Kouplè 1
Chak pa mwen fè Sovè m ale devan mwen Ak men l li kondui mwen, nan bon chemen; Nan zorèy li mwen pale, m adore li; Nan lajwa m mache avèk li chak jou
Kè
Chak pa mwen fè, konnen Jezi va gide m Nan yon plenn pi wo, Li toujou mennen m Jouktan yon jou, mwen va fè dènye pa mwen Chak pa mwen fè, kondwi m pi pre syèl la.
Kouplè 2
Lè asirans mwen kòmanse fayi E devan m gen yon falèz infini Mwen vire je m, mwen gade bon Sovè mwen Li se fòs mwen, lè mwen mache avè L.
Kouplè 3
Mwen konfye m nan Kris, malgre sikonstans yo Nan Jezi gen lavi an abondans. L ape kenbe kle ya, louvri pòt la Pou Li mennen m nan peyi pwomès la.
