Kouplè 1
Lè ou konte moun ki pou Jezi Konte m ladan, Nan moun ki konfye nan Pawòl Li, Konte m ladan.
Kè
Konte m pami pitit Ki pou Wa syèl la Konte m pami sèvitè k ap sèvi a, Konte m pami moun sove alelouya, Konte m ladan.
Kouplè 2
Lè ou konte moun ki nan lagras Konte m ladan, Sa yo an Kris ki genyen yon plas Konte m ladan.
Kouplè 3
Lè ou konte temwen yo pou Kris, Konte m ladan, Ki va genyen kouwòn lajistis, Konte m ladan.
