Kouplè 1
Mwen mande w padon papa Mwen konpran m te byen kanpe Mwen pa kwè m ta janm tonbe Tèlman m te vle fè w plezi Jodi a m ap kalkile Mwen wè ki bò fot la ye Poutèt sa m ap mande ou padon Papa
Kè
Padon, padon Mwen pat li Bib mwen Padon, padon Mwen pat priye kont Gras, souple gras Mwen te jwe tròp Mèsi Papa Ou fè m wè sa
Kouplè 2
Gade dòmi pa nan je m M ap soufri nan lespri mwen Peche dous tankou siwo Kan w fini l anmè kou fyèl Si w gentan tonbe zanmi Pran ti tan pou w reflechi Degaje w mande papa Bondye padon
