Kè
Gwo pwoblèm yo P ap fè nou pè Avèk lafwa N ap ranvèse yo
Kouplè 1
Golyat ak pèp Filisten Te leve yon bon maten Y ap bay pèp Bondye defi Poutan se yo k pral pèdi Bondye ki gen tout pouvwa Pa renmen moun di l pinga Golyat te peye byen chè Awogans li devan Bondye
Kouplè 2
Pouki ou dekouraje Pouki ou dezespere Lè w ap gade gwo traka Ki sòti pou fè w lalwa Yon ti wòch touye Golyat Yon ti baton fann lanmè Met konfyans ou nan Bondye Ki ka louvri pòt ki fèmen
