Kouplè 1
Bondye, Bondye, je nou sou ou Nan ou nou jwenn fòs ak sekou Se ou menm ki tout pwoteksyon nou Se ou menm k ape veye sou nou Nou se pitit Bondye Menm si nou boulvèse Nou konnen ak Bondye Nou asire menm si gen danje
Kè
Bondye, w ape gide nou Bondye ou se defans nou Ou leven byen wo Devan tout lènmi n yo Bondye je n fikse sou ou Bondye pa gen tankou ou Ou leve n byen wo Devan tout lènmi n yo
Kouplè 2
Bondye san ou nou pa anyen Ou pa renmen lè n ap plenyen Wi konfyans nou se nan ou li ye Se ou k toujou delivre nou Lè se ou k ap aji Kè nou ape souri Nou vle toujou chante Ou merite tout glwa, O Bondye!
