Kouplè 1
M pa merite pi piti nan favè Li Men Kris kite syèl la pou mwen Pawòl la tounen chè, Nan plas mwen Li mouri Sou bwa Kalvè abandone.
Kè
M pa merite li! Lang mwen deklare li; M pa merite li! Kè mwen konstate li; Kris twoke plas ak mwen pou ba m lavi; Sou bwa Kalvè abandone.
Kouplè 2
M pa merite pi piti nan favè Li, Men nan Jezikri mwen kanpe. Li te akòde mwen tout richès enfini, Ak Kris gen menm eritaj.
Kouplè 3
M pa merite pi piti nan favè Li Men L ale prepare yon plas, Kote na jwi prezans Redanmtè beni an, Pou touttan n a wè l fasafas. (Making Melody No.329)
