Kouplè 1
Èske ou gentan kite swen papa ou, E ou regrèt ou egare lwen, Gen yon vwa dous Byen dous k ap mande pou ou: Pitit mwen, pitit mwen retounen.
Kè
Retounen (Pitit mwen) Retounen (Pitit mwen) O pitit! ou egare, Papa ou ap plede, Pitit mwen, retounen.
Kouplè 2
Eske ou san sekou nan loraj lavi, Bato ou prèt pou plonje anfen, Men, limyè Levanjil, antre nan kay ou, Pitit mwen, pitit mwen retounen.
Kouplè 3
Jodi a L ap plede avèk ou ankò, Avantaj lemonn pa vo anyen, Antre vit pa neglije yon vrè trezò Pitit mwen, pitit mwen, retounen.
