Chant 50

Mwen vle lavi m konte pou Jezi

HC RL · Créole

Kouplè 1

Pami lemonn k ap vwayaje San kalkile letènite; Men tout anbisyon mwen genyen: Mwen vle lavi m konte pou Jezi.

Kè

Mwen vle lavi m konte pou Jezi, Mwen vle lavi m konte pou Jezi, Nenpòt kote m ale, Se Jezi yo dwe wè, Mwen vle lavi m konte pou Jezi.

Kouplè 2

Mwen vle sèvi kòm yon flanbo E klere wout pou lèzòt yo, Jouk lè mwen rive nan tonbo mwen vle lavi m konte pou Jezi.

Kouplè 3

Mwen vle kache nan Jezikri E fè sèlman sa Li va di. E fè anpil moun konnen li, Mwen vle lavi m konte pou Jezi.

Kouplè 4

Lonè, lajan, mwen pa anvi, Mwen pito lapè de Jezi, Nan nenpòt vil, nenpòt peyi Mwen vle lavi m konte pou Jezi. (Colemans M ale Quartettes No.38)

Retour aux chants