Chant 57

Fasafas lè m a wè Jezi

HC RL · Créole

Kouplè 1

Fasafas lè m a wè Jezi, M a kontanple bonte Li, Pou toujou m ava wè Jezi, Pou m toujou viv avèk Li.

Kè

Wi, nan syèl, nan tout laglwa Li, M ava wè Jezi yon jou, Lè toutbon m a nan prezans Li, M a louwe Li pou toujou.

Kouplè 2

Glwa Jezi pa ko revele, Gen yon vwal ki kouvri Li, Men lè vwal la va dechire, Nou va wè tout bonte Li.

Kouplè 3

Kè mwen va ranpli ak lajwa, Lè yon jou m ava wè Li, E lè la di mwen ak tandrès : Pou ou tou mwen te mouri. (Choice Hymns No.392)

Retour aux chants