Kouplè 1
Kòm Bib la menm te di N ap viv nan dènye tan an; Antekris yo deja, toupatou nan lemonn Ou menm ki te avèti, kenbe Bib ou fò Le a deja rive, Sovè a pral parèt.
Kè
Ou menm pechè, vini jwenn Jezi Fè you retou nan Jezikri; Li si fidèl, l a sove ou.
Kouplè 2
Matye 24 pale: lagè gen pou rive Avek tout katastwòf ki va rive toupatou. Vrèman se sa nou wè, sou late pa gen pè Se lagè ak soufrans, traka ak lanmò.
Kouplè 3
Patou sou latè sa a pa gen senserite Se manti ak kout lang; krim, adiltè, lanmò Bib la te di tou sa; e y ape fèt chak jou Bondye wete lapè ki nan lemonn.
Kouplè 4
Gen anpil jèn gason avek anpil jèn fi Y ap pwofite tan an, Y ap rejwi nan peche Si yo te gen bon sans, yo ta vin jwenn Jezi Pa gen anyen k serye nan vi sou tè sa a.
