Kouplè 1
Se pa yon chemen tankou gran ri Ki plen avèk gwo magazen E kote tout machine pase, E ou jwenn tout byen materyèl.
Kè
Nou menm nou jwenn Yon vrè chemen pou n al nan syèl (2 fwa).
Kouplè 2
Se pa yon chemen tankou channmas, Kote tout moun al pran bon van, Ki gen frechè, ki gen lonbraj, E kit gen jaden ak bèl flè.
Kouplè 3
Mande mwen ki chemen li ye, E m va di ou se yon ti chemen; Yon ti chemen etwat anpil Kote tout moun pa kapab vini.
Kouplè 4
Se yon chemen trè danjere, Ki gen falèz, ki gen danje E ki gen toutan, tout lajounen, Plen maladi ak pèsekisyon
Kouplè 5
Ou pa bezwen pè, ou mèt vini Si ou vini, ou p ape sèl; Wa p jwenn repo, lapè, lajwa Avèk bone isiba.
