Chant 14

Nan Kris e nan Kris sèl n a jwenn vrè lavi

La Voix du Réveil · Créole

Kouplè 1

Nan Kris e nan Kris sèl n a jwenn vrè lavi Se gras a Li vye nat a mouri, Li rachte mwen nèt, kò, nanm, ak lespri mwen Se pa mwen k ap viv, men Kris viv nan mwen.

Kè

Abondans lavi, se sa m jwenn nan Li, Li transfòme mwen Pou m sèvi Li byen, San Li te rachte mwen; Li ban mwen Lespri Sen, Se nan Kris ki gen abondans lavi.

Kouplè 2

Sentespri Bondye konvenk mwen de peche m, Li fè m konfye nan pwomès Bondye tou Glwa apre glwa m ap transfòme pou m rive Sanble nèt avèk Jezi Senyè mwen.

Kouplè 3

Dlo ki nan sous lavi a ap debòde, E se li ki pote benediksyon. Se lavi an abondans L ap transpòte, Li bay lanmou, lajwa, lapè ak padon.

Retour aux chants