Kouplè 1
Gade ki jan nanm mwen dezole Poutan Bondye vle m viv nan lajwa Gade kouman tout kò mwen pran tranble Paske peche fè je mwen wè tou nwa
Kè
Mwen deside viv pou Bondy kote m pase (2 fwa) Se li menm mwen vle suiv kote m ale Menm nan fènwa gwo van ak tè glise Ak gras Bondye m a va lite mwen p ap tonbe
Kouplè 2
Moun ki vle suiv Jezi dwe yon modèl POu enfliyanse tout kè rebèl Si gen peche ki vle tenyen limyè l Lè l konfese yo visaj li vin bèl
Kouplè 3
Jezi mande pou n lite ak peche Sa li vle se obeyisans nou Si nan batay la nou rive tonbe Sonje l pa vle nou rete nan labou
