Kouplè 1
Senyè Bondye, mwen sezi nan prezans ou Lè m wè monn sa a Ke men Ou k te kreye l, Zetwal yo la, mwen tande loraj gwonde, Se pisans Ou tout linivè montre.
Kè
Nanm mwen chante non ou Bondye pisan: Ala ou gran ! Ala Ou gran! (2 fwa)
Kouplè 2
Lè mwen sonje, Bondye bay sèl Pitit Li Pou L vin mouri, se sa ki touche kè m Sou bwa Kalvè, Li pote tout fado mwen, San Li koule pou wete tout peche m.
Kouplè 3
Lè Kris parèt, zanj yo va admire Li L a pran m nan syèl nan rejwisans touttan; M a pwostène nan pye L pou adore Li, E pwoklame: Bondye, ala Ou gran! (Making Melody No.171)
