Kouplè 1
Kèk fwa m ap soufri M sou wout pou m mouri Mwen ta menm vle di Bondye bliye mwen Tout bagay vin dwòl Bondye pran kontwòl Wi li di mwen: gras mwen sifi
Kè
Nan soufrans mwen yo Nan feblès mwen yo o Gras li sifi pou mwen Bondye se lavi Wi li se lapè, è Gras li sifi pou mwen (2 fwa)
Kouplè 2
Lè mwen pa kapab Mwen santi m about Si mwen ta reyalize m pa koupab Mwen priye san dout Sa m vle pa rive Bondye reponn: gras mwen sifi
