Kouplè 1
Pi bon zanmi mwen genyen se Jezi, Li avèk mwen kote m pase; Se Li Menm kon-n rakonte afè m Li toujou ban m konsèy.
Kè
Pa gen lòt ki renmen m kon Li, Li konnen tou sa ki nan kè m; Pi bon zanmi mwen genyen se Jezi Pa gen yon lòt kon Li.
Kouplè 2
Lemon kwè yo ka separe m ak Kris, Yo pa kapab, yo pa kapab; Paske alyans la te fèt ak san li Yo pa kapab kraze l.
Kouplè 3
Mwen jwenn nan Jezi Tout sa m tap chèche Lapè, lajwa, e lasante. E Jezi ban mwen lavi etènèl Sa m pa t kapab achte.
Kouplè 4
Jezi bezwen lòt moun pou zanmi li L ap rele ou, l ap rele ou Si ou reponn li l a resevwa ou E li va sove ou.
