Kouplè 1
Bondye voye Kris pitit li sou latè Li plen konpasyon ak pisans Li kapab sove w (2 fwa) San Jezi koule sou lakwa zanmi mwen Pou delivre tout moun ki kwè Yo bezwen sove (2 fwa)
Kouplè 2
Vi ou te mèt sal ak peche zanmi mwen Depi w deside jwen Jezi Lavi w ap chanje (2 fwa) Pa kite twò ta bare ou zanmi mwen Lage w bay Jezi jodi a Pou w kapab sove (2 fwa)
