Chant 44

Kè mwen tèlman kontan Tas mwen debòde

Melodies Joyeuses · Créole

Kouplè 1

Kè mwen tèlman kontan Tas mwen debòde Ala kontan m kontan Mwen genyen lajwa; Ki vini nan kè mwen Depi mwen sove, Paske m te fèt yon lòt fwa

Kè

M a chante, rakonte, Tout kote m ale; Mwen vle tout moun tande, Mwen vle yo konnen, Jwa sa a ki nan kè mwen Ki fè l debòde, Paske m te fèt yon lòt fwa.

Kouplè 2

Mwen renmen sovè mwen, Lespri sen ap di m Ke Jezi te sove m, Li lave tout vi m. M ap rejwi, m ap viv nan Jezi ki zanmi m. Ka mwen te fet de nouvo.

Kouplè 3

Mwen renmen Sovè mwen, Travay li m ap fè; Mwen renmen pèp Bondye, E moun ki pechè; Mwen renmen kounye a swiv chemen Kalvè, PAske mwen te fèt lòt fwa. (I Have Been Born Again) (Victory Songs, No.223)

Retour aux chants