Kouplè 1
Koute yon nouvèl ke mwen genyen pou ou Li bon e li bèl mwen vle ba ou Li; Tout peche mwen fè yo, tout jwenn padon. Mwen jwenn delivrans nan Jezikri. Pou ou menm tou genyen chans toujou. Genyen yon bèl palè selès Ki rezève pou tout sa yo ki vle, Pwofite delivrans la.
Kouplè 2
Plezi lemonn yo pa enterese m Paske yo pa kapab satisfè m, Mwen pito lapè Jezi ban mwen an Li va dire pou letènite. Kounye a mwen kontan nan Jezi, Li toujou gide m, pawòl Li ede m Mache nan laverite.
Kouplè 3
Sa pa fè m anyen si yo joure mwen, Paske yo pa konnen bon Senyè m; Li te chache mwen e Li sove mwen Se lanmou Li ki andedan kè m. Sou tè a m a gen tout gwo eprèv, Men kè mwen jwenn repo nan Li; Sa va yon gran jwa pou rive laba Kote tout peche fini.
