Chant 45

Jezi sove m e Li toujou renmen m

Melodies Joyeuses · Créole

Kouplè 1

Jezi sove m e Li toujou renmen m; Nan pwen anyen ki ka separe nou. Li te mouri pou rachte nanm mwen; Kounye a mwen pou Li.

Kè

Kounye a mwen pou Jezi, Jezi pou mwen menm tou; Pa sèlman pou lavi sa a, Li kenbe m pou toujou.

Kouplè 2

Mwen menm te pèdi se akòz peche m; Jezi desann sou latè pou ede m; Li wete mwen nan wont ka mizè; Kounye a mwen pou Li.

Kouplè 3

Lajwa ape debòde nan kè mwen; Kris, Pitit Bondye, se Redanmtè mwen, Pa mwayen san Li mwen libere; Kounye a mwen pou Li. (Now I belong to Jesus - Singspiration No.4, No.84) Copyright 1943 in "Word of Life Melodies" Norman Clayton Pub. Co., Owner. Used by permission.

Retour aux chants