Chant 70

Tout Glwa pou Jezi

HC RL · Créole

Kouplè 1

Jezi te sove m, mèvèye Sovè. Jezi te sove m, mwen p ap ka di kijan, Sèl sa mwen konnen, Li peye dèt la, Lè Li te soufri, mouri sou Kalvè.

Kè

Tout glwa pou Jezi! mèvèye Sovè, Tout glwa pou Jezi! se Li m adore, Tout glwa pou Jezi! mèvèye Sovè, Tout glwa pou Jezi pou letènite!

Kouplè 2

Jezi va kondwi m, mèvèye Sovè Jezi va kondwi m, m pa konn ki kote, Men mwen va swiv Li, nan jwa ou tristès, Tout kote Li mennen m, m ava swiv li.

Kouplè 3

Jezi ap vini, mèvèye Sovè, Jezi ap vini, mwen pa konn kilè, Yon jou m a wè Li chita sou twòn Li, Li va kouwone mwen devan zanj yo. (Tabernacle Hymns No.291)

Retour aux chants