te papa Jeojada ki te gen twa pitit gason: Alemèt, Azmavèt ak Zimri. Zimri te papa Moza. 37Moza te papa Binea ki te papa Rafad. Rafad te papa Eleaza ki te papa Azèl. 38Azèl te gen sis pitit gason. Se te Azrikam, Bokwou, Ichmayèl, Chearya, Obadya ak Anan. 39Echèk, frè Azèl la, te gen twa pitit gason: Oulam, Jeouch ak Elifelèt. 40Pitit gason Oulam yo te vanyan sòlda ki te gen anpil ladrès nan sèvi ak banza. Yo te gen sansenkant (0150) pitit ak pitit pitit antou. Tout moun sa yo te fè pati branch fanmi Benjamen an.
1 Istwa 9
1Se konsa yo te make non tout moun pep Izrayèl yo dapre fanmi yo nan liv wa Izrayèl yo. Yo te depòte moun peyi Jida yo lavil Babilòn paske yo pa t' fè volonte Bondye. 2Premye moun nan pèp Izrayèl la ki te tounen vin rete sou tè yo ak nan lavil yo se te prèt yo, moun Levi yo ak moun k'ap travay nan Tanp lan. 3Se lavil Jerizalèm moun nan branch fanmi Jida, moun nan branch fanmi Benjamen, moun nan branch fanmi Efrayim ak moun nan branch fanmi Manase, yo tout al rete. 4Nan moun Jida yo te gen Outayi, pitit gason Amiyoud. Amiyoub sa a te pitit Omri, Omri te pitit Imri, Imri te pitit gason Bani, Bani te soti nan fanmi Perèz, pitit Jida. 5Nan fanmi Chela a te gen Asaja ki te chèf fanmi an. 6Nan fanmi Zerak la te gen Jeoujèl ki te chèf fanmi an. Sa te fè antou sisankatrevendis (0690) moun nan fanmi Jida a ki te rete lavil Jerizalèm. 7Nan moun fanmi Benjamen yo te gen Salou, pitit gason Mechoulam, ki te pitit gason Odavya, ki li menm te pitit gason Asenwa. 8Te gen Jibneja, pitit gason Jeworam, Ela, pitit gason Ouzi, pitit pitit Mikri, ak Mechoulam, pitit Chepatya, ki te pitit Reouyèl, pitit pitit Jibniya. 9Sa te fè antou nèfsansenkannsis (0956) moun nan fanmi Benjamen an ki te rete lavil Jerizalèm. Yo tout te chèf fanmi yo. 10Men prèt ki t'ap viv nan lavil la. Te gen Jedaja, Jeojarib, Jaken, 11Azarya, pitit Ilkija. Ilkija sa a te pitit Mechoulam, Mechoulam te pitit Zadòk, Zadòk te pitit Merajòt, Merajòt te pitit Achitoub. Se li menm Achitoub sa a ki te chèf nan tanp Bondye a. 12Lèfini, te gen Adaja, pitit gason Jeworam. Jeworam sa a te pitit Pachou ki te pitit Malkija. Te gen ankò Masayi, pitit Adyèl. Adyèl sa a te pitit Jazera, Jazera te pitit Mechoulam, Mechoulam te pitit Mechilemit, Mechilemit te pitit Ime. 13Prèt sa yo ak fanmi yo te fè antou milsètsanswasant (01.760) moun ki te chèf fanmi, vanyan gason ki te bon pou sèvis kay Bondye a. 14Men moun Levi ki te rete nan lavil la. Te gen Chemaja, pitit gason Achoub. Achoub sa a te pitit Azrikam, Azrikam te pitit Achabya, nan branch fanmi Merari a. 15Te gen Bakbaka, Erès, Galal ak Matanya. Matanya sa a te pitit Mika. Mika te pitit Zikri, Zikri li menm te pitit Asaf. 16Te gen Obadya, pitit Chemaya. Chemaya sa a te pitit Galal, Galal te pitit Jedoutoun. Pou fini, te gen Berekya, pitit Asa, ki te pitit Elkana ki te rete nan ti bouk moun Netofa yo. 17Men gad ki t'ap fè pòs nan pòtay Tanp lan. Se te Chaloum, Akoub, Talmon, Akiman ak lòt fanmi yo. Se Chaloum ki te chèf yo. 18Jouk jounen jòdi a se yo k'ap fè pòs nan Pòtay Wa ki bay sou bò solèy leve a, kote pou wa a pase a. Nan tan lontan, se yo menm ki te konn fè pòs nan Pòtay Kay moun Levi yo. 19Chaloum, pitit Kore, pitit pitit Ebyazaf nan branch fanmi Kore a, ansanm ak lòt moun nan fanmi Kore a te reskonsab veye pòtay pou antre nan kote ki apa pou Seyè a, tankou zansèt yo te fè l' anvan sa lè yo t'ap veye Pòtay kan Seyè a. 20Yon lè se Fineas, pitit Eleaza a, ki te chèf yo. Seyè a te toujou kanpe avè l'. 21Zakari, pitit Mechelemya, te gad nan pòtay Tant Randevou a tou. 22Antou te gen desandouz (0212) gason yo te chwazi pou fè pòs nan pòtay tanp lan, dapre liv rejis fanmi yo nan ti bouk kote yo moun. Se wa David ak pwofèt Samyèl ki te bay zansèt yo reskonsablite sa a pou tout tan. 23Se konsa, yo menm ak pitit yo yo toujou ap fè pòs nan pòtay Tanp lan, nan pòtay Tant Randevou a. 24Te gen kat pòtay ki te bay sou kat bòn direksyon yo: lès, lwès, nò ak sid. Pou chak pòtay te gen yon chèf gad. 25Fanmi yo ki te rete nan ti bouk yo te vin ede yo nan travay la pandan sèt jou, yonn apre lòt. 26Men, kat chèf gad yo te toujou la desèvis. Se moun fanmi Levi yo te ye. Se yo ki te reskonsab tout pyès chanm ansanm ak tout trezò ki te la nan Tanp lan. 27Yo te rete pase nwit yo toupre Tanp lan, paske se yo ki te reskonsab veye l'. Lèfini, chak maten se yo ki pou te louvri pòtay yo. 28Te gen lòt moun Levi ki te reskonsab tout veso yo sèvi pou fè seremoni yo. Se pou yo te kontwole yo ni anvan ni apre chak seremoni yo. 29Te gen lòt moun Levi ki te reskonsab tout rès bagay ki te nan Tanp lan ansanm ak farin frans, diven, lwil oliv, lansan ak odè yo. 30Men, se prèt yo ki te reskonsab pare odè yo. 31Se yon moun Levi yo te rele Matitya, premye pitit Chaloum nan fanmi Kore a, ki te toujou reskonsab fè gato pou ofrann yo. 32Lòt moun Levi nan fanmi Keyat la te reskonsab pare pen pou yo te mete chak jou repo nan Tanp lan. 33Genyen nan fanmi Levi yo ki te sanba. Chèf fanmi sa yo te viv nan pyès chanm ki te nan Tanp lan. Yo pa t' gen lòt okipasyon pase lajounen kou lannwit yo t'ap fè travay yo. 34Tout mesye sa yo te chèf fanmi moun Levi yo, dapre zansèt yo rive jòdi a. Yo te rete lavil Jerizalèm. 35Jeyèl te bati lavil Gabawon kote li te rete. Madanm li te rele Maaka. 36Premye pitit gason l' lan te rele Abdon. Lòt pitit li yo te rele Zou, Kich, Baal, Nè, Nadak, 37Gedò, Akio, Zèkè ak Miklòt. 38Se Miklòt sa a ki te papa Chimeam. Pitit moun sa yo te rete lavil Jerizalèm bò kote moun ki te menm branch fanmi ak yo. 39Nè te papa Kich ki te papa Sayil. Sayil te gen kat pitit gason: Jonatan, Malchichwa, Abinadab ak Echbaal. 40Jonatan te papa Meribaal ki te papa Mika. 41Mika te gen kat pitit gason: Piton, Melèk, Tarea ak Akaz. 42Akaz te papa Jeojada ki te gen twa pitit gason: Alemèt, Azmavèt ak Zimri. Zimri te papa Moza. 43Moza te papa Binea ki te papa Rafad. Rafad te papa Eleaza ki te papa Azèl. 44Azèl te gen sis pitit gason. Se te Azrikam, Bokewou, Ichmayèl, Chearya, Obadya ak Anan, Se non pitit gason Azèl yo sa.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
