Chant 43

Tout lavi mwen, mwen t ap soufri

Melodies Joyeuses · Créole

Kouplè 1

Tout lavi mwen, mwen t ap soufri, M t ap chèche yon dlo pou m bwè; Ki t ap soulaje m pou toutan, Swaf la ki te plen kè mwen.

Kè

Alelouya mwen jwenn Jezi Lontan nanm mwen te chèche; Jezi satisfè tout kè mwen, Se ak san Li mwen sove.

Kouplè 2

Manje lemonn te plen vant mwen Men mwen pa t gen kè poze Mwen t ap chèche sa ki pi bon Nanm mwen te toujou grangou.

Kouplè 3

Mwen te pòv, lajan m t ap chèche Yon bagay pou satisfè m, Men tou sa mwen t ap rasanble Pat fè anyen pou nanm mwen.

Kouplè 4

Yon sous dlo ki toujou koule, Pen lavi si bon, san pri, E richès ki satisfè mwen. Mwen jwenn tou sa nan Jezi. (Satisfied)

Retour aux chants