Kouplè 1
Mwen gen yon refij lè gran van ap soufle Mwen genyen yon kote pou mwen kache, Se wòch etènèl ki pa janm fayi, Ak konfyans mwen byen asire.
Kè
Wòch la se Jezi, Senyè m ki te pann sou lakwa, L ap ban mwen pwoteksyon ak lajwa, Nan Li m a mete tout lafwa.
Kouplè 2
Si lemonn tante m avèk tout plezi li, Pou fè m kite wout Jezi trase a, Mwen chèche refij la kote m repoze, Epi tantasyon yo pase.
Kouplè 3
O pechè, vin jwenn mwen nan refij sa a, Gen plas toujou pou nenpòt moun ki vle, Si ou bouke, fatige ak peche ou yo, L a padone w e ba w lapè.
