Chant 25

Jezi, tanpri pa kite nou mouri

Les Cantiques de Beraca · Créole

Kouplè 1

Jezi ak disip yo te nan yon kannòt Yo t ap travèse lak la Menm lè a yon gwo van te pran soufle Disip yo te pran rele Jezi, Jezi, tanpri pa kite nou mouri Jezi, Jezi, sove nou souple n ap peri Jezi leve, pale ak van ak lanmè La menm, tout bagay ranje Tout vag lanmè te poze Paske Jezi te pale Pa gen pwoblèm ki ka kanpe devan l Paske li se kle tout pòt ki bloke Li gen solisyon pwoblèm pa w la Alò aji fwa w epi sèlman kriye Jezi, Jezi, Jezi, Jezi, Jezi, Jezi Jezi, Jezi, Jezi, Jezi

Retour aux chants