Kè
Mwen egzalte non w Senyè Jezi Ou te wete m nan baton peche Ou pa t vle lènmi mwen yo rejwi Ou te tande m lè m kriye (2 fwa)
Kouplè 1
Mwen te nan yon gran detrès Mwen te gen anpil vye mès Men Bondye genyen sajès Li te fè mwen yon pwomès Lavi ou mèt nan sechrès Si w konn pou ki w nan basès Mande pitye ak tandrès Mwen va ba ou yon fòtrès
Kouplè 2
Mwen kriye nan pye Bondye Nan fènwa kote m te ye Men Bondye ou te kache Lè sa a ke mwen te twouble Mwen louvri gòj mwen rele: Tanpri mèt gen pitye Mwen pa an sekirite Ou fè nanm mwen soulaje
