Jou 9 sou 365
Jenèz 29–31
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Jenèz 29
1Jakòb pran mache ankò, li ale nan direksyon peyi moun ki rete bò kote solèy leve a. 2Li rete konsa, li wè yon pi nan mitan savann lan. Te gen twa bann mouton ki te kouche bò pi a. Se nan pi sa a yo te konn pran dlo pou bay bèt yo bwè. Men te gen yon gwo wòch ki te bouche bouch pi a. 3Lè tout bèt yo te sanble, gadò yo te met ansanm pou wete wòch la sou bouch pi a pou fè bèt yo bwè. Apre sa, yo tounen met kouvèti a sou bouch pi a ankò. 4Jakòb mande gadò mouton yo konsa: -Zanmi m' yo, moun ki bò nou ye? Yo reponn li: -Nou se moun Karan. 5Li di yo: -Eske nou konnen Laban, pitit Nakò a? Yo reponn li: -Men wi, nou konnen l'. 6Li mande yo: -Ban m' nouvèl li non. Li byen? Yo reponn li: -Li byen wi. Gade, men Rachèl, pitit fi li a, k'ap vini ak bann mouton li yo. 7Jakòb di yo: -Men, solèy la byen wo toujou, se poko lè pou nou antre mouton yo. Sak fè nou pa bay yo bwè, epi nou ta tounen mete yo nan manje? 8Yo reponn li: -Nou pa ka fè sa. Fòk nou tann tout bann mouton yo sanble. Atòkile, nou tout n'a met men ansanm pou n' woule wòch ki sou bouch pi a. Se lè sa a n'a bay mouton yo bwè. 9Jakòb t'ap pale ak yo toujou lè Rachèl vin rive ak bann mouton papa l' yo. Se li menm ki te gade mouton l' yo pou li. 10Kou Jakòb wè Rachèl, pitit fi Laban, frè manman l' lan, avèk bann mouton Laban yo, li pwoche, li woule wòch ki te sou bouch pi a, li bay bann mouton Laban yo bwè. 11Lè l' fini, li bo Rachèl. Apre sa, li pran kriye. 12Jakòb fè Rachèl konnen se ti fanmi Laban li ye, pitit Rebeka, sè Laban an. Rachèl kouri al di papa l' sa. 13Lè Laban tande se pitit sè li a, li kouri al jwenn li. Li pran l', li pase men nan kou l', li bo l', epi li mennen l' lakay li. Rive yo rive Jakòb rakonte l' tout sak te pase. 14Lè sa a, Laban di l': -Aa wi, se ras mwen ou ye vre. Jakòb rete pase yon mwa lakay Laban. 15Laban mande Jakòb: -Ou se fanmi m', se vre. Men, sa pa vle di fòk ou sevi m' gratis pou sa. Di m' konbe pou m' peye ou? 16Laban te gen de pitit fi. Pi gran an te rele Leya, pi piti a te rele Rachèl. 17Leya te gen je pichpich, men Rachèl te gen bèl fòm kò, li te bèl anpil. 18Jakòb te renmen Rachèl. Li reponn Laban: M'ap sèvi avè ou sèt lanne pou Rachèl, dezyèm pitit fi ou la. 19Laban di l': Pito se ou menm mwen bay li pase m' bay yon lòt moun li. Ou mèt rete lakay mwen. 20Se konsa Jakòb pase sètan ap travay kay Laban pou l' te ka marye ak Rachèl. Sèt lanne yo te pase tankou dlo, paske li te renmen ti fi a. 21Lè lè a rive, Jakòb di Laban: -Bon. Li lè atò pou ou ban m' pitit fi ou la pou m' ka marye avè l'. 22Se konsa Laban fè yon gwo resepsyon nòs, li envite tout moun nan kanton an. 23Men aswè, li te pran Leya, pitit fi li a, li mennen l' bay Jakòb ki kouche avè l'. 24Laban te pran Zilpa, yonn nan sèvant li yo, li bay Leya pou sèvant pa li. 25Nan denmen maten, Jakòb vin wè se Leya yo te ba li. Li di Laban: -Kisa ou fè m' konsa? Eske se pa pou Rachèl mwen te sèvi avèk ou? Poukisa ou ban m' koutba sa a? 26Laban di l': -Se pa koutim nou isit pou n' marye ti sè anvan gran sè. 27Tann senmenn lan fin pase. Lè sa a, n'a fin fete nòs la. Apre sa, m'a ba ou Rachèl, si ou dakò pou sèvi avè m' pandan sèt lòt lanne ankò. 28Jakòb tonbe dakò. Lè senmenn fèt la fin pase, Laban pran lòt pitit fi l' la, Rachèl, li bay Jakòb li pou madanm tou. 29Laban pran Bila, yonn nan sèvant li yo, li bay Rachèl li pou sèvant li. 30Jakòb kouche ak Rachèl. Li te renmen l' pi plis pase Leya. Li sèvi ak Laban pandan sèt lanne ankò. 31Lè Seyè a wè jan Jakòb pa t' renmen Leya, li fè l' fè pitit. Men, Rachèl pa t' kapab fè pitit. 32Leya vin ansent, li fè yon pitit gason, li di: -Seyè a wè jan m'ap soufri. Koulye a, mari m' va renmen m'. Se konsa li rele l' Woubenn. 33Leya vin ansent ankò, li fè yon lòt gason. Li di: -Seyè a ban m' yon lòt gason ankò, paske li wè jan mari m' pa renmen m' menm. Se konsa li rele l' Simeyon. 34Li vin ansent yon twazyèm fwa, li fè yon lòt pitit gason ankò. Li di: -Fwa sa a, mari m' pral rete avè m' nèt paske mwen fè twa pitit gason pou li. Se konsa li rele l' Levi. 35Apre sa, li vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason. Li di: -Fwa sa a, m'ap fè lwanj Seyè a. Se konsa li rele l' Jida. Apre sa, Leya sispann fè pitit.
Jenèz 30
1Lè Rachèl wè li pa t' kapab fè pitit pou Jakòb, li vin gen yon sèl jalouzi kont sè li a, li di Jakòb: -Fè m' fè pitit! Si se pa sa m'ap mouri sou kont ou! 2Jakòb fè kòlè sou Rachèl, li di li: -Eske se mwen ki Bondye? Se li menm ki anpeche ou fè pitit. 3Rachèl di li: -Bon. Men Bila, sèvant mwen an. Kouche avè l'. La fè yon pitit pou mwen. Konsa, gremesi Bila, m'a gen pitit tou. 4Se konsa, Rachèl te pran sèvant li a, li bay Jakòb pou madanm. Jakòb kouche ak Bila. 5Bila vin ansent, li fè yon ti gason pou Jakòb. 6Lè sa a, Rachèl di: -Seyè a rann mwen jistis. Li tande vwa mwen. Li ban m' yon gason. Se poutèt sa Rachèl te rele pitit la Dann. 7Apre sa, Bila, sèvant Rachèl la, vin ansent ankò, li fè yon dezyèm gason pou Jakòb. 8Rachèl di: -Mwen t'ap mennen yon gwo batay kont sè m' lan devan Bondye. Men se mwen ki genyen. Se konsa li rele pitit la Nèftali. 9Lè Leya wè li te sispann fè pitit, li pran Zilpa, sèvant li a, bay Jakòb pou madanm tou. 10Zilpa, sèvant Leya a, fè yon ti gason pou Jakòb. 11Leya di: -Ala fanm gen chans se mwen menm! Se konsa li rele pitit la Gad. 12Zilpa, sèvant Lea a, fè yon dezyèm pitit gason pou Jakòb. 13Leya di konsa: -Ala benediksyon mwen jwenn! Koulye a medam yo pral di jan mwen se yon fanm ki beni. Se konsa li rele pitit la Asè. 14Pandan rekòt ble a, Woubenn soti al nan jaden, li jwenn kèk mandragò. Li pote rasen yo bay Leya, manman li. Rachèl di Leya konsa: -Tanpri, ban m' kèk moso rasen mandragò pitit ou pote pou ou a. 15Leya reponn li: -Atò ou pa fè m' ase? Ou fin pran mari m', koulye a ou vle pran mandragò pitit gason m' lan tou? Rachèl di l': -Enben, Jakòb va kouche avè ou aswè a pou mandragò pitit gason ou lan. 16Nan aswè, lè Jakòb parèt sot nan jaden, Leya soti al kontre l', li di l' konsa: -Se pou ou vin kouche avè m' aswè a, paske mwen bay mandragò pitit gason m' lan pou sa. Se konsa, jou swa sa a, Jakòb kouche avèk Leya. 17Bondye reponn lapriyè Leya a. Li vin ansent, epi li fè yon senkyèm pitit gason pou Jakòb. 18Leya di: -Bondye ban m' sa m' merite a, paske mwen te bay mari m' sèvant mwen an pou madanm. Se konsa, Leya rele pitit gason an Isaka. 19Leya vin ansent ankò, li fè yon sizyèm pitit gason pou Jakòb. 20Leya di: -Bondye fè m' yon bèl kado. Fwa sa a, mari m' pral pou mwen nèt, paske mwen fè sis pitit gason pou li. Se konsa li rele pitit la Zabilon. 21Apre sa, li fè yon pitit fi. Li rele l' Dena. 22Lè sa a, Bondye vin chonje Rachèl, li reponn lapriyè li, li fè l' ka fè pitit. 23Se konsa Rachèl vin ansent, li fè yon pitit gason. Li di: -Bondye fè yo sispann pase m' nan rizib. 24Epi Rachèl rele pitit gason an Jozèf, paske li te di: -Se pou Seyè a ba m' yon lòt gason ankò. 25Apre Rachèl te fè Jozèf, Jakòb di Laban konsa: -Kite m' pati pou m ale lakay mwen nan peyi mwen. 26Ban mwen madanm mwen yo ansanm ak timoun yo pou m' ka ale, paske se pou yo mwen t'ap sèvi ak ou. Ou konnen tout kantite sèvis mwen rann ou. 27Laban reponn li: -Fè m' plezi sa a: mwen rekonèt se poutèt ou Seyè a beni m' tout beni sa a. 28Di m' sa pou m' peye ou, m'a ba ou li. 29Jakòb di l': -Ou konnen jan mwen sèvi avè ou. Ou wè ki jan bann bèt ou yo peple depi yo nan men m'. 30Ti sa ou te genyen anvan m' te vini an tounen yon kantite depi mwen mete pye m' isit la. Akòz mwen Seyè a pa manke beni ou. Alekile, li lè pou m' al travay pou tèt pa mwen. 31Laban di l': -Kisa pou m' ba ou? Jakòb reponn li: -Ou pa bezwen peye m' pou sa. Men si ou dakò avèk sa mwen pral di ou la, m'a rete ankò pou okipe bèt ou yo. 32Jòdi a, mwen pral pwonmennen mache nan mitan tout bèt ou yo. M'ap pran tout ti mouton nwa, ak tout ti kabrit ki takte osinon pentle yo, m'ap mete yo apa. Se sa ase w'a ban mwen pou sèvis mwen. 33Lè w'a vin wè sa ou dakò ban mwen an, w'a konnen si m' te fè vis, wi ou non. Lè w'a vin kontwole sa ki pou mwen yo, si mwen gen yon mouton ki pa nwa, osinon yon kabrit ki pa takte ou ki pa pentle, ou mèt konnen se vòlè mwen vòlè ou. 34Laban reponn li: -Dakò. n'a fè l' jan ou di l' la. 35Men menm jou a, Laban wete tout bouk kabrit ki te gen pwal takte osinon ki te gen re sou tout kò yo, ak tout fenmèl kabrit ki te gen pwal takte osinon pentle, ou ankò ki te gen tach blan sou yo. Li wete tout mouton nwa yo, li pran tout bèt sa yo, li renmèt yo bay pitit gason l' yo. 36Apre sa, li pati byen lwen Jakòb avèk bann bèt li yo, li mache pandan twa jou epi li rete. Jakòb menm te pran swen rès mouton ak kabrit Laban yo. 37Jakòb koupe kèk branch vèt nan pye sikren, pye zanmann ak pye bwadòm, li wete kèk lèz nan kòs yo. Konsa branch yo te vin gen bann vèt, bann blan sou tout kò yo. 38Li pran yo, li mete yo tout kote yo bay bèt yo bwè dlo. Li te ranje branch bwa yo la, paske se lè bèt yo vin bwè dlo yo kwaze. 39Konsa, lè bèt yo kwaze devan branch bwa de koulè yo, yo fè pitit takte, pitit pentle, osinon ak re sou tout kò yo. 40Jakòb separe mouton yo, li pran tout mouton ki te takte osinon ki te nwa nan mouton Laban yo, li mete yo apa. Se konsa, li te vin gen yon bann bèt apa ki pa t' mele ak bèt Laban yo. 41Lè bèt ki gra yo ap kwaze, Jakòb mete branch yo devan je yo kote y'ap bwè a. Konsa, yo kwaze devan branch yo. 42Men, li pa mete branch yo lè se bèt mèg yo k'ap kwaze. Se konsa, bèt mèg yo vin pou Laban, epi bèt gra yo vin pou Jakòb. 43Jakòb vin rich anpil, Li te gen anpil bèt. Kanta pou sèvant, domestik, chamo ak bourik, li pa t' manke sa.
Jenèz 31
1Jakòb vin konnen jan pitit gason Laban yo t'ap di: -Jakòb fin pran tou sa ki te pou papa nou. Se byen papa nou li fin ranmase kifè li rich konsa. 2Jakòb vin wè tout Laban pa t' ba li menm karaktè li te konn ba li anvan an. 3Lè sa a, Seyè a di l': -Tounen nan peyi kote ou te fèt la, al jwenn fanmi ou. M'ap toujou la avè ou. 4Se konsa Jakòb fè chache Rachèl ak Leya. Li voye di yo rive kote l' nan savann kote bèt li yo ye a. 5Li di yo: -Mwen wè karaktè papa nou pa menm jan avè m' ankò. Li chanje anpil, men Bondye papa m' lan toujou avè m'. 6Nou tout de nou konnen jan mwen te sèvi ak papa nou ak tout kouraj mwen. 7Men li menm, li toujou ap twonpe mwen. Li chanje lide dis fwa lè lè a rive pou li peye m'. Men, Bondye pa janm kite l' fè m' anyen. 8Lè Laban di: ou mèt pran tout kabrit takte yo pou ou, tout bann bèt yo tonbe fè pitit takte. Lè li di: m'ap ba ou tout kabrit ki gen re sou tout kò yo, tout bann bèt yo tonbe fè pitit ak re sou tout kò yo. 9Se Bondye menm ki pran bann bèt papa nou yo, li ban mwen yo. 10Lè bèt yo mande kwaze, mwen fè yon rèv, mwen wè tout bouk ki t'ap kwaze yo se bouk ki takte, ki pentle ak sa ki gen re sou tout kò yo. 11Zanj Bondye a pale avè m' nan rèv la, li di m': Jakòb. Mwen reponn li: Men mwen wi. 12Li di m' ankò: Leve je ou gade: tout bouk k'ap vole fenmèl yo se bouk ki takte ak sa ki gen re sou tout kò yo. Se mwen menm k'ap fè sa konsa, paske mwen wè tout sa Laban ap fè ou. 13Mwen se Bondye ki te parèt devan ou lè ou te Betèl, kote ou te mete gwo wòch la apa pou mwen an. Ou chonje, lè sa a, ou te fè yon pwomès ban mwen. Koulye a, leve, kite peyi sa a. Tounen nan peyi kote ou te fèt la. 14Rachèl ak Leya reponn Jakòb: -Nou pa gen anyen ankò pou n' eritye nan men papa nou. 15Eske li pa konsidere nou tankou etranje? Li vann nou. Koulye a, li fin manje tout lajan yo te ba li pou nou an. 16Tout richès Bondye wete nan men papa nou an, se pou nou ansanm ak pitit nou yo. Koulye a, se pou ou fè tout sa Bondye di ou fè. 17Lè sa a, Jakòb leve, li mete pitit li yo ansanm ak madanm li yo sou chamo. 18Li pran tout bèt li yo ansanm ak tout sa li te rive genyen pandan li te Mezopotami an, li mennen yo ale. Li pati, li al jwenn papa l', Izarak, nan peyi Kanaran. 19Lè sa a, Laban t al taye lenn mouton l' yo. Pandan li pa t' la, Rachèl vòlè ti zidòl kay papa l' yo. 20Se konsa Jakòb twonpe Laban, moun lavil Aram lan, li pati san l' pa di l' sa. 21Li pran tout sa li te genyen, li mete deyò, li ale, li travèse larivyè Lefrat, li pran chemen pou li al sou mòn Galarad. 22Twa jou apre, Laban pran nouvèl Jakòb te pati. 23Msye pran moun pa li yo avè l', li pati dèyè Jakòb. Apre sèt jou, li jwenn li sou mòn Galarad. 24Men, pandan lannwit, Bondye parèt devan Laban, moun lavil Aram lan, nan yon rèv, li di l': -Piga ou di Jakòb anyen ni an byen, ni an mal. 25Se konsa, Laban jwenn Jakòb ki te moute tant li sou mòn lan. Laban te moute tant li tout sou mòn Galarad pou li menm ansanm ak moun pa l' yo. 26Laban di Jakòb: -Kisa ou fè konsa? Ou twonpe m', ou pran pitit fi mwen yo, ou mennen yo ale tankou prizonye ou fè nan lagè. 27Poukisa ou twonpe m', ou leve ou pati an kachèt san ou pa avèti m'? Si ou te di m' sa, nou ta fè fèt, nou ta chante, nou ta bat tanbou, nou ta jwe gita anvan nou voye ou ale. 28Ou pa menm kite m' bo pitit pitit mwen yo ak pitit fi m' yo. Ou aji tankou moun fou, monchè! 29Mwen gen kont pouvwa anba men m' pou m' ta regle ou. Men yè swa, pandan lannwit lan Bondye papa ou la di m': Piga ou di Jakòb anyen ni an byen, ni an mal. 30Mwen konnen ou pati paske se pa ti anvi ou pa te anvi tounen lakay papa ou. Men, sa ou te bezwen vòlè ti zidòl kay mwen yo fè? 31Jakòb reponn Laban, li di l': -Mwen te pè, paske mwen te kwè ou ta ka reprann pitit fi ou yo nan menm. 32Men, kanta pou ti zidòl kay ou yo, si ou jwenn yo nan men yon moun isit la, se pou moun sa a mouri. Men, mwen pran tout moun sa yo pou temwen, si ou jwenn yon bagay lakay mwen ki pou ou, pran l' pote l' ale. Jakòb pa t' konnen Rachèl te vòlè ti zidòl kay yo. 33Laban antre anba tant Jakòb la, li chache, li ale anba tant Leya a, apre sa anba tant de sèvant yo, li pa jwenn anyen. Li soti anba tant Leya a, li antre anba tant Rachèl. la. 34Rachèl menm te pran ti zidòl kay yo, li te mete yo anba aparèy chamo a, epi li chita sou yo. Laban menm chache tout anba tant lan, li pa jwenn anyen. 35Rachèl di papa l' konsa: -Si ou wè mwen pa ka leve kanpe devan ou, ou pa bezwen fache non. Se lalen mwen mwen genyen. Se konsa Laban fouye toupatou, li pa jwenn ti zidòl kay li yo. 36Lè sa a, Jakòb move sou Laban. Li pete yon kabouyay ak li, li di l': -Ki krim mwen fè? Kisa m' fè ki mal pou w'ap pousib mwen konsa? 37Ou fin fouye tout zafè m' yo. Kisa ou jwenn ki pou ou? Mete l' la devan moun pa ou yo ak moun pa m' yo, pou yo ka di ki moun ki gen rezon! 38Sa fè ventan depi m avè ou. Mouton ou yo ak kabrit ou yo pa janm manke fè pitit. Mwen pa janm manje yon ti bouk nan bèt ou yo. 39Lè bèt nan bwa touye yon mouton, mwen pa janm pote l' ba ou. Mwen te pran pèt la sou kont mwen. Ou te rann mwen reskonsab tout bèt yo vòlè, kit se lannwit, kit se lajounen. 40Lajounen, chalè te fini avè m'. Lannwit, se te fredi, mwen pa t' kapab dòmi. 41Se konsa sa te ye pandan tout ventan mwen pase lakay ou yo. Mwen travay pandan katòzan pou de pitit fi ou yo. Apre sa, mwen fè sizan ankò ap travay pou bann bèt ou yo. Atousa, ou jwenn mwayen chanje pawòl dis fwa lè lè a rive pou ou peye m'. 42Si Bondye papa m' lan, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak respekte a, pa t' la avèk mwen, koulye a ou ta voye m' ale yon men devan yon men dèyè. Men Bondye wè tout traka mwen bay tèt mwen, li wè travay mwen fè, se konsa yè swa li rann jijman li. 43Laban reponn Jakòb: -Fi sa yo se pitit mwen yo ye. Timoun sa yo, se pa m' yo ye. Bann bèt sa yo se pou mwen yo ye. tout sa ou wè la a, se pou mwen yo ye. Bon, kisa m' ka fè koulye a pou pitit fi mwen yo ak pou pitit pitit mwen yo? 44Vini non. Annou pase yon kontra, mwen menm avè ou. Ann kite yon mak ki va sèvi pou fè nou toujou chonje kontra a. 45Jakòb pran yon gwo wòch, li plante l' nan tè a, li fè l' rete kanpe tankou yon bòn. 46Epi, li di moun li yo: -Ranmase wòch. Mesye yo ranmase wòch, yo anpile yo fè yon gwo pil. Apre sa, yo chita bò pil wòch la, yo manje. 47Laban rele pil wòch la Jega Saadouta nan lang pa l', men Jakòb te rele l' nan lang pa l' Galèd. 48Laban di: -Pil wòch sa a va sèvi pou fè nou tout de toujou chonje kontra a. Se poutèt sa yo rele kote sa a Galèd. 49Laban di ankò: -Se pou Bondye voye je sou nou tout de lè nou fin separe. Se konsa yo rele kote sa a Mispa. 50Laban pale ankò, li di: -Si ou maltrete pitit fi mwen yo, si ou pran lòt fanm ankò sou yo, konnen ou p'ap annafè ak yon moun tankou nou tande. Atansyon, men se ak Bondye menm, ki temwen sa nou sot fè a, w'ap annafè. 51Laban di Jakòb ankò: -Men pil wòch mwen mete pou separe nou an. Men bòn ou plante a la. 52Ni pil wòch yo ni bòn lan ap sèvi yon mak. Mwen pa gen dwa depase l' pou m' vin atake ou, ni ou pa gen dwa depase l' pou ou vin atake m'. 53Se pou Bondye Abraram lan, Bondye Nakò a, Bondye papa yo a, mete rezon nan mitan nou. Lè sa a, Jakòb sèmante nan non Bondye Izarak, papa l' respekte a. 54Apre sa, li touye yon bèt, li ofri l' bay Bondye sou mòn lan, epi li envite moun pa l' yo vin manje. Lè yo fin manje, yo pase nwit la sou mòn lan. 55Nan denmen maten byen bonè, Laban leve, li bo pitit pitit li yo ak pitit fi li yo. Li beni yo. Apre sa, li pati, li tounen lakay li.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
