Kouplè 1
Lemonn se pa lakay mwen, Nan syèl map prale; Trezò mwen ak kè mwen, Anwo yo tout fikse. Mwen tande zanj yo k ap Rele mwen anle la, E mwen pa ka santi m Twò alèz isiba.
Kè
Jezi, ou konnen Ou se sèl zanmi mwen, Si m pa te gen espwa syèl, O Senyè, sa m ta fè? Mwen tande zanj yo K ap rele mwen anle la, E mwen pa ka santi m Twò alèz isiba.
Kouplè 2
Mwen konnen mwen pa bon, Mwen fè anpil pechè, Men mwen gen tout espwa Paske Kris se Sovè m; Se li menm ki te mouri Sou bwa Kalvè a E li te sove nanm mwen pou letènite.
Kouplè 3
Mwen gen kèk byeneme Ki ale nan syèl dejà; Yo nan bra Jezikri, E y ape tann mwen la. Mwen vle kontinye, Lite kon yon bon sòlda Men Jezi, lè ou rele m, M a vini avèk jwa. (This World is not home) (Youth sings No.111)
