Kouplè 1
Lè okenn moun pa pran ka m Men yo pito pale m mal Lè moun ou kwè pa pran tan Pou di gade m vle ede w Lè chay yo twò lou pou mwen M santi m pa ta viv ankò Mwen santi yon bra nan kou mwen Ak yon vwa byen dous ki di:
Kè
Apuiye sou mwen Lè w pa gen fòs pou w kanpe Lè pwoblèm lavi mal mennen w Mèt lage w nèt sou mwen Apuiye w sou mwen Lè w santi zòt blese kè w Lè tout moun lage w, mwen rete avè w W a konprann mwen se tout sa w bezwen
Kouplè 2
Lè wout la tanmen difisil Lè chimen an glise M santi m pa ka kontinye Tou de janm mwen yo vin fèb Mwen leve je m pou gade Yon moun lonje men ban mwen Mwen wè se sovè m Jezikri Vwa dous li a repete
