Chant 2

Sa sa fè si wout la move?

Réveillons-Nous · Créole

Kouplè 1

Sa sa fè si wout la move? Menm si gen move pa? Li konnen byen tou sa m ka fè, Papa m ranje l konsa.

Kè

M ap chante nan solèy, nan fènwa, Nenpòt sa k rive m a kontan, Fò m chante, mwen pa kapab rete, Papa m ranje l konsa.

Kouplè 2

Sikonstans yo kapab chanje, Sa pa fè mwen anyen, Depi se konsa li chwazi, Plan Papa m bon pou mwen.

Kouplè 3

Li te dejà pase wout sa a, M ap swiv Li pazapa, Mwen gen konfyans Jezi Senyè m, Ap mennen m nan syèl la.

Kouplè 4

Sèlman limyè ak rejwisans, Ap tann mwen alafen, Donk mwen pa pè yon ti soufrans, Papa m ranje li byen. (Favorites 5 - No.5) (My Father Planned it all Song Everybody Lovers No 3, No 32) Copyright 1959 by singspiration, Inc. Trans. 1969 by singspiration, Inc. All right reserved. Used by permission. 02 RNC / P 333, 81 MJC / P 241, 39 HCRLC / P 259

Retour aux chants