Kouplè 1
Mwen Te yon gran pechè lè m vini, Pou resevwa padon Bondye Kris tande priyè m, mwen reyalize, Li p ap janm abandone m.
Kè
Gen yon non nouvo ekri nan laglwa, Se non mwen, Wi se non mwen, E zanj yo ap rakonte istwa sa a Yon lòt pechè sove. Gen yon non nouvo ekri nan laglwa, Se non mwen, Wi, se non mwen. Peche m yo padone, Nan syèl la mwen prale pou letènite.
Kouplè 2
Devan lakwa Jezi, mwen bese, Paske se yon koupab mwen ye, Epi syèl la louvri, e mwen wè, Kote yo ekri non mwen.
