Kouplè 1
Tout lavi mwen, mwen t ap soufri, M t ap chèche yon dlo pou m bwè; Ki t ap soulaje m pou toutan, Swaf la ki te plen kè mwen.
Kè
Alelouya ! mwen jwenn Jezi Lontan nanm mwen te chèche; Jezi satisfè tout kè mwen, Se ak san Li mwen sove.
Kouplè 2
Manje lemonn te plen vant mwen Men mwen pa t gen kè poze Mwen t ap chèche sa ki pi bon Nanm mwen te toujou grangou.
Kouplè 3
Mwen te pòv, lajan m t ap chèche Yon bagay pou satisfè m, Men tou sa mwen t ap rasanble Pat fè anyen pou nanm mwen.
Kouplè 4
Yon sous dlo ki toujou koule, Pen lavi si bon, san pri, E richès ki satisfè mwen. Mwen jwenn tou sa nan Jezi. (Satisfied)
