Kouplè 1
Se Wayòm Bondye pou nou ape chèche Se li pou nou mete an premye Nou dwe viv jan Bondye mande Mete konfyasn nan li Kite li dirije lavi nou (5 liy 2 fwa) An nou pa chaje tèt nou Pou manje nou vle manje Menm pou sa nou gen bezwen Pou nou abiye An nou pa chaje tèt nou Pou kote nou pral rete Kite Bondye deside pou nou
Kouplè 2
Chak jou nou bezwen reyalize Gow richès pa kapab sove nou N ap mete Bondye an premye Nou ba li tout kè nou Nou remèt Bondye tout lavi nou (5 liy 2 fwa) Lè tantasyon yo vini An nou fè Bondye plezi Wi soumèt nou devan li, Se li nou chwazi Se pou li nou egziste Mande li tout sa nou vle Bondye mèt fè sa li vle pou nou
Kouplè 3
Tout moun ki vle mache ak Bondye Pa ka sèvi de mèt an menm tan Chwazi Bondye oubyen Satan Chwazi Bondye avan, Ou mèt kontan ou chwazi lavi (5 liy 2 fwa). Se Bondye nou vle sèvi Se Bondye n ap glorifye Li konnen tout sa nou vle Se li nou chwazi Se Bondye k ap gouvène Kote li nou vle rete Demen nou va rekòlte gras li
