Jou 11 sou 365

Jenèz 36–38

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Jenèz 36

1Men pitit pitit Ezaou yo. Se Ezaou sa a yo te rele Edon. 2Ezaou te chwazi fi nan moun peyi Kanaran yo pou madanm. Yonn te rele Ada. Se te pitit fi Elon, yon moun Et. Yon lòt te rele Olibama, pitit fi Ana, ki li menm te pitit fi Zibeyon, yon moun Evi. 3Li te marye tout ak Basmat, pitit fi Izmayèl la, sè Nebajòt. 4Se Ada ki te fè Elifaz pou Ezaou. Basmat te fè Reouyèl, 5Olibama menm te fè Jeouch, Jalam epi Kore. Se tout pitit sa yo Ezaou te fè antan li te nan peyi Kanaran. 6Yon jou, Ezaou pran madanm li yo, pitit gason l' yo, pitit fi li yo, tout moun ki te lakay li, tout mouton l' yo, tout kabrit li yo ansanm ak tou sa li te genyen nan peyi Kanaran, li pati pou yon lòt peyi byen lwen Jakòb, frè li. 7Li te fè sa paske tè kote li t'ap viv ansanm ak Jakòb, frè l' la, te vin twò piti pou yo. Yo te vin gen twòp bèt, yo pa t' kapab rete ansanm ankò menm kote a. 8Se konsa Ezaou, yo rele Edon tou, al rete nan mòn Seyi. 9Men pitit pitit Ezaou, papa moun Edon yo ki rete nan mòn Seyi a. 10Men non pitit gason Ezaou yo: Se te Elifaz, pitit Ada, madanm Ezaou, ak Reouyèl, pitit Basmat, madanm Ezaou tou. 11Men non pitit gason Elifaz yo: Se te Teman, Oma, Zefo, Gayetan ak Kenaz. 12Elifaz, pitit Ezaou a, te gen yon fanm kay yo te rele Timna. Se li ki manman Amalèk. Sa yo se tout pitit pitit gason Ada, madanm Ezaou. 13Men non pitit gason Reouyèl yo: Se te Naat, Zerak, Chanma ak Miza. Sa yo se pitit pitit gason Basmat, madanm Ezaou. 14Men non pitit gason Olibama, madanm Ezaou, te fè pou li: Jeouch, Jalam ak Kore. Olibama te pitit fi Ana, pitit fi Zibeyon. 15Men chèf branch fanmi pitit pitit Ezaou yo. Men non tout pitit gason Elifaz, premye pitit gason Ezaou a: Se te Teman, Oma, Zefo, Kenaz, 16Kore, Gayetan ak Amalèk. Yo tout te chèf. Se pitit Elifaz sa yo ki te chèf nan peyi Edon an: Yo tout se pitit pitit Ada yo ye. 17Men non pitit gason Reouyèl, pitit gason Ezaou a: Se te Naat, Zerak, Chanma ak Miza. Yo tout te chèf tou. Se pitit Reouyèl sa yo ki te chèf nan peyi Edon an. Yo tout se pitit pitit Basmat, madanm Ezaou, yo ye. 18Men non tout pitit gason Olibama, madan Ezaou: Se te Jeouch, Jalam ak Kore. Yo tout te chèf. Se chèf sa yo ki te pitit Olibama, madan Ezaou. Olibama te pitit fi Ana. 19Se te non tout pitit pitit Ezaou yo sa. Yo te rele Ezaou Edon tou. Se yo ki te chèf branch fanmi yo. 20Men non tout pitit gason Seyi, moun peyi Ori. Se yo menm ki rete nan peyi a depi lontan. Se Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana, 21Dichon, Ezè ak Dichan. Se chèf moun peyi Ori yo sa. Yo se pitit gason Seyi nan peyi Edon. 22Men non pitit Lotan yo: Se te Ori ak Eman. Timna te sè Lotan. 23Men non pitit Chobal yo: Se te Alvan, Manaat, Ebal, Chefo ak Anam. 24Men non pitit Zibeyon yo: Se te Aja ak Ana. Se Ana sa a ki te jwenn sous dlo cho yo nan dezè a, lè l' t'ap gade bourik Zibeyon, papa l' yo. 25Men non pitit Ana yo: Se te Dichon, yon gason ak Olibama, yon fi. 26Men non pitit gason Dichon yo: Se te Emdan, Echban, Jitran ak Keran. 27Men non pitit gason Ezè yo: Se te Bilan, Zavan ak Akan. 28Men non pitit gason Dichan yo: Ouz ak Aran. 29Men non chèf moun peyi Ori yo: Se te Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana, 30Dichon, Ezè, Dichan. Se te tout chèf moun Ori yo sa. Se yo ki te chèf branch fanmi moun Ori yo nan peyi Seyi. 31Men wa ki te gouvènen peyi Edon an, anvan te gen ankenn wa pou gouvènen pèp Izrayèl la. 32Bela, gason Beyò a, t'ap gouvènen peyi Edon. Yo te rele lavil kote li te rete a Denaba. 33Lè Bela mouri, se Jobab, gason Zerak la, moun lavil Bozra, ki te gouvènen nan plas li. 34Lè Jobab mouri, se Oucham, moun peyi Teman, ki te gouvènen nan plas li. 35Lè Oucham mouri, se Adad, pitit gason Bedad la, ki te gouvènen nan plas li. Se Adad sa a ki te bat moun peyi Madyan yo nan plenn Moab la. Yo te rele lavil kote li te rete a Avit. 36Lè Adad mouri, se Samla, moun Masreka, ki te gouvènen nan plas li. 37Lè Samla mouri, se Sayil, moun lavil Reyobòt bò gwo larivyè Lefrat la, ki te gouvènen nan plas li. 38Lè Sayil mouri, se Baalanan, pitit gason Akbò a, ki te gouvènen nan plas li. 39Lè Baalanan, pitit gason Akbò a, mouri, se Ada ki te gouvènen nan plas li. Yo te rele lavil kote li te rete a Paou. Madanm li te rele Metabèl. Se te pitit fi Matrèd ki poutèt pa l' tè pitit fi Mezarab. 40Men lis non tout pitit Ezaou yo ki te chèf ansanm ak non branch fanmi yo ak non kote yo te rete: Timna, Alva, Jetèt, 41Olibama, Ela, Penon, 42Kenaz, Teman, Mibza, 43Magdiyèl, Iram. Se non chèf Edon yo sa ansanm ak non kote yo te rete nan peyi a. Se Ezaou ki papa yo tout nan peyi Edon.

Jenèz 37

1Men Jakòb rete rete l' nan peyi Kanaran kote papa l' te pase tout lavi l'. 2Men istwa fanmi Jakòb la. Jozèf te yon jenn gason disètan. Li t'ap gade mouton ak kabrit ansanm ak frè l' yo, pitit gason Bila ak Zilpa, fanm kay papa l' yo. Li te konn rapòte bay papa l' tout vye bagay yo t'ap fè. 3Izrayèl menm te renmen Jozèf plis pase tout lòt pitit li yo, paske li te fin granmoun lè Jozèf te fèt. Li fè yon bèl varèz long ak manch pou li. 4Lè frè l' yo wè jan papa yo te renmen Jozèf plis pase yo, yo pran rayi l'. Yo pa t' louvri bouch avè l' san yo pa joure l'. 5Yon jou, Jozèf fè yon rèv. Li rakonte l' bay frè li yo. Sa te fè yo rayi l' pi plis toujou. 6Li di yo: -Mesye, tande yon rèv mwen fè. 7Mwen wè nou tout nou te nan jaden, chak moun t'ap mare yon pakèt zèb. Pakèt mwen an rete konsa li kanpe tout dwat pou kont li, epi tout pakèt pa nou yo fè wonn li, yo vin bese tèt devan pa m' lan tankou moun y'ap salwe. 8Frè l' yo di l': -Anhan! Ou vle di ou pral chèf nou, ou pral kòmande nou! Yo te vin rayi l' pi plis toujou poutèt rèv li te di yo li fè a. 9Apre sa, Jozèf fè yon lòt rèv ankò. Li rakonte l' bay frè li yo. Li di yo: -Mwen fè yon lòt rèv. Mwen wè solèy la, lalen lan ansanm ak onz zetwal ki t'ap bese tèt devan mwen. 10Li rakonte rèv la bay papa l' ansanm ak frè l' yo. Men papa a t'ap rale zòrèy li, li t'ap di l': -Ki kalite rèv w'ap fè konsa a? Koulye a, se pou mwen menm, manman ou ansanm ak onz frè ou yo, pou nou vin bese tèt devan ou? 11Frè Jozèf yo t'ap fè jalouzi, men papa l' t'ap kalkile tout bagay sa yo nan tèt li. 12Frè Jozèf yo leve, y ale jouk Sichèm ak bann bèt papa yo pou fè yo manje. 13Izrayèl rele Jozèf, li di l' konsa: -Frè ou yo mennen bèt yo jouk Sichèm al manje. Vini non, m'ap voye ou bò kote yo pou mwen. Jozèf reponn: -Men mwen wi, papa. 14Izrayèl di l' konsa: -Tanpri, ale we kouman frè ou yo ak bèt yo ye laba a. Apre sa, tounen vin pote nouvèl yo ban mwen. Konsa, se papa l' menm ki te fè l' pati kite Fon Ebwon an. Lè Jozèf rive Sichèm, 15li pèdi wout li nan savann lan, li kontre ak yon nonm ki mande l': -Kisa w'ap chache konsa? 16Jozèf reponn li: -M'ap chache frè m' yo. Tanpri, di m' ki kote yo mennen bèt yo al manje. 17Nonm lan di l': -Yo te isit la wi, men yo pati deja. Mwen tande yo t'ap di yo pral Dotan. Jozèf pati dèyè frè l' yo, li jwenn yo Dotan. 18Men, anvan Jozèf te rive, yo te gen tan wè l' byen lwen ap vini. Yo fè konplo pou yo touye l'. 19Yonn di lòt: -Men nonm ki renmen fè rèv la ap vini. 20Annou wè. N'ap touye l', n'ap jete kadav la nan yonn nan pi yo. Epi n'a di se bèt nan bwa ki touye l'. Konsa n'a wè si sa l' te wè nan rèv li yo va rive vre. 21Woubenn t'ap koute yo, li t'ap chache yon jan pou sove Jozèf anba men yo. Li di yo: -Piga nou touye l'. 22Pa fè san koule. Ann voye l' jete nan pi sa a ki nan dezè a. Men, pa leve men sou li. Li t'ap di yo sa paske li te fè lide sove l' anba men yo pou l' te voye l' tounen bay papa l'. 23Lè Jozèf rive bò kote frè l' yo, yo wete bèl varèz long ak manch ki te sou li a. 24Yo pran l', yo jete l' nan pi a. Pi a te vid, li pa t' gen dlo. 25Apre sa, yo chita pou yo manje. Pandan yo leve je yo, konsa yo wè yon kolonn moun Izmayèl ki t'ap vwayaje. Yo te soti Galarad. Chamo yo te chaje ak gonm bwa, lansan ak lami yo t'ap pote al vann nan peyi Lejip. 26Jida di frè l' yo konsa: -Sa sa ap rapòte nou pou nou touye frè nou an epi apre sa pou nou kache sa? 27Annou vann li ak moun Izmayèl yo. Konsa nou p'ap bezwen leve men nou sou li. Apre tou, se frè nou li ye, se menm san ak nou. Frè l' yo tonbe dakò. 28Lè machann Madyan yo vin ap pase, yo rale Jozèf moute sot nan pi a. Yo vann li ak moun Izmayèl yo pou vin pyès lajan. Moun Izmayèl yo menm mennen l' nan peyi Lejip. 29Lè Woubenn tounen nan pi a, li pa jwenn Jozèf ladan l'. Sa te fè l' lapenn anpil. Li chire rad ki te sou li a. 30Li tounen al jwenn frè li yo, li di yo: -Ti gason an pa nan pi a non! Kisa m' pral fè koulye a? 31Yo touye yon bouk kabrit, yo pran bèl varèz Jozèf la, yo tranpe l' nan san an. 32Yo voye varèz la bay papa yo ak komisyon sa a: -Men sa nou jwenn. Gade wè si se pa varèz pitit gason ou lan. 33Jakòb rekonèt rad la, li di: -Men wi, se varèz pitit gason m' lan. Se yon bèt nan bwa ki devore l'. Bèt la dechèpiye l' nèt. 34Sa ou tande a, yon sèl lapenn pran Jakòb, li chire rad ki te sou li, li mare yon tanga sak nan ren li. Li pase kèk tan ap kriye pou pitit gason l' lan. 35tout lòt gason l' yo ansanm ak pitit fi l' yo te vin ba l' kouraj, men li te refize tande sa yo t'ap di l'. Li t'ap plede repete: -M'ap kriye pou pitit gason m' lan jouk m al jwenn li lè m'a mouri. Se konsa li t'ap kriye pou pitit gason l' lan. 36Pandan tout tan sa a, moun Madyan yo te gen tan vann Jozèf nan peyi Lejip ak Potifa, yonn nan chèf lame farawon an. Se li menm ki te kòmandan gad palè yo.

Jenèz 38

1Lè sa a, Jida kite frè l' yo, li al jwenn Ira, yon nonm lavil Adoulam. 2Antan li la, li wè yon fi. Papa fi a te yon moun peyi Kanaran yo te rele Chwa. Jida marye ak fi a, li kouche avè l'. 3Madanm lan vin ansent, li fè yon pitit gason. Jida rele pitit la Er. 4Madanm lan vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason, yo rele l' Onan. 5Li fè yon lòt pitit gason ankò, yo rele l' Chela. Jida te lavil Kezib lè madanm li fè Chela. 6Jida chwazi yon fi yo rele Tama pou Er, premye pitit gason l' lan. 7Men Er, premye pitit Jida a, pa t' fè Seyè a plezi paske li te twò mechan. Se konsa Seyè a te fè l' mouri. 8Lè sa a, Jida di Onan: -Ale jwenn madanm frè ou la, kouche avè l'. Se devwa ou, paske ou se frè mari l' ki mouri. Konsa, w'a fè yon pitit pou frè ou pou non li pa pèdi. 9Men Onan te konnen pitit la pa t'ap pou li. Se konsa, chak fwa li kouche ak madanm frè li a, li voye atè pou li pa t' fè pitit pou frè li a. 10Sa l' t'ap fè a pa t' fè Seyè a plezi. Se konsa Seyè a fè l' mouri tou. 11Lè sa a, Jida di Tama, bèlfi li a: -Ou mèt tounen kay papa ou, rete vèv san marye jouk tan Chela, lòt gason m' lan, vin gran. Li te di l' sa paske li te pè pou Chela pa t' mouri tankou frè l' yo. Tama menm tounen rete kay papa l'. 12Kèk tan apre sa, madanm Jida, pitit fi Chwa a, mouri. Apre Jida te fin fè sa pou l' te fè pou lanmò a, li moute al Timna ansanm ak zanmi l' lan, Ira, moun Adoulam lan. Li tapral wè moun ki t'ap taye lenn mouton l' yo pou li. 13Yo fè Tama konn sa, yo di l': -Gade. Men bòpè ou ap moute al Timna, pou l' fè taye lenn mouton li yo. 14Se konsa, Tama wete rad vèv ki te sou li a, li kouvri tèt li ak yon vwal, li al chita bò pòtay lavil Enayim, sou chemen ki mennen Timna a. Li te wè Chela te fin gran, men Jida pa t' pran l' bay Chela pou madanm. 15Lè Jida wè l', li konprann se te yon jennès, paske figi l' te kouvri. 16li al jwenn li bò chemen an, li di l': -vin non. Kite m' kouche avè ou. Li pa t' konnen se bèlfi li li te ye. Tama di li: -Kisa w'ap ban mwen pou m' kite ou kouche avè m'. 17Jida reponn li: -m'a voye yon jenn kabrit ba ou nan bèt mwen yo. Tama di li: -Kisa w'a ban m' kenbe jouk ou voye l' ban mwen. 18Jida reponn li: -Kisa ou vle m' ba ou kenbe? Tama di li: -Letanp ou a ak tout kòd li, ansanm ak baton ki nan men ou lan. Jida ba li yo. Li kouche ak li. Tama vin ansent pou li. 19Apre sa Tama leve, li al fè wout li. Li wete vwal la, epi li mete rad vèv li sou li ankò. 20Jida voye zanmi l', moun lavil Adoulam lan, ak jenn kabrit la pou l' te ka reprann sa l' te bay fanm lan kenbe a. Men zanmi l' lan pa t' kapab jwenn fanm lan. 21Li mande mesye ki te la yo. Kote jennès ki te chita bò chemen an, sou pòtay lavil Enayim lan? Yo reponn li: -Pa janm gen ankenn jennès bò isit la. 22Li tounen al jwenn Jida, li di l': -Mwen pa jwenn li non. Mesye nan zòn lan di m' pa janm gen ankenn jennès bò la. 23Jida di l': -Pa fatige kò ou chache reprann sak nan men l' lan. Moun va pase m' nan betiz twòp. Mwen voye kabrit la ba li, ou pa jwenn li. Kite sa! 24Sou twa mwa konsa, yo vin di Jida: -Tama, bèlfi ou la, lage kò l' nan jennès. Li gen tan ansent. Jida di yo: -Pran l', mennen l' deyò lavil la. Mete dife anwo l' jouk li mouri. 25Yo t'ap mennen Tama deyò lavil la lè li voye komisyon sa a bay bòpè li: -Se pou mèt bagay sa yo mwen ansent. Gade wè si ou rekonèt ki moun ki mèt letanp sa a ak tout kòd li ansanm ak baton sa a? 26Jida rekonèt yo, li di: -Li gen rezon. Se mwen menm ki antò. Mwen te dwe fè l' marye ak Chela, pitit gason m' lan. Jida pa t' kouche avè l' ankò. 27Lè lè a rive pou Tama akouche, yo wè li te gen marasa nan vant li. 28Pandan li te gen tranche, yonn nan timoun yo lonje men l' deyò. Fanmchay la kenbe men an, li mare yon moso fil wouj ladan l'. Li di: -Sa a fèt anvan. 29Men pitit la rale men an antre, epi se lòt frè a ki soti anvan. Fanmchay la di: -Se konsa ou fè chemen pou ou pase! Se poutèt sa yo rele l' Perèz. 30Apre sa, frè li a soti ak fil wouj la mare nan men l'. Yo rele l' Zerak.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain