Kouplè 1
Mwen reve mwen tande twonpèt yo Ki anonse gran jou jijman an Mwen reve nasyon yo rasanble Pou yo jije devan twòn blan. Yon zanj tou klere kite twòn nan Li kanpe sou latè ak lamè. Li sèmante ak Men dwat sou syèl la Wi tan an pral sispann egziste.
Kè
Ala moun pral kriye, rele Lè koupab yo tande santans la Yo rele pou montay yo kache yo Yo kriyè, men se te twò ta. (2 fwa 2 liy)
Kouplè 2
Nonm rich la de men vid te parèt Tout lajan l gentan disparèt. Li pa t ka pote l nan jijman li Pou akite yon si gran dèt. Grannèg te la men enpòtans li Pa t konte lè lanmò mele Lè zanj la egzamine achiv li Non grannèg la pa t janm mansyone
Kouplè 3
Vèv yo te la ak òfelen yo Bondye tande lè yo kriye. P ap janm genyen tristès nan syèl la Tout dlo nan je va fin siye. Tafyatè te la ak banbòchè yo, Avèk tout moun ki t ap vann tafya Wangatè, volè ak adiltè yo Tout ansanm te desann nan lanfè.
Kouplè 4
Mesye moral rive nan jijman Men bon zèv moral li pa t sifi, Sa yo ki te krisifye Jezi Te pase pou moun moral tou Epi sa yo ki te konn ap di : Pita n a gentan sove wi Se poko lè pou nou pran Jezi. Potan yo jwenn tan pou mouri !
