Chant 17

Kote konbit yo ki pou rekòlte

La Voix du Réveil · Créole

Kouplè 1

Kote konbit yo ki pou rekòlte Gran mwason pou nanm Nan jaden peche? Fòk nou byen pare ak laverite Ranmase rekòt pou letènite.

Kè

Chèche travayè pou rekòlte, Gran mwason nanm ki Nan jaden peche? Kilè ka ede m Nan travay Bondye, Egzante nanm yo nan jijman dife?

Kouplè 2

Travay la pral rèd, l ap fè cho anpil, N a keyi nanm moun malgre gwo raje, Pa kite yon sèl, Paske tout pou Kris Tout efò nou fè sonje Kris fè plis.

Kouplè 3

Mwason an pare fòk nou rekòlte Travay la anpil, manke ouvriye. Yon jou n a regrèt si nou fè reta, Vini bay konkou ou Nan gran travay sa.

Kouplè 4

Annou mete tout men Senyè a vle sa, Nou pa fin konnen Valè yon sèl nanm, Yon jou mèt rekòt la va retounen, Li vle nou rejwi ak Li pou toutan. (Oh, Where are the Reapers) (Missonary Message in Song No 17)

Retour aux chants