Jou 10 sou 365
Jenèz 32–35
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Jenèz 32
1Jakòb menm ale chemen chemen l'. Li kontre kèk zanj Bondye sou wout li. 2Lè li wè yo, li di: -Sa se lame Bondye a. Se konsa li rele kote a Manayim. 3Jakòb voye kèk komisyonè devan al jwenn Ezaou, frè li a, nan peyi Seyi, kote Edon te rete a. 4Men sa li ba yo lòd pou yo di: -Men sa n'a di Ezaou, mèt mwen: Jakòb, nèg pa ou la, voye di ou konsa, li te pase tout tan sa a lakay Laban. Se poutèt sa li te pran tout reta sa a pou l' tounen. 5Li gen bèf, bourik, mouton, kabrit, domestik ak sèvant. Li voye di ou sa pou ou ka fè pa l'. 6Lè mesaje yo tounen vin jwenn Jakòb, yo di l': -Nou t ale kote Ezaou, frè ou la. Koulye a li gen tan sou wout pou l' vin kontre ou. Li gen katsan (0400) moun ak li. 7Jakòb te pè anpil. Li te boulvèse. Li pran moun ki te avè l' yo, li fè yo fè de pòsyon. Li fè menm bagay la ak mouton, bèf, chamo li te genyen yo. 8Li t'ap di nan kè l': -Si Ezaou vin atake yon pòsyon, lòt pòsyon an va gen tan chape. 9Jakòb lapriyè, li di: -O Bondye Abraram granpapa m' lan, Bondye Izarak papa m' lan! O Seyè, ou menm ki te di m' tounen nan peyi m' kote m' te fèt la! W'a fè tout bagay mache byen pou mwen. 10Mwen menm k'ap sèvi ou la, mwen pa wè poukisa ou fè m' tout favè sa yo, poukisa ou toujou kenbe pawòl ou avè m'. Lè m' t'ap travèse larivyè Jouden, se annik yon baton mwen te gen nan men m'. Koulye a m'ap tounen, mwen tèlman genyen, mwen ka separe yo fè de pòsyon. 11Tanpri, delivre m' non anba men Ezaou, frè mwen an! Mwen pè pou l' pa vin atake nou, pou l' pa touye ata fanm yo ak timoun yo. 12Chonje sa ou te di m' lan: M'ap fè tout bagay mache byen pou ou. M'ap si tèlman ba ou pitit pitit, moun p'ap ka konte yo. Y'ap tankou grenn sab bò lanmè. 13Jakòb rete pase nwit la kote l' te ye a. Apre sa, nan sa l' te gen avè l' yo, li chwazi ladan yo pou fè Ezaou, frè l' la, kado. 14Li pran desan (0200) fenmèl kabrit ak vin bouk, desan fenmèl mouton ak vin belye, 15trant fenmèl chamo nouris ak tout ti chamo yo dèyè yo, karant manman bèf, dis towo, vin fenmèl bourik ak dis mal bourik. 16Li pran bèt yo, li mete chak kalite apa, li renmèt chak kalite bay yonn nan domestik li yo. Li di yo konsa: -Pran devan mwen. Chak moun ap kite yon distans nan mitan bèt pa l' yo ak bèt ki devan l' yo. 17Epi li pase premye a lòd sa a: -Lè Ezaou, frè m' lan, va kontre ou, l'ap mande ou: Kilès ki mèt ou? Kote ou prale? Pou ki moun bèt sa yo w'ap pouse devan ou konsa a? 18W'a reponn li: Se pou Jakòb, nèg pa ou la. Se yon kado li voye bay Ezaou, mèt mwen an. Li menm, li dèyè, l'ap vini. 19Li pase dezyèm lan, twazyèm lan ak tout lòt moun ki t'ap mache dèyè bèt yo menm lòd la. -Men sa nou gen pou n' di Ezaou, lè nou kontre l'. 20Se pou nou di: Wi, Jakòb, nèg pa ou la, ap vin dèyè nou pye pou pye. Jakòb t'ap di nan kè l'. Avèk tout kado m'ap voye devan m' lan, m'ap fè kè l' kontan. Konsa, lè n'a kontre, ou pa janm konnen, li ka fè pa m'. 21Moun yo pran devan ak kado yo. Men Jakòb rete dèyè, li pase nwit la kote l' te ye a. 22Menm jou lannwit sa a, Jakòb leve, li pran de madanm li yo, de sèvant li yo ak onz pitit gason li yo, li janbe lòt bò larivyè Jabòk, nan pas la. 23Apre li fin fè yo janbe larivyè a, li fè janbe tout sa li te genyen tou. 24Men li menm, li te rete pou kont li dèyè. Lè sa a, gen yon moun ki mare batay ak li, yo goumen jouk devanjou. 25Lè nonm lan wè li pa t' ka bat li, li bay Jakòb yon kou nan ren l'. Se konsa zo ren l' dejwente pandan yo t'ap goumen an. 26Nonm lan di l': -Kite m' ale, paske bajou pral kase. Jakòb reponn li: -Si ou pa beni mwen, mwen p'ap kite ou ale. 27Nonm lan di: -Ki jan ou rele? Li reponn: -Jakòb. 28Nonm lan di l': -Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Y'ap rele ou Izrayèl, paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la. 29Jakòb mande l': -Tanpri, di m' ki jan ou rele? Li reponn: -Poukisa w'ap mande m' ki jan mwen rele? Apre sa li beni Jakòb. 30Jakòb di konsa: -Mwen wè Bondye, mwen pa mouri. Se konsa, li rele kote l' te ye a Penyèl. 31Solèy te gen tan ap leve lè Jakòb kite Penyèl, li t'ap bwete poutèt ren li. 32Se poutèt sa, jouk jòdi a, pitit pitit Izrayèl yo pa manje venn ki kenbe zo ren an, paske se sou venn sa a Bondye te frape Jakòb.
Jenèz 33
1Jakòb leve je l' gade, li wè Ezaou ki t'ap mache vin jwenn li avèk katsan moun dèyè li. Li pran timoun yo, li separe yo, li bay Leya pa l' yo, li bay Rachèl pa l' yo, li bay de sèvant yo pa yo. 2Li mete de sèvant yo devan nèt ak pitit yo, Leya ak pitit li yo nan mitan, Rachèl ak Jozèf dèyè nèt. 3Li menm, li pran mache devan yo tout. Li bese tèt li jouk atè pandan sèt fwa, jouk li rive toupre Ezaou, frè li a. 4Ezaou menm kouri al kontre l', li pase bra l' nan kou l', li bat do l', li bo li. Epi yo tout de yo pran kriye. 5Lè Ezaou voye je l' gade, li wè medam yo ak timoun yo. Li di: -Ki moun sa yo ki avè ou la a? Jakòb reponn li: -tout se pitit Seyè a bay nèg pa ou la. 6Lè sa a, sèvant yo pwoche ak timoun yo, yo bese tèt yo jouk atè devan Ezaou. 7Apre sa, Leya pwoche ak timoun pa l' yo, yo bese tèt yo tout devan li. Andènye nèt, Jozèf ak Rachèl pwoche, yo bese tèt yo tout devan li. 8Ezaou mande l': -Moun mwen kontre pi devan an, poukisa ou te voye yo? Jakòb reponn li: -Se pou m' te ka fè kè ou kontan. 9Ezaou di l': -Frè mwen, mwen gen tout sa m' bezwen. Ou mèt kenbe tou sa ou genyen pou ou. 10Jakòb reponn li: -Non. Si ou kontan wè m' tout bon, tanpri, asepte kado m'ap ba ou yo. Paske, lè mwen kontre ou, se tankou si m' te wè figi Bondye. Gade jan ou resevwa m' byen. 11Tanpri, asepte kado m'ap ba ou yo, paske Bondye te beni m' anpil. Mwen pa manke anyen. Jakòb fòse Ezaou sitèlman, bout pou bout, Ezaou asepte. 12Li di: -Bon. Ann pati. Ann ale. M'ap pran devan ou. 13Men Jakòb reponn li: -Mèt mwen, ou konnen jan timoun yo fèb. Epi, fòk mwen pa bliye fenmèl mouton ak manman bèf yo ki nouris. Si m' fè yo mache twòp yon sèl jou, se kont pou yo tout mouri. 14Tanpri, mèt mwen, ou mèt pran devan nèg pa ou la, mwen menm m'ap vin dèyè ti pa ti pa, jan bèt yo ak timoun yo ka mache, jouk m'a rive lakay ou nan peyi Seyi. 15Ezaou di l': -Bon. m'a kite kèk moun nan moun pa m' yo avè ou? Jakòb reponn: -Se pa nesesè. Yon sèl bagay mwen mande, se pou mèt mwen bliye tout bagay. 16Menm jou a, Ezaou pati tounen nan peyi Seyi. 17Jakòb menm pati pou Soukòt. Lè li rive la, li bati yon kay pou li ak yon pak pou bèt li yo. Se sak fè yo rele kote sa a Soukòt. 18Lè Jakòb tounen soti Mezopotami, li rive anbyen lavil Sichèm, nan peyi Kanaran. Li moute tant li sou moso tè ki anfas lavil la. 19Li achte moso tè kote li te moute tant li a pou san (0100) pyès lajan nan men pitit Amò yo. Se Amò sa a ki te papa Sichèm. 20Jakòb bati yon lotèl la tou. Li rele l': Bondye se Bondye Izrayèl la.
Jenèz 34
1Dena, pitit fi Leya te fè pou Jakòb la, te soti al rann medam peyi a vizit. 2Lè sa a, Sichèm, pitit Amò, moun Evi a, te chèf nan kanton an. Lè li wè Dena, li mete men sou li, li fè kadejak sou li. 3Men Sichèm te tonbe damou pou Dena, pitit fi Jakòb la. Li te pale dous ak tifi a, paske li te renmen l'. 4Sichèm di Amò, papa l': -Al mande pou fi sa a pou mwen. 5Jakòb vin konnen Sichèm te fè kadejak sou Dena, pitit fi li a. Men, paske pitit gason l' yo te nan savann ak bèt yo, li pa di anyen jouk lè yo tounen. 6Amò, papa Sichèm, ale bò kot Jakòb pou fè yon pale sou sa avè l'. 7Lè sa a, pitit gason Jakòb yo t'ap tounen soti nan savann. Lè yo pran nouvèl la, yo te move, yo te fache anpil, paske Sichèm te fè yon bagay grav: li te avili moun Izrayèl yo lè l' te fè kadejak sou pitit fi Jakòb la. Bagay konsa pa t' dwe fèt. 8Amò di yo konsa: -Pitit gason m' lan, Sichèm, fin fou pou fi nou an. Tanpri, kite li marye avè l'. 9Ann pase kontra yonn ak lòt pou nou zanmi. n'a ban nou nan pitit fi nou yo pou madanm pitit gason nou yo. n'a pran nan pitit fi nou yo pou madanm pitit gason nou yo. 10Konsa n'a rete ansanm ak nou nan peyi a. n'a rete kote nou vle, n'a fè kòmès jan nou vle, n'a achte tè nou vle. 11Apre sa, Sichèm di papa ak frè Dena yo: -Fè m' favè sa a, tanpri. m'a ban nou tout sa nou vle. 12Di m' kisa pou m' fè nou kado. Nou mèt mande m' nenpòt ki gwo pri pou maryaj la. M'ap ban nou tout sa n'a mande m'. Men, se pou nou dakò. Kite m' marye ak fi a. 13Men pitit gason Jakòb yo bay Sichèm ak Amò, papa li, yon repons pou woule yo. Paske Sichèm te avili sè yo a, yo t'ap pare yon move kou pou yo. 14Yo di yo: -Nou pa ka kite sè nou an marye ak yon nonm ki pa sikonsi. Se va yon avilisman pou nou. 15N'ap dakò nan yon sèl kondisyon. Se pou nou vin menm jan ak nou, se pou tout gason nan kanton an sikonsi tankou nou. 16Lè sa a atò, n'a kite sè nou an marye avè ou. Nou menm tout n'a ka marye ak pitit fi ou yo. n'a rete nan peyi a ansanm ansanm, n'a tounen yon sèl pèp. 17Men, si nou pa dakò ak kondisyon sa a, si nou pa vle pou yo sikonsi nou, n'ap pran sè nou an, epi nou pral fè wout nou. 18Amò ak Sichèm, pitit gason l' lan, tonbe dakò ak yo pou kondisyon an. 19Se konsa jenn gason an te prese fè sa yo te mande l' fè a, paske li te renmen pitit fi Jakòb la anpil. tout moun kay papa l' te konsidere l' anpil. 20Amò ak Sichèm, pitit gason l' lan, al nan pòtay lavil la, kote tout moun yo te konn reyini, yo pale ak moun peyi a. Yo di yo: 21-Mesye sa yo, se pa moun ki vin pou kont. Ann kite yo rete nan peyi a. Ann kite yo fè trafik yo. Peyi a gen kont plas pou yo. Ann marye ak pitit fi yo, ann kite yo marye ak pitit fi nou yo. 22Mesye sa yo dakò pou yo rete ansanm ak nou, pou nou fè yon sèl pèp. Men yo pase yon kondisyon: se pou tout gason nan mitan nou sikonsi, menm jan yo menm yo sikonsi a. 23Konsa, tout bèt yo, tout byen yo, tout zannimo yo ap vin pou nou yon lè. Se asepte pou n' asepte kondisyon an pou yo ka rete viv ansanm ak nou. 24tout moun ki te reyini bò pòtay lavil la te tonbe dakò ak sa Amò ak Sichèm, pitit li a, te di yo. Se konsa yo sikonsi tout gason ki te la bò pòtay lavil la. 25Twa jou apre, mesye yo t'ap soufri ak sikonsizyon an toujou lè de nan pitit gason Jakòb yo, Simeyon ak Levi, frè menm manman ak Dena yo, pran nepe yo, yo antre nan lavil la san pesonn pa sispèk anyen, yo touye tout gason yo. 26Yo touye Amò ak Sichèm, pitit gason l' lan, yo pran Dena, yo fè l' kite kay Sichèm lan, y al fè wout yo avè l'. 27Lòt pitit Jakòb yo menm jete kò yo sou kadav yo, yo piye lavil la byen piye, paske moun lavil la te avili sè yo a. 28Apre sa, yo pran tout bèt, tout bèf, tout bourik ak tout sa ki te nan lavil la ak nan jaden yo. 29Yo pran tout richès ak tout sa ki te nan kay mesye yo pote ale, yo fè tout pitit yo ak tout medam yo prizonye. 30Apre sa, Jakòb rele Simeyon ak Levi, li di yo: -Gade nan ki traka nou mete m'. Koulye a, moun ki rete nan peyi a, moun Kanaran yo ak moun Perezi yo, pral rayi m'. Mwen pa gen anpil moun. Si yo mete ansanm sou do mwen pou atake m', y'ap touye m' ansanm ak tout moun lakay mwen. 31Men Simeyon ak Levi reponn: -Atò, se pou nou te kite yo trete sè nou an tankou nenpòt jennès!
Jenèz 35
1Bondye di Jakòb: -Leve non, moute al Betèl, epi rete la. Bati yon lotèl la pou Bondye ki te parèt devan ou lan, lè ou t'ap kouri pou Ezaou, frè ou la. 2Se konsa Jakòb rele fanmi l' yo ansanm ak tout lòt moun ki avè l' yo. li di yo: -Pran tout lòt bondye etranje n'ap sèvi yo, voye yo jete. Mete nou nan kondisyon pou sèvi Bondye. Mete rad nèt sou nou. 3Nou pral kite kote nou ye a, nou pral Betèl, kote mwen pral bati yon lotèl pou Bondye ki te reponn lapriyè m' lè m' te anba tray la, pou Bondye ki te la avèk mwen kote m' pase nan vwayaj mwen te fè a. 4Se konsa yo renmèt Jakòb tout bondye etranje yo te gen nan men yo ansanm ak tout zanno yo te gen nan zòrèy yo. Jakòb antere tout sa anba pye bwadchenn ki te toupre lavil Sichèm lan. 5Apre sa, yo pati. tout moun ki te rete nan zòn lan te vin pè Bondye anpil. Yo yonn pa leve al rapouswiv pitit Jakòb yo. 6Jakòb rive ansanm ak tout moun ki te avè l' yo lavil Louz, nan peyi Kanaran. Se lavil sa a yo rele Betèl tou. 7Li bati yon lotèl la, li rele kote a Betèl, paske se la Bondye te parèt devan li lè li t'ap kouri pou frè l' la. 8Lè sa a, Debora, bòn Rebeka a, mouri. Yo antere l' pi ba Betèl, anba pye bwadchenn lan. Se konsa yo rele pye bwadchenn lan: chenn dlo nan je a. 9Lè Jakòb te tounen soti Mezopotami, Bondye parèt ankò devan li, li beni li. 10Bondye di l' konsa: -Yo rele ou Jakòb pa sa? Men, yo p'ap rele ou Jakòb ankò, y'a rele ou Izrayèl. Depi lè sa a, se Izrayèl yo rele l' vre. 11Bondye di l' ankò: -Se mwen menm Bondye ki gen tout pouvwa a. W'ap gen anpil pitit ak pitit pitit. Gen ladan yo k'ap wa. W'ap si tèlman gen anpil pitit pitit, y'a tounen yon kantite nasyon. 12Peyi mwen te bay Abraram ak Izarak la, m'ap ba ou li tou. Apre sa, m'ap bay pitit pitit ou yo li. 13Apre sa, Bondye kite l' kote li t'ap pale ak li a, li moute nan syèl. 14Jakòb pran yon gwo wòch, li plante l' pou l' make kote Bondye te pale avèk li a. Li pran diven, li wouze wòch la, apre sa li vide lwil sou li. 15Li rele kote Bondye te pale avè l' la Betèl. 16Apre sa, yo pati yo kite Betèl. Yo pa t' twò lwen rive lavil Efrata lè lè a te rive pou Rachèl akouche. Li t'ap soufri anpil. 17Lè doulè a te pi rèd, fanmchay la di l': -Ou pa bezwen pè. Ou fè yon pitit gason ankò. 18Rachèl tapral mouri, li t'ap rann dènye souf li lè li rele pitit la Bennoni. Men papa a rele l' Benjamen. 19Rachèl mouri, yo antere l' sou wout lavil Efrata. Se lavil sa a yo rele Betleyèm lan tou. 20Jakòb make tonm lan ak yon gwo wòch: yo rele l' Moniman tonm Rachèl la. Wòch la la jouk jòdi a. 21Apre sa, Izrayèl pati, li al moute tant li lòt bò Migdaledè. 22Antan Jakòb t'ap viv nan peyi sa a, Woubenn al kouche ak Bila, yonn nan fanm papa l' yo. Izrayèl vin konn sa, li te fache anpil. Jakòb te gen douz pitit gason. 23Men non pitit Leya te fè pou li yo: Woubenn, premye pitit gason l' lan, Simeyon, Levi, Jida, Isaka ak Zabilon. 24Men non pitit Rachèl te fè pou li yo: Jozèf ak Benjamen. 25Men non pitit Bila, sèvant Rachèl la, te fè pou li yo: Dann ak Nèftali. 26Men non pitit Zilpa, sèvant Leya a, te fè pou li yo: Gad ak Asè. Se tout pitit gason sa yo Jakòb te genyen antan li te nan peyi Mezopotami. 27Jakòb al wè papa l' Izarak, nan Manmre (yo rele kote sa a Kija aba tou, ou ankò Ebwon). Se la Abraram ak Izarak te pase tout lavi yo. 28Izarak te gen sankatreven lanne sou tèt li 29lè li mouri. Li te fin granmoun, li te wè kont jou li lè l' al jwenn moun li yo ki te mouri deja. Ezaou ak Jakòb, pitit gason l' yo, antere li.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
