Kouplè 1
Kè mwen boulvèse anba kòlè Bondye, Anvi lemonn trennen m Nan bafon peche Senyè, pou yon pòv mizerab gen pitye, Touswit Li pote m sekou kote m te ye.
Kè
Li retire m nan labou peche, Li mete pye m sou tè fèm se vre, Li fè kè m rejwi e m ap chante Yon chan, Bondye, Alelouya!
Kouplè 2
Li te mete m sou tè fè m bò kote Li Pye mwen vin asire nan chemin lavi, Nanpwen danje ankò, Li kenbe m debou, M ap mache pazapa avèk Li toujou.
Kouplè 3
Li mete yon chan louwanj anndan kè mwen Lannwit kou lajounen se Li m ap chante Kè mwen ap debòde, nanm mwen afranchi, Tout glwa pou Redanmtè, Senyè Jezikri.
Kouplè 4
M ap chante gran mizerikòd Li pou mwen M ap felisite L jouk tan tout moun konnen Nanpwen lòt sovè pou lèzòm jodi a, Vin chèche sekou Li avan li twò ta.
