Chant 85

Li se yon Bondye damou

HC RL · Créole

Kouplè 1

Bondye damou! syèl la di li, Bèl zetwal manifeste li, Bondye damou! Nanm mwen chante li; Tout kolin repete glwa Li, Menm ravin chante istwa Li, Bondye damou! Ann chante pou li. Koute lè van an ap soufle Dousman nan pyebwa; Tande wosignol la pwononse, Alelouya! Eske w tande chan y ap chante? Kreyasyon ap manifeste, Bondye damou ! Se yon Bondye damou!

Kouplè 2

Bondye damou! Men bon nouvèl! Se mesaj ki pi esansyèl, Bondye damou! Bib la anonse Jezikri gran Kreyatè a Te vini kòm Redanmtè a, Nan plas nou Li aksepte soufri. Nan yon tribinal women yo kondane li, Yo te meprize gwo gras ak delivrans Bondye; Sou lakwa Li ba nou lavi, Pa lafwa nou aksepte Li, Bondye damou! Wi Bondye damou! (Favorites 5 - No. 29)

Retour aux chants