Jou 119 sou 365

1 Istwa 3–4

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

1 Istwa 3

1Men non pitit gason David vin genyen antan li te lavil Ebwon. Pi gran an te rele Amon. Se Akinoam, moun lavil Jizreyèl, ki te manman l'. Dezyèm lan te rele Danyèl. Se Abigayil, moun lavil Kamèl, ki te manman l'. 2Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l'. Katriyèm lan te rele Adonija. Se Agit ki te manman l'. 3Senkyèm lan te rele Chefatya. Se Abital ki te manman l'. Sizyèm lan te rele Jitreyam. Se Egla, madan David, ki te manman l'. 4Sis pitit sa yo te fèt lavil Ebwon kote David te gouvènen pandan sètan sis mwa. Apre sa, David al rete lavil Jerizalèm kote li gouvènen pandan tranntwazan. 5Li fè anpil pitit gason la tou. Batcheba, pitit fi Amiyel la, fe kat pitit gason pou li: Chimea, Chabab, Natan ak Salomon. 6Li te gen nèf lòt pitit gason: Iba, Elichwa, Elpelèt, 7Noga, Nefèg, Jafya, 8Elichama, Elyada, Elifelèt. 9David te fè lòt pitit gason toujou ak lòt fanm kay mete sou sa yo. Li te gen yon pitit fi yo te rele Tama. 10Salomon te papa Woboram, Woboram te papa Abija, Abija te papa Asa, Asa te papa Jozafa, 11Jozafa te papa Joram, Joram te papa Okozyas, Okozyas te papa Joas, 12Joas te papa Amazya, Amazya te papa Azarya, Azarya te papa Jotam, 13Jotam te papa Akaz, Akaz te papa Ezekyas, Ezekyas te papa Manase, 14Manase te papa Amon, Amon te papa Jozyas. 15Jozyas te gen kat pitit gason. Pi gran an te rele Jokanan, dezyèm lan Jojakim, twazyèm lan Sedesyas, katriyèm lan Chaloum. 16Jojakim te papa Jekonya ak Sedesyas. 17Men non fanmi wa Jojakim moun Babilòn yo te fè prizonye a. Jojakim te gen sèt pitit gason: Chealtyèl, 18Malkiram, Pedaja, Chenasa, Jekamya, Ochama ak Nedabya. 19Pedaja te gen de pitit gason: Zowobabèl ak Chimeyi. Zowobabel te gen de pitit gason: Mechoulam ak Ananya, ak yon pitit fi, Chelomit. 20Li te fè senk lòt pitit gason. Se te Achouba, Ojèl, Berekya, Asadya ak Jouchabesèd. 21Ananya te gen de pitit gason: Pelatya ak Jechaya. Jechaya te papa Refaya, Refaya te papa Anan, Anan te papa Obadya, Obadya te papa Chekanya. 22Chekanya te gen yon pitit gason, Chemaya, ak senk pitit pitit: Atouch, Igal, Barya, Nearya ak Chafat. 23Nearya te gen twa pitit gason: Elioenayi, Izkiya ak Azrikam. 24Elioenayi te gen sèt pitit gason: Odavya, Elyachib, Pelaya, Akoub, Joanan, Delaya ak Anani.

1 Istwa 4

1Men non lòt pitit gason Jida te gen: Perèz, Ezwon, Kami, Our ak Chobal. 2Chobal te papa Reaja, Reaja te papa Jakat, Jakat te papa Akoumayi ak Laad. Se yo ki zansèt moun ki rete lavil Zora. 3Etam te pitit Our. Se li ki papa Jizreyèl, Ichma, Idbak ak yon pitit fi yo rele Azelèl-poni. 4Penwèl, yon lòt pitit Our, te papa Gedò. Ezè, yon lòt pitit Our, te papa Oucha. Our te premye pitit Efrata, madan Kalèb. Se branch fanmi l' lan ki te bati lavil Betleyèm. 5Achou, ki te bati lavil Tekoa, te gen de madanm: Ela ak Nara. 6Nara te fè kat pitit gason pou li. Se te Aouzam, Efè, Temeni ak Ayachtari. 7Ela te fè twa pitit gason pou li: Zerèt, Soa ak Etnan. 8Kòz te papa Anoub ak Zobeba. Se li ki zansèt tout branch fanmi Arèl, pitit gason Awoum. 9Te gen yon moun yo te rele Jabez. Nan tout fanmi l', se li menm yo te pi respekte. Manman l' te rele l' konsa, paske li te soufri anpil lè li t'ap fè l'. 10Men Jabèz te lapriyè Bondye pèp Izrayèl la, li te di l': -Tanpri, Bondye, beni mwen. Ban m' anpil tè. Kanpe la ave m'. Pa kite ankenn malè rive m' pou m' pa soufri. Se konsa Bondye ba li sa l' te mande a. 11Keloub, frè Choula, te gen yon pitit gason yo te rele Meyi. Meyi te papa Echton. 12Echton te papa Betrafa, Pasea ak Techima. Se Techima ki te tabli lavil Nagach. Se fanmi moun sa yo ki rete lavil Reka. 13Kenaz te gen de pitit gason: Otnyèl ak Seraja. Otnyèl te gen de pitit gason tou: Atat ak Meonotayi. 14Meonotayi te papa Ofra. Seraja te papa Joab, zansèt moun ki rete nan fon Bòs Atizan yo. Tout moun sa yo te bòs nan metye yo. 15Kalèb, pitit gason Jefoune, te gen twa pitit gason pou tèt pa l': Iwou, Ela ak Nam. Ela te papa Kenaz. 16Jealelèl te gen kat pitit gason: Zif, Zifa, Tirya ak Azareyèl. 17- 18Esdras te gen kat pitit gason: Jetè, Merèd, Efè ak Jalou. Merèd marye ak Bitya, yonn nan pitit fi farawon peyi Lejip la. Yo fè yon pitit fi, Miryam, ak de pitit gason: Chamayi ak Ichba. Ichba te papa Estemoa. Merèd te pran yon fanm nan branch fanmi Jida a tou pou madanm. Madanm sa a ba li twa pitit gason: Jerèd, papa Gedò, Ebè, papa Soko, ak Jekoutiyèl, papa Zanoa. 19Odija marye ak sè Naam lan. Se pitit yo ki zansèt branch fanmi moun Gram yo ki te rete lavil Kejila, ak branch fanmi moun Makat yo ki te rete lavil Estemoa. 20Chimon te gen kat pitit gason: Amnon, Rina, Bennanan ak Tilon. Icheyi te gen de pitit gason: Zoet ak Bennzoèt. 21Men moun ki nan branch fanmi Chela, pitit Jida a: Er, papa Leka, Lada, papa Marecha, branch fanmi moun ki fè bon twal fin nan lavil Bètachbea yo. 22Jokim, moun ki rete lavil Kozeba, Joas ak Saraf. Moun sa yo te marye ak fanm moun peyi Moab, lèfini yo tounen vin rete lavil Betleyèm, dapre sa moun lontan yo ap repete. 23Se moun ki te konn fè veso an tè. Yo te rete lavil Netayim ak lavil Gedera. Se yo ki te konn travay pou wa a. 24Simeyon te gen senk pitit gason: Nemwèl, Jamen, Jarib, Zera ak Sayil. 25Sayil te papa Chaloum, Chaloum te papa Mibsam, Mibsam te papa Michma, 26Michma te papa Amwèl, Amwèl te papa Zakou, Zakou te papa Chimeyi. 27Chimeyi te gen sèz pitit gason ak sis pitit fi. Men lòt frè l' yo pa t' fè anpil pitit. Se konsa branch fanmi Simeyon an pa t' rive gen menm kantite moun ak branch fanmi Jida a. 28Rive sou rèy wa David, moun branch fanmi Simeyon yo te rete nan lavil sa yo: Becheba, Molada, Azachwal, 29Bila, Ezèm, Tolad, 30Betwèl, Oma, Zikla, 31Bètmakabòt, Azasousim, Bètbireyi ak Charayim. 32Yo te rete nan senk lòt kote apre sa: Etam, Ayin, Rimon, Tochenn ak Achan, 33ak tout ti bouk ki nan vwazinaj yo, rive lavil Balat, nan direksyon sid. Tou sa se kote yo t'ap viv ak liv rejis fanmi yo. 34- 35Men moun ki te chèf branch fanmi Simeyon yo: Mechobab, Jamlèk, Jocha, pitit gason Amazya, ak Joèl, Jeou, pitit gason Jozibyas ki te pitit Seraja, pitit pitit Asiyèl, 36Elioenayi, Jakoba, Jekoaja, Asaya, Adyèl, Jezimyèl, Benaja, 37Ziza, pitit gason Chifi, ki te pitit gason Alon. Alon sa a te pitit Jedaja. Jedaja menm te pitit Chimri ki te pitit Chemaja. 38Tout moun nou sot nonmen la yo te chèf nan fanmi yo. Branch fanmi an t'ap peple toujou. 39Y' al chache patiraj pou mouton yo toupre lavil Gedò, sou bò solèy leve nan fon kote lavil la ye a. 40La, yo jwenn yon bon patiraj ki te fre nan yon plenn kote ki pa t' gen bri ni dezòd. Se la moun branch fanmi Kam yo te rete nan tan lontan. 41Sou rèy Ezekyas, wa peyi Jida, moun nou sot bay non yo la a rive lavil Gedò, yo touye moun fanmi Kam yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye. Yo detwi tout lavil la ak ti joupa moun yo. Yo pran plas moun yo nan peyi a, paske te gen anpil bon patiraj pou mouton ak kabrit yo. 42Senksan (0500) lòt moun nan branch fanmi Simeyon an pati pou mòn Seyi, nan peyi Edon. Yo te gen pou chèf kat pitit gason Icheyi yo: Pelatya, Nearya, Refaja ak Ouzyèl. 43Lè yo rive, yo touye rès moun Amalèk yo. Depi lè sa a se la yo rete jouk jounen jòdi a.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain