Chant 9

Lè kè ou byen tris, O gade Jezi!

HC RL · Créole

Kouplè 1

Lè kè ou byen tris, O gade Jezi! Li se pi bon zanmi ki genyen; Ou va jwenn Jezi kanpe tou pre w Li va ranpli kè ou avèk jwa.

Kè

Kè w tris, di Jezi tout bagay, Ale kounye a pa mize pou di Li tout. Kè w tris, bay Jezi tout chay ou, Li va ranpli kè ou avèk jwa.

Kouplè 2

Jezi va ba ou jwa pou chak tristès, Bèl soulajman l a bay pou lapenn; Jezikri se toujou Gran Doktè a Lè ou chèche l wa jwenn Li san dout.

Kouplè 3

Jezi konnen tout traka ou genyen, Li vle geri nanm ou twouble; Esk ou va gen konfyans nan lanmou Li, Jezi sèl kap geri lespri ou.

Retour aux chants