Chant 3

Lè zeprèv vini nou mande pouki

Réveillons-Nous · Créole

Kouplè 1

Lè zeprèv vini nou mande pouki Nou bezwen soufri ak kè tris Poutan lèzòt yo ki antoure nou Ape rejwi yo menm nan peche.

Kè

Pi devan n a wè Jezi nan glwa Li Pi devan n ape konprann pouki Bon kouraj, frè mwen, Fè kè ou kontan, Paske yon jou n a konpran n pouki.

Kouplè 2

Souvan nou mande Pouki nou bezwen Pase nan wout sa a pou n swiv Jezi Pandan lèzòt yo ap viv byen alèz Ann bat pou chèche nanm ki pèdi.

Kouplè 3

Rete fidèl jiska lamò, frè mwen Senyè nou, Jezi egzòte nou. Nou va kite tout traka nou pase Lè nou antre nan syèl la yon jou.

Kouplè 4

Yon jou n ap la ak Jezi Sovè nou Nan bèl kay nou lè Li va vini. Anlè n ap kontre byenneme nou yo, Lè sa a n ape byen konprann pouki. (Forther Along - Old FAshioned Revival Hour No. 41) Copyright 1950 by Singspiration, Inc. Trans 1969 by Singspiration, Inc. All rights reserved. Used by permission.

Retour aux chants