Chant 43

Ala gwo mèvèy nou pral fè

Les Cantiques de Beraca · Créole

Kouplè 1

Ala gwo mèvèy nou pral fè Lè Senyè a bò kote nou Anyen pa kapab fè nou pè Lè Senyè a konbat pou nou Okenn lènmi p ap reziste Devan pouvwa pisans Bondye

Kè

Kite Bondye dirije nou Nan tout konba nan lavi sa a Menm si pwoblèm vle fè nou fou Avèk li n ap gen laviktwa

Kouplè 2

Maladi ka frape kò nou N ap rete fèm nan Senyè a Satan te mèt vin tante nou Nou deja genyen batay la Lè Senyè a pran defans nou Lènmi yo kouri devan nou

Kouplè 3

Okenn traka p ap ebranle n Lè nou sou chemen lavi sa a Paske Bondye ap dirije n Depi nou rete pre lakwa Lènmi yo te mèt atake Nan Bondye viktwa n asire

Retour aux chants